Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 12 fevriye 2008
Trafik moun sou fwontyè a : Yon pwoblèm ki mande solisyon
Nòt pou laprès,12 fevriye 2008
Ane 2008 la kòmanse ak mouvman trafik moun pasipala sou fwontyè a, espesyalman nan depatman Lwès, Plato Santral ak Nòdès peyi a. Dapre chif ekip GARR ki sou teren an, ansanm ak Komite Dwa Moun ki manm Rezo Fwontalye Jano Siksè ranmase, se plis pase 5 mil moun boukonn travèse nan mwa janvye a.
Nan fwontyè Lwès, komite yo obsève, yon valè 296 moun ki pase nan mwa janvye 2008, ladan yo 5 fanm ak 6 timoun.
26 janvye 2008, yon ekip Garr, ansanm ak Komite Dwa Moun Boukanchat, zòn Forèdèpen, rankontre yon ventèn jenn gason ki fè pati yon gwoup 93 moun ki soti ozanviwon Jakmèl. Boukonn nan ranmase 1500 goud pa tèt. Moun sa yo te gen tan janbe fwontyè a, lavèy, men yo te sètoblije kase tèt tounen Ayiti, paske machin ki t ap vin ranmase yo sou tè dominiken pa t vini. Yo rete nan Boukanchat, yon lokalite nan komin Fonvèrèt pou rejanbe fwontyè a ankò.
Pa gen yon grenn polisye nan tout komin Fonvèrèt ki 7 fwa lajè komin Pòtoprens.
Nan Plato Santral, kantite Ayisyen komite dwa moun nan zòn nan obsève ki janbe fwontyè a, rive 5210. Gwoup moun sa yo soti nan divès lokalite nan Plato a, nan depatman Latibonit, nan Nò ak Nòdès ; yo janbe fwontyè a nan zòn Bòkbanik, Lòskakawòs, Karizal, Migèl. Nan zòn Tomasik, boukonn bay randevou chak vandredi kote yo chaje 5 pikòp ak 30 oswa 35 moun, sa ki bay ant 150 ak 175 Ayisyen –Ayisyèn boukonn ap travèse pa semèn.
Nan zòn Nòdès, trafik moun te mennen yon lanmò ak plizyè blese, lè yon kamyon ki t ap transpòte plis pase yon santèn Ayisyen te chavire apre militè dominiken te fin tire dèyè kamyon sa a nan lokalite Laras, Dajabon. Nan menm zòn nan, dapre chif nou resevwa nan men Solidarite Fwontalyè, samdi 12 janvye a gen 148 Ayisyen ki travèse fwontyè a san papye, te gen 14 timoun ladan yo.
Toujou nan mwa janvye a, dapre nouvèl ki rive jwenn Garr, nan yon rapò ki soti nan batey Sid yo nan Repiblik Dominikèn, se pa gwoup 40 jiska 100 moun, boukonn ap debake Ayisyen nan batey izin sik Barawona.
Devan sitiyasyon tèt chaje sa a, Garr ap mande otorite Leta yo pou yo pote yon repons prese prese pou kwape fenomèn sa a.
Komès moun sou fwontyè a dwe rantre nan kaye batay kont koripsyon gouvènman an ap pale a ; li dwe mete yon bout nan aktivite boukonn yo ki tounen machann esklav, nan gwo venteyinyèm syèk sa a.
Nan yon sèl vwayaj, boukonn yo reyalize plizyè santèn milye goud sou tèt yon bann moun ki ap chache lavi miyò, epi yo gen nan men yo pou yo achte kèk grenn reprezantan Leta yo ta kwaze sou wout yo.
N ap fè sonje peyi d Ayiti gen jefò pou li fè pou li soti, ane sa a, sou yon move lis peyi sou latè ki pa leve ti dwèt yo pou kwape trafik moun epi defann yon bann kretyen vivan ki tonbe nan pyèj trafikan epi akonpaye yo, lè yo sibi vyolans nan vwayaj anba chal.
Nan kòmansman ane 2008 la, kote Egzekitif la gen pou li voye bay Palman an yon lis akò ak konvansyon pou Ayiti ratifye, sa yo rele « meni lejislatif» la, Garr ap fè santi yon lòt fwa ankò nesesite pou Ayiti ratifye « Konvansyon kont kriminalite transnasyonal òganize » a ak 2 pwotokòl andiplis li yo ; epitou bay tribinal nan peyi a yon zouti legal, kidonk yon Lwa ki pini trafik moun epi ki prevwa akonpayman pou viktim yo.
Colette Lespinasse
Kowòdonatris Garr