Español English French Kwéyol

Ayiti / Fonvèrèt : konsekans pwoblèm edikasyon an sou anviwonman an

Nan yon konferans pou laprès li bay jedi 18 oktòb 2007 la nan Pòtoprens, Platfòm revandikasyon òganizasyon nan Fonvèrèt esplike ki jan pwoblèm edikasyon an nan Fonvèrèt trennen gwo konsekans sou anviwonman an. Plis pase 3 lane apre gwo inondasyon 23 me 2004 la, kominote Fonvèrèt toujou anba gwo difikilte pou rive viv kòmsadwa.

Platfòm Revandikasyon Oganizasyon Fonvèrèt se yon regwoupman 23 oganizasyon peyizan nan komin Fonveret ki abitye reyini ak Komite Dwa moun nan bouk Fonvèrèt, Tèfwad ak Boukan Chat, nan lide pou aji sou reyalite malouk ki genyen nan komin nan. Se yon platfòm ki vle mennen aktivite pledwaye bò kote responsab leta yo nan sousi pou popilasyon Fonvèrèt la rive jwenn yon lavi miyò.

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 18 oktòb 2007

Platfòm Revandikasyon Oganizasyon Fonvèrèt

Pòtoprens, jedi 18 Oktòb 2007

Fonvèrèt se yon komin sou zòn fwontyè a ki nan awondisman kwadèboukè, nan depatman Lwès. Li mezire 249.50 kilomèt kare, anviwon 7 fwa pi gran pase komin Pòtoprens. Li chita sou yon distans 52 km parapò a Pòtoprens.

Gen plis pase 40,000 moun k ap viv ladan. Depi 1980, Fonvèrèt leve nan ran komin, men se yon sèl seksyon kominal li genyen. Komin Fonvèrèt gen ladan 60 abitasyon.

Kijan pwoblèm edikasyon an poze ? konsekans li sou popilasyon Fonvèrèt la?

Jan konstitisyon 1987 la di li nan atik 32.1 “Se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun’’. Sa vle di se yon dwa tout moun genyen pou yo jwenn bonjan ledikasyon, se yon obligasyon leta genyen pou pèmèt tout timoun ale lekòl.

Pawòl nan atik sa a rejwenn atik 26.1 ak 26.2 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ki di: ‘’ Se dwa tout moun pou y al lekòl. Lekòl leta fèt pou gratis, sitou lekòl elemantè ak lekòl fondamantal… Edikasyon an fèt pou pèmèt devlopman pèsonalite moun epi ranfòse respè dwa moun ak libète endispansab yo’’.

Non Fonvèrèt, okenn nan pawòl sa yo pa respekte. Malgre lajè komin nan genyen, malgre tout bitasyon sa yo ak tout moun sa yo k ap viv nan komin nan, Fonvèrèt gen sèlman 3 lekòl nasyonal (youn nan bouk la, youn nan Forèdèpen, youn nan Oryani) ak yon sèl lise ki chita nan bouk la. Lekòl sa yo pa sifi pou resevwa tout timoun ki bezwen ale lekòl. Pou jan komin nan gran, yo twò lwen parapò a kote pi fò lokalite yo chita.

Devan reyalite sa a, kèk paran eseye voye timoun yo nan kèk lekòl prive ki chita pi fò nan bouk la. Men lekòl sa yo, non sèlman yo peye chè, men tou se pa tout ki bay bonjan ledikasyon.

Paregzanp, yon paran konn peye soti 2,500 pou rive 3,000 goud nan yon lekòl prive. Nan lekòl nasyonal yo, kote leta fikse pri ane lekòl la a 100 goud, paran yo konn peye jiska 500 goud pou yon elèv, san konte lòt frè direksyon lekòl yo reklame tanzantan.

An mwayèn, paran yo gen 5 timoun pou voye lekòl. N a imajine nou mezanmi ki kantite mago lajan sa mande pou yon paran jwenn pou voye timoun yo lekòl, san konte frè manje.

N ap fè sonje, inondasyon 2004 yo te pote ale tout sa anpil nan paran yo te genyen. Jounen jodi a, yo nan gwo difikilte pou voye timoun yo lekòl.

Gen anpil nan lekòl prive yo, menm lè yo louvri pòt yo nan mwa sektanm, depi yo rive nan mwa mas, lè paran yo pa ka peye, yo vin pa ka fonksyone, paske yo pa ka peye pwofesè, konsa, yo tou kraze. Nan Lakòl prive yo, depi paran yo pa peye, responsab yo voye timoun yo tounen lakay yo.

Yon senp vizit nan Fonvèrèt ap pèmèt nou konstate anpil timoun k ap kouri nan galèt la, ki pa ka ale lekòl.

Daprè dokiman kat Povrete peyi dAyiti, vèsyon 2004, Fonvèrèt se youn nan komin ki pi defavorize nan zafè edikasyon : ni sou pwen enfrastrikti eskolè, ni sou sa ki konsène posiblite pou timoun yo jwenn moso ledikasyon.

