Español English French Kwéyol

Plizyè òganizasyon ayisyen salye memwa Che Guevara

“Nan peyi Dayiti, 40 lane lanmò Che Guevara vin jwenn nou anba grif ak bòt militè peyi etranje”

Kominike MODEP, UNNOH, PAPDA, SOETEL, ASOHQ, CHANDEL, KRD ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 oktòb 2007

CHE GUEVARA : YON MILITAN MODÈL POU TOUT PWOGRESIS
NAN KONTINAN AN

Chapo ba pou Che !

Jounen 9 oktòb 2007 la fè ekzakteman 40 lane depi asasen CIA ak lame Bolivi te etenn souf yon vanyan gason, Ernesto Guevara, tout moun konnen sou non CHE. Konplo CIA ak lame Bolivi a etenn souf kokenn chenn mapou sa a nan dat 9 oktòb 1967, poutèt li t ap batay kont awogans ak dominasyon enperyalis meriken sou Amerik la ak sou rès mond lan. Che te chwazi batay tou kont eksplwatasyon moun rich yo ap fè sou moun yo rann pòv yo toupatou sou latè. Se kokenn chenn rèv sa a ki te mennen Che Kiba, an Afrik ak Bolivi kote kriminèl CIA ak lame Bolivi a te touye li.

Che mouri, men rèv li yo toujou vivan

Malgre tout mannèv enperyalis la, boujwazi a ak koutye yo ap fè pou toufe depi nan ze, lit pèp yo nan kontinan an, rèv Che yo kontinye ap boujounen nan batay mas pèp nan divès peyi sou latè ap mennen kont dominasyon ak eksplwatasyon, kont lagè, kont okipasyon epi kont mondyalizasyon neyoliberal la. Rèv Che yo kontinye ap donnen nan pwogrè revolisyon sosyalis la ap fè nan Kiba, malgre soukous li pran ak nan batay pèp Venezwela, Bolivi, Ekwatè ap mennen pou tabli lakay yo yon lòt kalite sosyete ki chita sou lòt rapò sosyal kote se moun ki vin anvan lajan.

Rèv Che yo kontinye ap boujonnen nan pote la sante bay sa ki pi pòv yo a travè lemonn. Revolisyon kibèn nan se yon egzanp egalite ak respè pou moun. Kilès ki ta mete nan tèt yo aprè 40 lane Mario Terán solda lame bolivi a ki te patisipe nan sasasinay Che a sou zòd enperyalis meriken, ta pral fè apèl a pitit revolisyon an nan Kiba, pou opere l nan je, san li pa peye yon goud pou sa.

Nan peyi Dayiti, 40 lane lanmò Che Guevara vin jwenn nou anba grif ak bòt militè peyi etranje, yon okipasyon k ap deplòtonnen anba chapo LONI. Yon okipasyon ki chire konstitisyon ak drapo peyi a epi ki jwenn sipò senatè, depite, prezidan an ak minis yo. Kidonk, se moun ki la pou defann dwa grandèt majè peyi a ak ansyen militan ki di yo te nan lagoch k ap kolabore ak fòs okipasyon an. Se nan kalfou konfizyon, trayizon ak ipokrizi sa a, nou konstate gouvènman ayisyen an ap selebre ak anpil mepri, 100 lane nesans vanyan gason Jak Woumen.

Gouvènman Preval/Aleksi a ap mennen politik dlo cho dlo frèt sa a, antan l ap kolabore ak divès peyi tankou Kiba, Venezyela, k ap ranmase eskanp figi yo devan enperyalis la ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo. Epi yon lòt bò, l ap planifye privatizasyon antrepriz leta yo. Sa k pi grav, klas politik la k ap woule nan zèb epi k ap separe gato ekonomik lan ak boujwazi a, twouve l konfòtab ak politik woule m debò sa a ki kontinye ap antere mas yo nan plis mizè, ensekirite ak chomaj.

Pou rezon sa yo, nou, òganizasyon ki siyen nòt sa a, kwè tout militan ak òganizasyon pwogresis ki vle goumen nan peyi a, dwe kanpe pi rèd nan kan mas yo, mete ansanm ak yo pou kontinye suiv chimen Che Guevara, Thomas Sankara ak divès lòt konbatan te mouri kite pou nou. Nan sans sa a, nou dwe makònen fòs nou pou nou goumen ansanm kont politik konze, machann peyi k ap aplike plan enperyalis la ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo. Tout pwogresis ak òganizasyon konsekan dwe kontinye goumen ansanm ak mas yo kont plan neyoliberal la, kont APE a, kont CCI pwolonje a (DSNCRP) a epi kont okipasyon peyi a. Batay sa a dwe mennen aklè nan kad jefò ki dwe fèt pou tabli yon lòt kalite sosyete anba banyè yon direksyon politik klè.

VIV RÈV CHE YO ! VIV LIT PÈP la ! VIV YON PEYI GRANMOUN !
ABA TOUT TRÈT ! ABA KOUT BA !

Pou òganizasyon : MODEP, UNNOH, PAPDA, SOETEL, ASOHQ, CHANDEL, KRD, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, …

Joseph Rosemond

Guy Numa

Josué Vaval