Español English French Kwéyol

SOS kont ensekirite nan Beladè (Plato Santral)

Gwoup k ap apiye rapatriye ak Refijye yo (Garr)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 8 fevriye 2008

Kòm enstitisyon k ap travay nan komin Bèladè, Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) lanse yon rèl bay otorite nan peyi a pou yo pran, prese prese, mezi ki nesesè pou frennen zak ensekirite k ap miltipliye nan komin nan, espesyalman nan vil Bèladè, epi ki lage popilasyon an nan kè sote.

Depi koumansman mwa desanm 2007 la, pase nan tout mwa janvye 2008 pou rive koumansman fevriye a, yo anrejistre nan Bèladè plizyè zak ensekirite tankou : kase kay moun nan nuit, kadejak sou minè, menas sou komèsan, gwo kout zam k ap tire lannuit.

Aksyon sa yo lakoz plizyè moun pèdi byen yo ak lajan komès yo. Chak swa, gen moun ki prefere janbe fwontyè a al domi Elyas Pina, tèlman yo pè pou lavi yo.

Operasyon ensekirite sa a te koumanse deja nan lane 2006, sou wout ki mennen nan vil Bèladè. Lè sa a, endividi ame te konn kenbe komèsan yo sou wout epi pran tout sa yo gen sou yo. Apre sa, mouvman dechèpiyaj la te fè yon kanpo epi popilasyon nan Bèladè te rale yon souf.

Men, depi mwa desann 2007 la, move zak yo rekomanse pou pi rèd, sa mete an danje tout mouvman biznis k ap fèt nan komin sa a.

N ap fè remake, Bèladè se yon vil sou fwontyè a kote anpil komès pase soti Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti. Chak lendi ak chak vandredi, se plizyè milye moun, ki soti toupatou, k ap fè alevini sou fwontyè a, pou al achte oswa vann machandiz.

Garr envite otorite nan Plato Santral yo ak otorite nan Pòtoprens tankou Lapolis, Lajistis, Ministè Enteryè, pou fè tou sa yo kapab pou pa kite ensekirite a gaye nan Bèladè.

Colette Lespinasse

Kowòdonatris