Max Manigat
Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 10 fevriye 2008
Makyavèl, matchavèl, makyavelik, matchavelik, se mo ki kouran nan vokablilè laplipa Ayisyen. Sans li se : rize, diabolik, mètdam. Men plis mounn-yo k’ap anplwaye mo sa-a pa konnen ki mounn Makyavèl te ye. Sa ki pi save yo va di-w se li ki otè : Le Prince. Mande yo sa Le Prince-la ye ; plis nan yo va rete bèkèkè. Epoutan, liv sa-a se younn ki ganyen plis enfliyans nan afè lide politik-yo.
Ki moun Niccolo Machiaveli te ye ?
Makyavèl (1469-1527) te youn nèg politik, youn istoryen, youn filozòf italyen. Li te pase plizyè pòs politik ak diplomatik.
Il Principe - Prens-la
An 1513, Machyavèl ekri Prens-la ; men li pibliye an 1532. Li pran kòm modèl Seza Bòjya (César Borgia 1475-1507) youn prens italyen, pitit pap Aleksann VI ; frè Likrès Bòjya, ki te youn politisyen maton men san konsyans.
Prensip li devlope nan liv-la se kouman pou youn prens gouvènen yon peyi avèk severite pou li reyalize objektif politik-li. Bi prens-la se pa pou fè mounn renmen-l ni pou kreye meyè rejim ki posib-la ; se pou tabli youn ‹‹ nouvo lòd ki laplas ›› (moral, lib. layik) kote relijyon pa ganyen enfliyans politik. Se sa ki rele ‹‹rezon deta ››-a : youn jan pou li kapab mennen leta jouk pou li rive fendèfen nan yon alemye pou peyi a avèk tout sitwayen yo. Pou prens-la, mwayen pa enpòtan se gany ki konte.
Makyavelis
Se doktrin ki ta baze sou sa Makyavèl ekri. Se ta youn sistèm politik kote moral pa pran pye : ni byen ni mal pa antre nan kalkil politik. Yo toujou repete : Divalye se nèg ki te aplike makyavelis. Kidonk, anyen pa dwe rete-l : kraze, brize, tiye, manti, engratitid, vole lajan peyi-a, depi se pou-l rive rete opouvwa. Men, se pa sa Makyavèl te di.
Makyavelik
Se adjektif ki soti nan non Niccolo Mahiavelli nou rele Nikola Makyavèl. Li toujou ganyen youn sans negatif : atoufè, magouyè, rize.
Poukisa Enòk Franklen tradui Makyavèl ?
Nan youn atik Doktè Antoine Fritz Pierre pibliye nan Haïti Liberté Vol. 1, No. 25, 9-15 janvye 2008 : Les dernières nouvelles de Paris, li ekri :
‹‹ Zanmi-nou Francklin lè-l tradui Prens Makyavèl-la an kreyòl foure kò-l fon nan youn avanti entelektyèl kote li pa kapab rekile. Li deside karebare pou li fè karyè-li nan chemen kreyòl-la. Li konnen sa l’ap fè menmsi li dakò kreyòl-la poko ganyen yon gwoup lektè konsekan pou ankouraje avantirye sa-yo. Pou filozòf-nou-an, se pa kantite osnon enpòtans lektè-yo ki konte men voye lanng-nan monte enpi tou rantre youn Ayisyen nan sèk tradiksyon-an. ›› p. 8 (tradiksyon – adaptasyon)
Alen Sen-Viktò (Alain Saint-Victor), youn gran travayè nan ‹‹ jaden kreyòl››-la, majòjon Konbit Laval nan Monreyal, vini avèk opinyon sila :
‹‹ [Sa] montre jefò ak travay Franklin fè pou rive tradwi yon liv konsa. Se pa yon djòb fasil. Tradwi liv konkou Prens-la se yon travay enpòtan, men gen lòt toujou lan menm sans sa-a k’ap tann pou fèt. Lektè kreyolofòn-nou-yo merite li ak konprann lòt gwo liv ki make istwa politik ak filozofik. Fòk [nou] souliyen tou jefò Franklin ap fè pou pwodwi mo-konsèp filozofik an kreyòl. ››
Prens Makyavèl-la youn travay nesesè ?
Depi lontan Ayisyen kreyolofòn-nan ap tande mo makyavèl ak makyavelis-yo. Avèk liv Enòk Franklen-an li gan youn chans pou li bwè nan sous-la menm. Menmsi lekti youn liv syans politik pa fasil, li va pran tan-l – si li enterese toutbon vre – pou li avanse paj pa paj ; pou li egzaminen chak paragraf, chak chapit jouk yo antre nan san-l. Kipizèt, lè pasaj-la malouk, l’a kapab mande lamenfòt.
Youn liv konsa fèt pou li
M’ap ankouraje konpatriyòt-nou-yo ki patizan lanng kreyòl-la pou yo achte ‹‹ Prens la ››, yon dokiman konsekan ki mete younn nan pi gwo liv politik-yo nan men Ayisyen kreyolofòn-yo pou yo okouran sa tout mounn entwi konsidere tankou youn enfòmasyon endispansab pou tou sa ki vle reflechi sou diferan sistèm politik-yo.
....................
* Niccolo Machiavelli : Prens la. Tradiksyon Hénock Franklin. Paris, 2006, 241p.
....................
Ago : Plizyè mounn rele-m pou mande poukisa m’ap pèdi tan-m ekri sou de sije ki deja devlope nan tout ansiklopedi. Repons mwen : jou nou va ganyen ansiklopedi an kreyòl, pou pèp ki konn li lanng-ni-an ase, m’a sispann.