Español English French Kwéyol

Ayiti : Banbòch kanaval wi, men nou pap bliye lavichè a

Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), Mouvman Refleksyon ak Aksyon Popilè (MORAP), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Oganizasyon Popilè pou Edikasyon Popilè (CHANDEL), Collectif des Valeurs pour l’Intégration Socio Economique du pays (COVISEP), Asosyasyon Tèt Ansanm pou Devlopman Sapoti (ATADS) sou lavichè nan moman kanaval la

Kominike sa a vin jwenn AlterPresse 30 janvye 2007 la

Banbòch kanaval ane 2008 la rive nan yon moman kote mas popilè yo ap monte yon masuife anba pwoblèm lavichè a. Pri tout pwodui ak sèvis premye nesesite yo ap grenpe san rete. Alòske, otorite yo pa janm deside fè anyen pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an sitou, mas moun ki pi pòv yo.

Pouvwa anplas la di se nan pwodiksyon nasyonal pou pwoblèm lavichè a rezoud. Men, anmenmtan, se menm pouvwa sa a k ap aplike yon politik neyoliberal k ap detui pwodiksyon nasyonal la. Se pouvwa sa a tou k ap siyen yon seri akò entènasyonal ki depaman ak pwodiksyon nasyonal la, tankou li sot fè sa nan ka Akò Patenarya Ekonomik yo. Epi tou, pouvwa sa a pa janm manifeste okenn enterè pou tabli yon bonjan refòm agrè nan peyi a. Dènye deklarasyon tèt anba, iresponsab prezidan repiblik la fè sou kesyon lavichè a premye janvye ak nan depatman Sant lan, montre aklè pouvwa sa a pa gen okenn volonte pou wete mas popilè yo nan masuife y ap monte jounen jodi a.

Pou noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, pwodiksyon nasyonal la dwe mache ak yon bonjan refòm agrè ki mete tè a anba kontwòl moun k ap travay li a ki se peyizan yo. Yon bonjan refòm agrè ak bonjan ankadreman pou peyizan yo ap pèmèt ogmante pwodiksyon nasyonal la epi pwoteje anviwonnman an. Paske, peyizan an paka pwoteje yon tè grandon ki pa sou kontwòl li. Se pou sa nou kwè, si pwodiksyon nasyonal la pa makònen ak yon bonjan refòm agrè, Ayiti vèt n ap pale a, ap rete yon rèv je klè. Nan sans sa a, dirijan nou yo dwe koupe fache ak politik remèd chwal plan neyoliberal la pou tabli tout bon vre, yon politik ekonomik ki nan enterè peyi a.

Nou, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou kwè ogmantasyon pwodiksyon nasyonal la se yon nesesite. Men, se yon bagay k ap pran tan. Poutèt sa, pouvwa anplas la dwe pran yon seri mezi ijan pou amelyore tousuit kondisyon lavi mas popilè yo. Prezidan repiblik la dwe konnen, se pa pou satisfè FMI ak Bank Mondyal popilasyon an te vote l. Men pito, se pou rezoud pwoblèm grangou, mizè, chomaj, sante, edikasyon, lwaye kay elatriye. Enterè popilasyon an sitou moun ki pi pòv yo, dwe vini anvan enterè FMI ak Bank Mondyal ak gwo kapitalis ki kanpe dèyè do enstitisyon sa yo. Nan sans sa a, òganizasyon konsekan, fanm ak gason konsekan, dwe rantre nan batay tousuit apre kanaval la pou fòse pouvwa anplas la :

1) kontwole pri pwodui ak sèvis premye nesesite yo

2) Kontwole maj benefis boujwa yo ap fè sou pwodui ak sèvis premye nesesite yo

3) Mete kanpe magazen leta ( Sèvis apwovizyonnman, dekrè oktòb 1989 ) nan tout komin ak katye popilè nan peyi a.

4) Tabli bonjan kantin popilè ak manje lokal nan tout katye popilè yo

5) Reprann kontwòl minotri ak siman dayiti, yon manyè pou antrepriz sa yo kapab pwodui farin ak siman nan pibon kondisyon ak nan pri ki pi ba.

6) Ogmante san pèdi tan salè minimòm nan, pou travayè ak travayèz ka rale yon souf anba move lavi.

Aba kanaval nan grangou, mizè ak lavichè
Viv yon kanaval ki makònen ak revandikasyon mas popilè yo
Viv yon Ayiti granmoun tèt li

Pou :

MODEP, Guy Numa

Chandèl, Rochemane Jean Milus

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Sylvain Jean

COVISEP, Jean Charles Wilgens

ATADS, Buteau Jean Rilner

MORAP, Santerre Jean Léon