Adeline Labordes Toussaint, ki te gen 32 an sou tèt li, mouri ansent dimanch apremidi 10 jen 2007, detan li t ap pran swen nan on lopital prive nan Pòtoprens.
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 19 jen 2007
Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) pataje lapenn fanmi ak mari Adeline Labordes Toussaint, jèn fanm 32 lane ki pèdi lavi li, akòz move kondisyon sante nan peyi a.
Noumenm Fanm SOFA k ap batay pou Dwa Sante Fanm, kòm youn nan dwa fondalnatal moun, respekte, k ap batay pou fanm sispann pèdi lavi yo nan bay lavi, nou eskandalize pou wè jan Adeline Labordes Toussaint ansanm ak pitit ki nan vant li pèdi LAVI yo.
Denye chif yo montre kantite fanm k ap mouri, nan fè pitit nan peyi Ayiti, ap ogmante chak jou pi plis (soti 523 pou 100 mil fanm nan lane 2000, li pase jodi a 639 pou 100 mil fanm – dapre ankèt sou jan moun mouri, kondisyon moun mouri ak itilizasyon sèvis, yo rele ankò EMMUS IV).
Nou eskandalize pou wè 3 doktè sa yo twouve sa pa ase, yo deside ajoute Adeline sou chif sa a. Epitou, ka Adline ak pitit li a se sa nou wè anba je nou ; konbyen lòt fanm ki mouri nan kondisyon sa yo nou pa konnen !!!
Nou eskandalize pou nou wè jan Adeline mouri akòz neglijans doktè yo ki pa gen okenn respè pou lavi moun, k ap fè pas boul nan mitan yo ak lavi malad la. Yo chak vini fè pas pa yo epi vire do yo san yo pa menm chita ansanm tankou you ekip pou yo reflechi sou kijan yo ta kapab sove lavi Adeline ; yo chak vini, yo fè zafè pa yo, san yo pa fouye pi fon, sou kòz ki fè LAVI madanm nan ap dejenere nan men yo. Ki mele yo, yo bay antibyotik, Ki mele yo, yo bay sewòm, ki mele yo, tansyon ap desann san rete ; ki mele yo, rezilta analiz pankò vini ; KI MELE YO : LAPLI AP TONBE …
Lanmò Adeline nan montre tou awogans ak santiman siperyorite doktè yo ap egzese sou malad yo : Yo chita anwo pyedestal yo pou pale ak malad, ak paran malad la pou bay esplikasyon yo vle, san yo pa pran okenn desizyon pou sove lavi li.
Lè nou tande entèvansyon doktè yo, ni jinekològ ki t ap suiv Adeline, ni lòt doktè yo, tou letwa vle fè kwè, yo pa genyen okenn responsablite devan sa k pase a. Kòmkwa se yon kadav anplis.
Nan kondisyon Adeline pèdi lavi li a, sa montre eta sistèm sante nan peyi a.
Sa montre kouman nan Pòtoprens gen yon seri lopital, se pa kote moun al chache laswenyaj, kote malad al chache gerizon, se yon bann lotèl kote moun malad fè ladesant. Kouman nou konprann yon lopital pa gen doktè pou resevwa malad yo, pa gen doktè sou plas pou veye si yon ka yon malad vin pi grav.
Kifè, anndan de lopital, lè malad bezwen doktè ak enfimyè, se kòmsi yo ap chache yon zepeng titèt andedan yon pil raje.
Konsta sa yo fè nou poze tèt nou anpil kesyon.
Eske se pa sistèm Sante Piblik peyi a ki an dekonfiti ? Eske mòd pratik sa yo se pa yon gwo maleng ki gangrennen depi anndan jouk deyò, depi nan fòmasyon doktè yo jouk nan pratik yo ? san konte anpilfwa, se lalwa lajan ki pale, san pa gen ni ETIK, ni MORAL, pou pote sekou bay moun ki nan bezwen.
Move pratik ak konpòtman sa yo ap lakòz popilasyon an pèdi konfyans nan moun ki plase pou bay laswenyaj nan peyi a.
Lanmò Adeline ak pitit li a, se yon prèv anplis jan otorite lasante nan peyi a manfouben, jan dwa sante popilasyon an pa respekte.
Depi ane 80 yo kote Plan Inisyativ Basen Karayib la wete kesyon sèvis yo nan men leta ti peyi yo, otorite sante nan peyi Ayiti tounen koutye k ap egzekite pwogram gwo lajan lòt peyi fè pou yo, san konsidere si pwogram sa yo nan enterè sante pèp la.
Lanmò Adeline ak pitit li nan move kondisyon sa yo montre ankò kouman ni otorite lasante yo ni otorite, ki mandate pousa, pa chita fè lwa pou tabli règleman sou kijan lamedsin dwe pratike anndan peyi a, kijan pou enstitisyon k ap bay laswenyaj yo dwe fonksyone ak pou pwoteje dwa moun k ap chèche laswenyaj.
Avèk ou san Asosiyasyon, avèk ou san Od medsen, se Leta, pa lentemedyè lwa ki egziste oswa l ap mete sou pye, ki dwe reglemante fonksyonman Lopital yo epi veye sou kijan lwa sa yo ap aplike. Menmjan an tou, pou sanksyone moun ki pa respekte lwa sa yo.
Nenpòt ki timoun ap konprann ou pa kapab bay Chat veye mantèg : sa vle di ou pa kapab rete tann se manb menm kò a ki pou pran sanksyon kont pwop tèt yo ! Li lè, li tan pou otorite leta yo sispann pran lavi popilasyon an an tout voum se do.
An solidarite ak pitit Adeline mouri kite, an solidarite avèk fanmi ak mari Adeline Labordes Toussaint, SOFA mande :
§ Pou otorite Sante yo mennen ankèt pou fikse responsablite chak doktè epi sanksyone yo, yo ansanm ak lopital la pou neglijans, move pratik ak derespektans pou dwa lavi Adeline ak pitit li a,
§ Se vre yo p ap kapab remèt manman Adeline yon lòt pitit, yo p ap kapab remèt mari Adeline yon lot madanm, sepandan n ap mande pou otorite Sante nan peyi a dedomaje fanmi ak mari Adeline
§ Pou otorite sante ak lòt otorite ki konsène yo pran dispozisyon prese prese pou mete bonjan regleman ak kontwol sou kondisyon moun ap jwenn sante nan peyi a, pou verifye kapasite yon seri enstitisyon ki rele tèt yo lopital pou yo ranpli tout kondisyon materyèl ak teknik, menm jan ak kapasite pwofesyonèl pou garanti la sante ak lavi popilasyon an.
Nap mande Jistis ak Reparasyon pou Adeline ak pitit li a.
LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA
Pòtoprens, 19 jen 2007
Pou Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA,
Olga Benoit, Kòdonatris jeneral ai.
Lise-Marie Déjean, Kòdonatris Aks Sante Fanm