Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 21 oktòb 2007
Komisyon Jistis ak Lapè (Jilap) prezante yon lòt rapò sou vyolans ki fèt nan zòn metwopolitèn nan, pandan 3 mwa : jiye pou rive sektanm 2007.
Komisyon an toujou chwazi yon kritè senp pou fè obsèvasyon sila a : se moun ki mouri anba vyolans nan kapital la.
Pou fè travay sa a, nou konsilte laprès, nou koute divès moun ki pote enfòmasyon ba nou, epitou nou fè pwòp obsèvasyon pa nou. Ak tout sa, nou rekonèt limit rapò nou yo genyen. Sa vle di : reyalite a depase sa ki ekri nan rapò sila a.
Nou fè travay sila a pou fè otorite yo ak tout sitwayen ak sitwayèn yo pran konsyans reyalite vyolans ki genyen nan peyi a pi plis, paske se li menm ki pi gwo lènmi byen viv ansanm nan sosyete nou an.
Epitou, chak moun ki mouri merite pou yo kenbe memwa li si posib. Diyite l kòm moun mande sa.
Men ki jan sa te ye nan mwa ki sòt pase yo :
Mwa jiye : te genyen 14 viktim vyolans ; 4 moun mouri ak bal ; 10 nan yon gwo aksidan machin.
Mwa out : te genyen 19 viktim ; 9 mouri ak bal ; 6 nan move tan.
Mwa sektanm : te genyen 10 viktim ; 6 nan yo mouri ak bal.
Kèk remak sou lit kont vyolans la
Yon kesyon tout moun poze tèt yo : èske ensekirite a grandi, oswa eske l diminye ?
Kesyon an genyen tout enpòtans li, paske li dwe sèvi pou regle tout kalite bagay.
Pou kèk moun, ensekirite mare ak plis lapolis ni ak manda Minustah a. Pou lòt, ensekirite bay agiman nan deba sou ki kalite fòs sekirite oswa lame peyi a bezwen. Pou lòt moun toujou, ensekirite bay eskiz pou pa envèsti nan peyi a ; elatriye.
Eske ensekirite kaba ? Yon kesyon pyèj
Lè n gade chif moun ki mouri ak bal sèlman, yon 19 konsa nan twa mwa, ou ta di ensekirite a diminye, li prèt pou l kaba. Men nou pa dwe bliye : kritè nou sèvi, se youn akote anpil lòt kritè ki genyen.
Gen lòt kalite vyolans Komisyon an pa kapab suiv, tankou kidnaping, vòl, vyòl, agresyon, blese moun ak zam, elatriye.
Se diferan kritè yo ansanm ki ta kapab di si ensekirite a tanmen kaba toutbon nan peyi a. Epitou, sityasyon sa a dwe rete estab pandan yon bon bout tan.
Si genyen mwens moun ki mouri ak zam pandan kèk mwa, nou dwe di : se bon rezilta travay PNH ak Minustah. Sa vle di tou : se rezilta yon apwòch represif, ki nesesè, men ki pa kab sifi pou tabli lapè toutbon nan kapital la ak nan peyi a.
Ak tout sa, batay kont kriminalite a manke fèt toujou. Gen kriminèl ki mache libelibè san pyès moun pa enkyete yo.
Tanzantan genyen nouvèl ki rive vin jwenn nou sou kriminèl ak bandi ki jwenn liberasyon apre yo te pote kòb bay jij yo. Sa fè n wè ki jan kriminalite, enpinite ak koripsyon mache ansanm.
An menm tan, aktivite represyon nan katye popilè yo fè anpil moun viktim ki pa genyen anyen awè ak kriminalite a.
Se pa paske yon moun jèn gason, li abiye yon jan, li gen très nan tèt li, epi l ap viv nan yon katye popilè, ki fè li mele nan vyolans.
