Español English French Kwéyol

Yon gwoup biznismann bayameyen ap vizite Ayiti apati 23 septanm

Pòtoprens, 21 sept. 07 [AlterPresse] Yon gwoup biznizman, reprezantan chanm komès peyi Bayamas la ap vizite Ayiti, soti 23 pou rive 27 septembre 2007 la.

Se sa Sant pou fasilite envestisman, ki se yon branch andedan Ministè Komès ak Endistri anonse.

Vizit sa a dwe pèmèt 2 peyi yo ranfòse relasyon zanmitay yo pi plis sou plan komès, dapre sa sant pou fasilite envestisman an Ayiti a fè konnen nan yon kominike li voye bay ajans sou Entènèt AlterPresse.

Pandan pasay yo an Ayiti, biznisman bayameyen sa yo ap gen pou gade kouman yo kapab pote, al vann nan peyi yo, pwodui ki fèt an Ayiti, epitou wè ki posiblite ki genyen pou yo envesti an Ayiti. [kj gp rc apr 21/09/2007 14 :00]