kolaborasyon espesyal Antonal Mortimé
Pòtoprens, 21 janvye 2008 [AlterPresse] --- Se nan yon anbyans kiltirèl, òganizasyon pou edikasyon popilè CHANDEL, ansanm ak Platfòm ayisyen k ap plede pou on lòt kalite devlopman (Papda) plis Saj Veye yo inogire dimanch 20 janvye 2008 la, nan Delmas 3, Potoprens, semèn mobilizasyon ak aksyon k ap fèt nan divès peyi sou latè, dapre sa ajans sou Entènèt AlterPresse konstate.
Plis pase 100 moun, pou laplipa jèn fanm ak jenn gason, ki sòti nan katye popilè Vilaj Solidarite, Delmas, Solino ak katye Sen Maten, patisipe nan aktivite sa a, nan lokal Sant Dokimantasyon Jak Stefen Aleksi.
Nan pwogram aktivite an, te gen lekti tèks, dans, teyat, konferans deba ak animasyon mizik.
Oganizatè yo reyalize aktivite sa a tou, nan lide pou wete chapo yo devan Jacques Roumain, ki te yon militan politik ak plimeyank, yo fèk sot selebre 100 lane depi l fèt pandan tout lane 2007 la.
Se te okazyon tou pou responsab Sant Dokimantasyon Jak Stefen Aleksi yo te remèt prim bay 5 jèn fanm ak gason ki genyen konkou yo te òganize sou tèm: “Nou Tande Vwa Gouvènè Lawouze”.
Se nan dat 4 jen 2007 la, jou 100 tyèm lane depi Jak Woumen te fèt, yo te lanse konkou an. Anviwon 20 jèn, ki nan klas ant 3zyèm segondè ak filozofi, patisipe nan konkou sa a.
Detan l bat bravo pou inisyativ Sant Dokimantasyon Jak Stefen Aleksi, youn nan jèn ki genyen yo envite lòt jèn nan katye popilè yo frekante sant lan, kote yo ka vin li liv, tande mizik, gade videyo, oubyen patisipe nan klib literati sant lan ki rele Konpè Jeneral Solèy.
Nan okazyon an, responsab Papda a, Camille Chalmers, eksplike piblik la ki sa fowòm sosyal mondyal la ye epi pou ki rezon òganizasyon nan plizyè peyi deside mennen, nan mwa janvye 2008 la, yon semèn mobilizasyon ak aksyon nan plas 8tyèm fowòm sosyal mondyal la.
An Ayiti, nan okazyon semenn mobilizasyon ak aksyon an, y ap gen pou pale de dèt ti peyi yo, lokipasyon, dwa granmoun peyi yo nan zafè lamanjay ak piyay richès nan lanmè, toujou nan menm lide fowòm sosyal mondyal la, ki panse li posib pou nou tabli yon lot kalite sosyete sou latè.
Responsab Papda a, ki se an menm tan reprezantan zòn Karayib la andedan Konsèy entènasyonal fowòm sosyal mondyal la, anonse divès aktivite nan tout peyi a (Ayiti) ki makònen avek semèn mobilizasyon ak aksyon k ap fet nan toupatou, nan divès peyi sou latè, soti 19 rive 26 janvye 2008. Se jisteman samdi 26 janvye k ap vini an peyi rich yo pral louvri oumble pa yo, yo rele fowòm soyal ak ekonomik nan Davos, peyi Laswis.
N ap fè chonje, soti 20 pou rive 26 janvye 2007 la, 15 Ayisyen reprezantan òganizasyon Jèn, Fanm, Dwa moun, Peyizan, t al patisipe nan 7tyèm edisyon fowòm sosyal mondyal la, ki te fèt nan vil Nairobi (peyi Kenya) nan lès Afrik yo. [am rc apr 21/01/2008 15:15]