Español English French Kwéyol

Grip avyè : Posiblite aksyon tèt ansanm ant Ayiti ak Repiblik dominiken

Pòtoprens, 9 janvye 08 [AlterPresse] --- Gouvènman dominiken an swete chita pale ak zotobre nan peyi d Ayiti nan lide pou rive pran bon jan mezi k ap pèmèt yo fè faskare ak grip avyè a (maladi k ap frape poil) ki deja prezan sou zile a.

Daprè nouvèl ki sòti lakay vwazen, dezisyon zotobre ayisyen yo pran jounen lendi 7 janvye 2008 pou anpeche ze ak poul dominiken antre sou mache ayisyen an bay gouvènman dominiken an gwo kè kase, lè yo konsidere ki sa mache ayisyen an reprezante pou yo.

Zotobre peyi d Ayiti yo te pran dezisyon sa a aprè yo te fin dekouvri on jèm maladi grip avyè a ki rele H5N2 nan on vil nan panyòl.

Sanble dispozisyon ministè agrikilti ayisyen an pa rive anpeche ze ak poul dominiken antre nan peyi d Ayiti, paske sou fwontyè 2 peyi yo komèsan ayisyen ak dominiken kase randevou chak jou, daprè Eddy Martinez, direktè Sant espòtasyon ak envestisman Repiblik dominikèn.

Se pa jounalis te wè sou fontyè ant 2 peyi yo, depi omwen koumansman semenn nan avèk otorite ayisyen an ki anpeche chajman ze travèse antre pa bò isit.

Dayè, jou lendi 7 janvye 2008 la, plizyè ti machann sou fontyè Malpas te leve kanpe poutet otorite sou fontyè sa a pa t kite yo pase ak chajman ze ki te soti an Repiblik dominiken, dapre temwayaj ajans sou Entènèt AlterPresse te ranmase.

Se vandredi 11 janvye 2008 la zotobre 2 peyi yo ta sipoze chita pale sou fwontyè Dajabon ak Wanament sou kesyon grip avyè a.

Se sekretè deta pou agrikilti nan Repiblik dominiken an, Chio Jimenez, ki ka dirije rankont sa a. Jolivert Toussaint nan Ministè agrikilti ka reprezante, Ayiti dapre nouvèl k ap sikile nan panyòl.

Zotobre Repiblik dominikèn yo konsidere se pou on ti bout tan gouvènman ayisyen an pran dispozisyon entèdi ze ak poul dominiken antre an Ayiti.

Doktè Angel Faxas, ki se reskonsab zafè zannimo nan Sekretè deta pou agrikilti nan Dominikani, fè konnen dispozisyon otorite ayisyen yo rantre nan kad prensip sanitè ki tabli yo. Nan sans sa a, li kwè si se te an Ayiti yo te dekouvri jèm maladi poul sa a, gouvènman dominiken an t ap fè menm bagay la.

Mache ayisyen an enpòtan anpil pou biznismann ak gouvènman dominiken an. Dapre ajans sou entènèt Espacio Insular, ki se patrnè ajans AlterPresse, mache ayisyen an te rapòte 5 milyon dola, nan finisman ane 2007 la, pou ekonomi dominiken an nan lavant poul ak ze. Pou 2007 la, Repiblik dominiken te vann Ayiti on valè 130 milyon dola pwodui. [do rc apr 09/01/2008 14 :20]