Nan Fonvèrèt, pa gen sant pwofesyonèl pou pèmèt jèn yo aprann yon metye, pa gen bibliyotèk; lekòl yo pa gen materyèl travay (ban, chèz, tablo, biwo ak materyèl didaktik). Anpil nan pwofesè yo pa gen lèt nominasyon, yo pa touche, yo pa resikle. Tout sa fè nou gen anpil dout sou kalite ansèyman timoun yo ap resevwa.

Lòt pwoblèm n ap souliyen ankò, lekòl nasyonal yo pa menm anmezi pou yo resevwa kantite timoun ki ta dwe ale lekòl nan komin nan. Yon sal klas konn genyen plis pase 80 timoun ladan li, chif ki depase tout nòm pedagijik ki se youn nan bon kondisyon pou yon timoun aprann byen lekòl.

Fòk nou di tou, distans ki genyen, ant kote 3 lekòl nasyonal sa yo plase, se youn nan eleman tou ki defavorize anpil timoun pou yo ta jwenn chans pou antre nan lekòl sa yo. Paregzanp, yon timoun konn ap mache 3zèd tan pou rive nan yon sal klas, yon bagay ki gen gwo konsekans sou rannman timoun nan. San konte pwoblèm lapli, ki konn oblije timoun nan rete lakay li, akòz lekòl la twò lwen, paske li p ap gen tan rive lakay li san lapli pa tranpe li.

Youn nan kategori ki plis viktim nan pwoblèm posiblite jwenn moso ledikasyon an, se tifi yo, e nou jwenn plizyè bagay ki lakòz pwoblèm sa a.

Akòz paran yo pa gen mwayen, si yo fè efò pou voye youn nan timoun yo lekòl, yo plis voye tigason yo. Reyalite sa a gen rapò ak yon bann vye lide ki fè paran yo konnen li pa enpòtan pou voye tifi lekòl, sa fè tifi yo te toujou viktim.

Yon lòt gwo pwoblèm nou konstate, anpil nan paran yo konn pè voye tifi yo lekòl, akòz lekòl yo twò lwen. Paske, se nan wout la jenn gason konn pwofite fè kadejak sou tifi yo. Se sa ki fè, nan sousi pou paran yo pwoteje pitit fi yo, yo konn gen tandans kenbe tifi yo lakay, pa voye yo lekòl.

Anplis de sa, anpil nan tifi ki rive viktim kadejak konn tonbe ansent. Lè sa a, responsab lekòl yo ak moun nan kominote a konsidere se yon kategori moun ki pa gen plas yo nan yon sal klas. Konsa, tifi sa yo tou pèdi chans pou ale lekòl, oubyen kontinye klas yo si yo te deja lekòl.

Gen de lè pwoblèm nan gen rapò ak vye kwayans lontan ki fè paran yo kwè li pa nesesè pou voye tifi lekòl. Bagay sa a fòse tifi yo rete lakay, swa pou fè gadò pitit nan kay, swa pou al nan jaden, oubyen fè manje pou lòt timoun ki ale lekòl.

Sa lakòz tifi ak tigason pa gen menm chans nan zafè ledikasyon. Anplis de sa, ou prèske pa jwenn medam yo reprezante nan anpil espas kote gwo desizyon ap pran nan mitan òganizasyon yo oubyen nan kominote a.

Nan sans sa a, platfòm nan kwè, nan yon sistèm demokratik, edikasyon an se yon bagay esansyèl e tout moun dwe gen menm chans pou yo al lekòl, kit se tifi kit se tigason. Paske, se sèl kondisyon nou ka jwenn yon patisipasyon sosyal egal ego ant fanm ak gason nan mete kanpe yon bon sosyete ekilibre.

Konsekans pwoblèm posiblite pou jwenn moso ledikasyon nan komin nan

Youn nan pi gwo konsekans pwoblèm posiblite pou jwenn moso ledikasyon an sou kominote a, se degredasyon anviwonman an.

Lè lekòl yo voye timoun yo retounen pou lajan lekòl, anpil nan yo pa retounen, yo tou pèdi ane a.

Daprè enfòmasyon nou te jwenn nan men yon dirijan yon ti lekòl legliz, sou 100 timoun ki rive jwenn chans pou ale lekòl, 45 ladan yo pa boukle ane a. Gen ladan yo ki tou travèse nan peyi Dominikani, kote yo konn viktim tout kalite trèt ak trafik.

Lè yo pa janbe fwontyè a, paran yo kenbe yo nan fè chabon nan forè a. Konsa, jenn timoun yo, espesyalman tigason yo, tonbe patisipe aktivman nan detwi Forèdèpen. Pwoblèm presyon pou jwenn lajan pou voye timoun lekòl, se youn nan rezon ki fè jounen jodi a prèske pa rete forè ankò.

Jis nan lane 1940, Forèdèpen se te pi gwo espas kote nou te jwenn pye pen nan zòn twopikal yo. Bò lane 1983, Foredèpen te kouvri 32 000 ekta tè (anviwon 25 000 kawo). Moun si tèlman detwi forè a pou tout kòz nou sot di la yo, jounen jodi a nou pa kwè rete 10 000 kawo tè ki kouvri ak pye pen.

