Pòtoprens, 24 janvye 2008 [AlterPresse] --- 853, se deja chif sou kantite moun otorite Dominikèn yo voye tounen an Ayiti pou mwa janvye 2008 la nan fwontyè Wanament (Nòdes peyi Dayiti, toupre Dajabon) ak nan Beladè (Plato Santral, toupre Elias Pina), dapre enfòmasyon ajans sou Entènèt AlterPresse rasanble.
Soti mèkredi 16 rive samdi 19 janvye, otorite dominikèn yo te deja rapatriye 818 moun sou fwontyè 2 peyi yo, dapre sa ajans espanyol EFE rapòte.
Se nan vil Dajabon, Mao Valverde, Santiago ak Sannto Domingo lame ak sèvis imigrasyon dominiken te ranmase moun sa yo, dapre menm sous la.
Otorite dominiken yo pran desizyon pouse do moun sa yo apre yon seri arestasyon gwo ponyèt militè dominikèn te fè sou yo, detan y ap sòti nan travay, nan lari ak lakay yo.
Pami moun yo voye tounen yo, gen 14 fanm ak 9 timoun otorite yo di ki t ap mande nan vil Santyago, ki se 2zyèm vil peyi Dominikani.
On lòt kote, madi 22 janvye 2008 la, Dominiken yo mennen sou fwontyè Beladè-Elyaspinya a, 35 moun, pami yo 2 timoun, dapre sa yon sitwayen Beladè deklare bay AlterPresse.
Pou ane 2007 ki sot pase la a, otorite dominiken yo te pouse do plis pase 16 mil moun divès kote sou fwontyè ki separe Dominikani ak Ayiti. Rapatriman sa yo te fèt nan fwontyè ki ofisyèl ak sa ki pa ofisyèl tankou nan Laskawobas, Fonvèret ak Savanèt.
Antretan, gadkòt ameriken arete sou lanmè Karayib la epi pimpe retounen Pòtoprens, samdi 19 Janvye 2008 la, 243 Ayisyen ki t ap kouri pou afè pa bon, pou al chache lavi miyò oswa Etazini oubyen nan lòt zile nan Karayib la. [am rc apr 24/01/2008 10 :00]