Nan kad sa a, Komisyon an te deja denonse pratik arimaj la tankou yon pratik k ap vyole dwa moun. Non sèlman moun yo arete yo, rete souvan twòp tan nan gadavi san pa gen akizasyon dirèk, anpil fwa tou, lè yo antre nan gran prizon an, se paske paran yo pa t gen kòb, oswa paske yo pa t gen avoka pou defann yo. Yon fwa yo nan prizon, jij yo kapab bliye yo fasil pou menm rezon sa yo.
Poutèt sa, nou repete :
Komisyon an denonse mòd pratik sa a ki rele arimaj, pou jan l louvri pòt pou anpil vyolasyon dwa moun k ap fèt.
Yon pozisyon fèm devan vyolans, banditis, kriminalite ak enpinite nan sosyete a pa vle di pase lalwa ak dwa moun anba pye.
Vrè batay kont vyolans mande yon lòt bagay toujou.
Travay pou sekirite ak jistis sosyal
Ensekirite ak vyolans p ap jwenn solisyon si yo pa geri vyolans sosyal la, k ap detwi sosyete a chak jou pi plis, gras ak jistis sosyal la.
Ki sa n rele jistis sosyal ?
Anpil moun pran jistis sosyal tankou pi bon pataj richès ak egalite nan mitan moun. Nou panse jistis sosyal dwe ale pi lwen toujou.
Jistis sosyal, se mòd jistis sila a kote yo konsidere tout moun kòm moun tout bon nan sosyete a.
Men ki sa jistis sosyal la genyen ladan l :
· Tout kondisyon ranpli pou garanti sa k nan enterè tout moun nan sosyete a ;
· Yo respekte dwa moun : tout dwa pou tout moun, san yo pa mete dwa sosyal ak ekonomik yo sou kote ;
· Tout moun kapab patisipe nan lavi sosyete a : nan lavi politik ak sosyal, tankou nan reyalite ekonomik yo ;
· Moun yo jwenn fòmasyon ki itil pou lavi yo, epi yo kapab travay pou amelyore kondisyon lavi yo, pou konbat lamizè.
Leta genyen yon wòl enpòtan pou mete sou pye divès kondisyon sa yo ki pèmèt yo reyalize jistis sosyal sila a. Men tout aktè sosyal yo dwe mete men pou reyalize sa k anndan jistis sosyal la.
Egzanp : ki envestisman k ap fèt nan katye popilè yo pou louvri yon avni reyèl pou jèn yo ? Kote envèstisman sektè prive a ta pral fè a, lè l t ap mande sekirite pou yo te kapab envèsti nan peyi a ?
Jounen jodi a, genyen twòp lamizè ak moun ki sou kote, ki montre pa gen sekirite ekonomik ; lajistis pa fonksyone kòm sa dwa, ki fè sitwayen yo pa gen sekirite devan lajistis ; enstitisyon yo ki dwe garanti sèvis ak prezans Leta pa solid, ki fè genyen ensekirite devan enstitisyon yo.
Yon Leta ki fèb konsa, pa kab bay garanti pou denmen.
Nou mande otorite Leta yo ak tout moun ki genyen reskonsablite politik, pou yo pi konsekan nan lit kont tout fòm ensekirite.
Pou fini, Komisyon Jistis ak Lapè yo ki nan zòn Pòtoprens salye yon lòt fwa tout jefò k ap fèt pou kreye yon klima sekirite nan peyi a, menm si yo timid toujou.
Nou salye jefò Lapolis Nasyonal la ap fè nan moman sa a. Nou salye sitou jefò k ap fèt anndan katye popilè yo, jefò gran sosyete a pa konnen, men ki ede sosyete a fè yon pa annavan.
Men tout moun dwe konprann chimen an long toujou. Lit kont koripsyon ak enpinite, kont eksklizyon ak mete moun sou kote, lit pou lajistis ak verite blayi fenk kòmanse.
18 oktòb 2007
Pou Komite Direktè Jilap Achipo ak Jilap Nasyonal la.
Djimpps Gilles
Sekretè Egzekitif Achipo Pòtoprens
P. Jan Hanssens
Direktè nasyonal