Malerezman, depi plis pase 20 lane, se kèk ti kote nou jwenn pye pen. Akòz sitiyasyon sosyoekonomik difisil paran yo ap viv, yo detwi forè a pou fè chabon, planch ak bwa chofaj, nan sousi pou jwenn lajan pou voye timoun lekòl ak pou pran swen fanmi yo. Sa lakòz lè la pli a tonbe, tout tè yo glise ale nan lanmè.

Nan kèk lane ankò, si pa gen bonjan mezi ki pran, Forèdèpen p ap egziste ankò.

E kòm nou konnen deja, gwo konsekans la se inondasyon tèt chaje ki pandye sou tèt moun k ap viv nan kominote a, yon lòt fwa ankò, menm jan sa te pase deja nan Fonvèrèt jou ki te 23 me 2004 la, kote plis pase 1500 moun te mouri, san konte byen ki te detwi.

Jounen jodi a ankò, depi tan an make lapli, tout moun Fonvèrèt sou gwo presyon, y ap dòmi yon je louvri yon je fèmen.

Twa lane apre katastwòf inondasyon 2004 la, sitiyasyon Fonvèrèt pa chanje.

N ap pwofite espas sa a pou voye kondoleyans nou bay tout moun ki sot viktim inondasyon pou ane sa a, kit se nan Kabarè, Okay, Gonayiv ak lòt kote nan peyi a.

Kisa nou pwopoze?

Lè nou konsidere jan pwoblèm edikasyon an grav nan Fonvèrèt ak respkonsablite leta nan pwoblèm sa a.

Lè nou konsidere nan yon konferans pou laprès, Minis Gabriel Bien-Aimé te pale sou 35 milyon dola ki disponib pou pwogram edikasyon pou tout moun (Education Pour Tous)

Lè nou konsidere 8 sektanm ki sot pase la a Sekreteri dEta pou Alfabetizasyon sot lanse yon pwogram alfa, kote yo vize plase sou tout tèritwa 75 000 sant pou rive pèmèt 3 milyon fanm ak gason aprann li ak ekri nan yon peryòd 3 lane.

Lè nou konsidere atik 32.1 konstitisyon an ki di: “Se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun’’, ak atik 26.1 e 26.2 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo ki di: ‘’ Se dwa tout moun pou y al lekòl. Lekòl leta fèt pou gratis sitou lekòl elemantè ak lekòl fondamantal… Edikasyon an fèt pou pèmèt devlopman pèsonalite moun epi ranfòse respè dwa moun ak libète endispansab yo ’’.

Le nou konsidere wòl ak responsabilite leta nan pwoteksyon anviwonman an, jan sa di nan atik 253 pou rive nan atik 258 konstitisyon 1987 la.

Noumenm manm Platfòm 23 òganizasyon Fonvèrèt, nou estime pwoblèm sa a pa ka rete konsa, fòk li jwenn yon bon solisyon.

Se poutèt sa, n ap fè pwopozisyon sa yo, kote n ap mande pou leta, atravè Ministè Edikasyon Nasyonal, Sekreteri dEta Alfabetizasyon ak Ministè Anviwonman:

1- Kreye 5 lòt lekòl nasyonal nan Bitasyon sa yo: Palmis Tanpe, Bwa Negès, Tèwad, Boukan Chat ak Gwo Cheval, pou tout timoun Fonvèrèt yo ka jwenn chans pou ale omwen lekòl primè. Nou pwopoze zòn sa yo, paske se yo menm ki reprezante 5 gwo blòk nan komin nan ki gwoupe, yo chak, 12 abitasyon, yon fason pou redwi distans lekòl yo pou timoun yo, pandan y ap pote yon konsiderasyon espesyal pou tifi yo.

2- Pou Edikasyon Nasyonal kreye 2 lòt lise, youn nan Forèdèpen ak youn nan Oryani, yon fason pou timoun nan blòk sa yo jwenn posiblite pou antre nan lekol segondè, lè yo fin fè klas primè yo.

3- Ranfòse kapasite lekòl nasyonal ak lise ki deja la yo : nan mete bonjan pwofesè, materyèl didaktik epi tou rive fè lekòl sa yo fonksyone an 2 tan, maten ak apremidi, pou yo kapab resevwa plis timoun; defini tarif regilye paran yo dwe peye chak ane nan lekòl yo. Pandan y ap mete lòt altenativ pou peyizan yo pa oblije koupe pye pen yo, pou fè planch ak chabon pou peye lekòl pitit yo.

4- Demare prese prese ak pwogram alfabetizasyon an nan komin Fonvèrèt, nan sousi pou fasilite timoun, ki depase laj eskolarizasyon yo, jwenn yon mwayen pou kapab aprann li ak ekri.

5- Nou mande, nan pwogram lekòl ak nan sant alfabetizasyon yo, pou Leta mete yon volè sou pweteksyon anviwonman, nan sousi pou remanbre Forèdèpen epi pou, depi byen bonè, timoun yo aprann pwoteje forè a ki se yon byen pou tout komin nan, yon patrimwàn pou tout peyi a.

Pòtoprens, 18 Oktob 2007.

Platfòm Revandikasyon Oganizasyon nan Fonvèrèt