Español English French Kwéyol

Refleksyon Modep sou 5 kyèm jounen jounen entènasyonal Kask Ble LONI yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 29 me 2007

Pòtoprens, 28 me 2007

Refleksyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) nan okazyon 5e jounen entènasyonal Kask Ble LONI yo

Depi lane 2002, Asanble Jeneral Nasyon Zini deklare jou 29 me a kòm jounen entènasyonal Kask Ble LONI yo. Nasyon Zini deklare jounen sa a pou onore sòlda LONI yo pou bon travay yo di kask ble yo ap fè sou latè.

Se nan sans sa a nou ka konstate divès kwen nan peyi a, chaje ak bandwòl k ap klewonnen jounen 29 me a se jounen entènasyonal Kask Ble yo. Nan okazyon 5e jounen entènasyonal sa a, MODEP kwè se yon moman pou tout ayisyen, ki vle yon Ayiti granmoun, kòmanse reflechi sou prezans Kask ble yo nan lemond, sitou nan peyi Dayiti.

Se yon nesesite tou pou nou reflechi sou rezondèt LONI jounen jodi a.

LONI pran nesans nan lane 1945, apre dezyèm gwo lagè ant peyi kapitalis yo, ki lakoz anpil inosan pèdi lavi yo.

Youn nan misyon fondamatal LONI, se mete lapè nan lemond, sitou nan peyi ki gen lagè yo. Men an reyalite, pozisyon patizan osinon woule m debò Nasyon Zini nan kriz yo, lakòz li toujou echwe.

Nan moman envazyon Etazini nan peyi Irak la, LONI te fè bèk atè devan volonte enperyalis meriken pou li anvayi Irak. Akòz LONI tounen yon veritab zouti, enstriman nan men klas dominant yo ak puisans enperyalis yo ki fè sa yo vle ak li, akòz fòs kote ki gen nan pozisyon Nasyon Zini yo, enstitisyon sa a echwe nan preske tout misyon lapè li yo.

Nan moman n ap pale la a, LONI gen plis pase 80 mil militè ak polisye ki deplòtonnen nan 18 fòs okipasyon sou latè.

Pami misyon (fòs okipasyon ) sa yo, nou jwenn : Operasyon Nasyon Zini ki nan Kot Divwa (ONUCI), Misyon Nasyon Zini ki nan Repiblik Demokratik Kongo (MONUC) epi gen MINUSTAH nan peyi Dayiti ak divès lòt ankò.

Misyon sa yo koute LONI plis pase 4 milya dola chak ane (www.un.org). Misyon Nasyon Zini ki nan peyi Dayiti a gen plis pase 8 mil militè ak polisye yo di ki la pou mete estabilite nan peyi Dayiti.

Jounen jodi a, LONI kwè se yon siksè pou li, lè genyen plis pase 80 mil solda, sa yo rele Kask Ble yo (menm lè yo di LONI pa gen lame) k ap kraze brize nan plis pase yon dizèn peyi a, tankou Ayiti, Kot divwa, peyi Balkan yo, Afganistan, Angola, Liban, elatriye.

Se pa yon sekrè pou pèsonn solda LONI yo pa janm pote lapè kote yo pase yo akoz : vyolasyon dwa moun yo ki ogmante (sa yo se lotè ak sa yo ankouraje), pwoblèm sosyal ak ekonomik yo ki agrave, paske se lajan ki ta dwe fè devlòpman peyi sa yo k ap soutni fòs LONI yo, politik woule m debò fòs LONI yo mennen anfas moun ki nan lagè yo oswa ki nan konfli yo.

Nan Repiblik Demokratik Kongo, plizyè Sòlda Pakistanè ki nan fòs LONI yo te gen non yo tranpe nan trafik lò ak zam. Malgre ankèt ki fèt sou dosye sa a montre sòlda yo ta mele nan zak sa a, Nasyon Zini toujou fèmen rapò ankèt la nan tiwa li.

Se menm sitiyasyon an ki genyen nan peyi Dayiti. Malgre prezans Kask Ble LONI yo, peyi a toujou nan kalfou tenten.

Fòs okipasyon sa a, ki di li vin estabilize peyi a, deja komèt anpil zak vyolasyon dwa moun. Anpil kraze brize nan katye popilè yo, kadejak sou fanm nan plizyè zòn nan peyi a anpatikilye nan gonayiv.

Nan site solèy jounen jodi a, gen yon aparans sekirite. Men, se yon aparans sekirite ki rive fèt sou san anpil inosan nan katye popilè yo, anpatikilye nan site solèy. Yon aparans sekirite ki chita sou mizè, grangou ak chomaj ki kapab eksploze nenpòt ki lè nan figi dirijan yo, klas dominant yo ak fòs LONI yo.

Kidonk, nou pa ka kouri bat bravo pou nou kriye viktwa. Pwoblèm fondamantal yo toujou la. Volonte enstitisyon sa a ki rele LONI an manifeste anjeneral pou li mete l nan sèvis klas dominant yo ak peyi rich yo anpatikilye Etazini, pa kapab pèmèt nou rezoud pwoblèm fondamantal yo.

Nan sans sa a, MODEP kwè, Kask ble LONI yo p ap janm ka rezoud ni ede n rezoud pwoblèm peyi Dayiti ap viv jounen jodi a.

Kidonk, jounen 29 me a, se moman pou nou pwofite poze tèt nou kesyon sa yo : ki itilite LONI sou latè jounen jodi a ? Eske LONI ka rezoud pwoblèm lapè nan lemond anba kontwòl gwo pisans yo ? Ki zouti pèp yo dwe bay tèt yo jounen jodi a pou defann enterè yo ?

Nan moman n ap pale la a, gen koze refòm k ap pale nan LONI. Divès dirijan sou late kwè fòk gen refòm nan enstitisyon entènasyonal la. Pou sèten moun, enstitisyon sa a pa gen rezondèt li ankò.

Nan MODEP nou kwè non sèlman kalite enstitisyon entènasyonal sa a pa nesesè ankò, nou kwè tou, fòs okipasyon LONI ki nan peyi nou an pa gen plas li tou nan peyi a.

Pozisyon sa a pa vle di nou pa kwè nan koperasyon. MODEP kwè nan yon koperasyon ki pa gen fòs kote.

Nan sans sa a, nou dwe batay pou tabli yon koperasyon ki chita sou dwa grandèt peyi a pou l deside sou fòs ki ka garanti sekirite tout popilasyon an, yon koperasyon ki pèmèt nou chwazi modèl ekonomi ak devlòpman ki makonnen ak reyalite epi dwa granmoun nou.

Sou baz sa a, MODEP envite tout popilasyon an pou li kontinye fè rezistans epi leve kanpe kont okipasyon an. MODEP ap pwofite okazyon sa a pou li mande pouvwa anplas la pou li sispann renouvle manda MINUSTAH a. Nan sans sa a, palmantè yo, ki gen gwo responsablite nan pwoteje souverènte nasyonal la, dwe pran responsablite yo pou anpeche tout demach pou ta renouvle manda MINUSTAH a yon lòt fwa ankò nan mwa k ap vini yo.

VIV YON AYITI GRANMOUN !
VIV SOLIDARIRE ANT PEP YO !
ABA OKIPASYON !

modepayiti@yahoo.fr

Pou MODEP,

Nixon Boumba, Guy Numa