Pozisyon Radyo Sèl apre penetrasyon fòs lòd yo nan lokal estasyon an
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 31 me 2007
Nan lannwit 29 pou rive 30 Me 2007 la, lapolis ak Minista mennen yon operasyon nan Raboto Gonayiv.
Nan kad operasyon sa a, fòs lòd yo rive penetre lokal Radyo Sel. Pou yo te rive fè sa, yo kraze kadna, rache pòt. Lè yo reyisi antre andedan Radyo a, yo defonse pòt kote ki genyen dokiman ak kèk materyèl travay Radyo a.
Men, fòk nou di tou yo pa pote ale ni kraze materyèl estidyo Radyo SEL.
Sepandan, Kòdinasyon Radyo Sel pwoteste enèjikman kont lapolis ak Minista ki montre yo pa gen okenn respè pou estasyon Radyo SEL ak tout lòt estasyon Radyo.
Radyo SEL ak lòt estasyon Radyo Gonayiv yo pa ka sèvi pou abrite bandi ni prezime bandi.
Radyo SEL pa konteste travay operasyon polisye yo k ap fèt nan Gonayiv, paske fòk lapè ak sekirite tabli nan site lendepandans lan. Dayè, se akòz lensekirite jeneralize sa a, ki tabli yon bon bout tan lavil la, ki fè nou sot pèdi de ( 2) manm nan koperasyon laprès la (Mèt Aliks Jozèf ak Johnson Legran).
Kidonk, nou pou yon operasyon k ap fèt nan lòd ak disiplin e ki pa mete an danje aki popilasyon an, ni eskanmote aki demokratik a aki popilè yo.
Pou nou fini, n ap di :
Lokal estasyon Radyo ak Televizyon yo, tankou espas Lekol ak Inivèsite, se espas libète. Kidonk, sou okenn preteks, fòs lòd pa gen dwa franchi pòt ak baryè yo “ MANU MILITARI”
30 me 2007,
KONSEY ADMINISTRASYON RADYO SEL GONAYIV
Email:radiosel@yahoo.fr
Tel : 527 2565 / 717 7950
Pou konsèy Administrasyon an :
Namphy Joseph, Prezidan Direktè Jeneral
Louis Ernst Jean Jacques, Administratè
Alcius FILS, manm
Patrice Florvilus, Konseye