Lèt Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen voye bay prezidan René Préval
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 out 2007
Pòtoprens 17 jiyè 2007
LET TOU LOUVRI POU PREZIDAN PEYI A
MESYE RENE GARCIA PREVAL
Objè : Kesyon sou INARA, sou Refòm Agrè Konstitisyon 87 la prevwa nan atik 148 li, sou dosye Jistis ak Reparasyon pou 139 ti peyizan ki te tonbe nan masak 23 jiyè 87 la.
Mesye René Garcia Préval
Prezidan Repiblik Dayiti
Nan Biwo l, Palè Nasyonal
Prezidan Repiblik la,
Nan okazyon 23 jiyè 2007 la ki fè 20 lane depi masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo, nan non 139 ti peyizan GWOUPMAN TET ANSANM ki te tonbe nan masak la poutèt yo t ap mande pou tè rebrase ak pou jistis sosyal blayi nan peyi a, Direksyon Nasyonal TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN kwè se devwa l pou l ekri w pèsonèlman, pou mande w kèk eklèsisman sou kesyon enpòtan sa yo ou te ranmase nan premye manda w, kòm 2 nan pi gwo chwal batay ou.
Prezidan Repiblik la,
TET KOLE ta renmen konnen kote Enstiti Nasyonal Refòm Agrè a, INARA, Konstitisyon 1987 la prevwa nan atik 248 li ? Konstitisyon an prevwa enstiti sa a pou l « rebrase tè epi reyalize yon Refom Agrè ki nan benefis moun k ap travay tè ». Prezidan, ou menm Konstitisyon an bay reskonsablite « veye sou bon fonksyonman enstitisyon Leta yo », nou ta renmen ou di nou ki mwayen ou asire w INARA gen pou l fonksyone ak pou fè Refòm Agrè a mache nan enterè ti peyizan yo ?
Nou sètoblije ap poze kesyon paske nou pa tande, ni nou pa wè INARA ankò sou okenn teren kote nou prezan. Reyalite sa a konsa depi sou gouvènman Aristid 2001 an, pase sou gouvènman tranzisyon Aleksann / Latoti a, rive sou pwòp gouvènman pa w la. Sa ki frape nou jodi a prezidan, se silans ou, gwo gwo silans ou sou kesyon Refòm Agrè a. Ou menm ki te pran baton pèleren w nan lane 1995 yo pou te mache preche Levanjil Refom Agrè a toupatou nan peyi a.
Nou sonje vizit ou nan Janrabèl ansanm ak Minis Jistis ou Maks Antwàn nan lane 1998. Nan okazyon an ou te anonse ofisyèlman bay tout nasyon an, Janrabèl ta pral dezyèm zòn kote chantye Refòm Agrè a ta pral ouvè. Di nou prezidan, ki kote chantye sa yo tabli jodi a nan komin Janrabèl la ? Epi tanpri souple, si posib, di nou kijan Refòm Agrè a ap vanse nan depatman Latibonit nan pou nou ka tire leson sou eksperyans lan ?
Prezidan Repiblik la, Nan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, nou pat janm dakò ak vizyon, ni ak apwòch ou te adopte nan Refòm Agrè w la. Nou te toujou di se demagoji, paske nou te wè demach la pa t ap mennen nan yon vrè Refòm Agrè. Nou te toujou kwè si yon Refòm Agrè ap fèt pou devlopman pwodiksyon nasyonal la, jan w te konn di, Refòm Agrè sa a pat ka monte bourik a 2 ak politik privatizasyon ak ajisteman estriktirèl FMI/BANK MONDYAL ou t ap aplike nan peyi a. Prezidan, sonje nan ki kondisyon anti nasyonal CIMENT D’HAITI ak MINOTERIE D’HAITI te likide. Eske dapre ou mezi sa yo te ka danse kole ak yon Refòm Agrè serye ?
Malgre tout dout sa yo, nan TET KOLE, nou te wè nesesite pou peyizan yo ak òganizasyon ki reprezante yo te kolabore nan demach Refòm Agrè w la. Nou te kwè ti peyizan yo te gen kèk gany yo te ka tire ladan, si yo te rive òganize yo kòrèkteman. Jounen jodi a nou rann nou kont menm ti gany sa yo sanble pa posib ankò, dèske dosye Refòm Agrè a parèt antere nèt, efase nan pwogram gouvènman w lan. Pi grav, mo Refom Agrè a sanble gen yon entèdiksyon ki peze sou li nan nouvo vokabilè politik la. Nou sezi dèske nou poko janm tande l nan bouch ou depi dezyèm manda w la.
Prezidan Preval,
Nou sonje pandan vizit ou nan Janrabèl nan lane 1998, reprezantan TK nan depatman Nòdwès la te fè w remake : « Refom Agrè a dwe mache ak Jistis epi Reparasyon pou 139 ti peyizan ki te tonbe nan masak 23 jiyè 1987 la ». Jodi a, nan okazyon ventyèm anivèsè masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN vin mande w kisa ou konte fè pou 139 ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo ka jwenn Jistis ak Reparasyon ? Nou fè w demand sa a kòm pi gwo otorite Konstitisyon 1987 la, nan atik 136 ak 145 li, bay reskonsablite pou « asire bon fonksyonman enstitisyon Leta yo » epi « veye sou jan desizyon lajistis yo ap egzekite ».
Prezidan, n ap poze kesyon sa yo nan yon konjonkti politik ki difisil anpil. Difikilte yo oblije nou kesyone nou sou avni peyi a. Nou sonje nan finisman premye manda w ou te voye nou « naje pou n soti ». Nan ouvèti dezyèm manda a ou mande n « gade w nan je, pou gade n nan je ». Kòm nou pa fin konprann parabòl sa yo, nou sètoblije ap poze kesyon, paske nou pa klè nan sa k ap pase nan peyi a. Sòf nou konstate mizè a vin pi rèd pou malere ak malerèz. E nan tout syèl peyi Dayiti nou wè se move tan ki pare. Van Nòde fin anvayi nou nèt. Van Nòde Okipasyon, Privatizasyon ak Lavichè ki retounen pi rèd. Anfinal, nou wè, prezidan, w ap pèsiste, san gade dèyè, nan politik kraze antrepriz ki ka bay Leta pwofi yo, pou lage yo pou granmesi nan ponyèt boujwazi entènasyonal ak nasyonal. Sa ki pi rèd, sa ap fèt san konsidere volonte ak enterè pèp ayisyen an. Se sa nou wè k ap pase nan TELECO. Se sa ki anonse pou BNC, EDH, pò yo, ayewopò, elt …
Pou respè dwa grandèt peyi a, pou sove patrimwàn nasyon an, pou byennèt mas pèp la, nan memwa 139 ti peyizan viktim Janrabèl yo, TEK KOLE TI PEYIZAN AYISYEN priye w angras, prezidan, bay peyi a yon ti chans, fè yon kanpo sou politik privatizasyon ak likidasyon antrepriz Leta yo ansanm ak tout lòt byen peyi a.
Nou espere, prezidan Preval, w ap koute rèl nou, pandan n ap tann repons sou dosye 139 ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo, sou dosye INARA a ak sou dosye Refòm Agrè a.
Ak tout respè nou dwe w kòm prezidan peyi a, Direksyon Nasyonal TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN salye w patriyotikman.
Pou Direksyon Nasyonal TK,
Robert Metayer
Manm Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan
Jean Jacques Henrilus
Manm Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan