Español English French Kwéyol

Manifestasyon nan Savanèt pou komemore 87 lane Lanmò Benoit Batraville samdi 19 me 2007 la

Avèk enfòmasyon nou jwenn nan men Antonal Mortime

Savanèt (Ayiti), 21 me 07 [AlterPresse] --- Se nan yon anbyans kiltirèl, plis pase 300 moun mache 12 kilomèt, samdi 19 me 2007 nan Savanèt (depatman Plato santral), pou rann omaj bay Benwa Batravil, chèf lame KAKO, ki te tonbe nan batay kont okipasyon Amerikèn nan lane 1920, dapre sa ajans an liy AlterPresse te konstate.

Inisyativ manifestasyon an, se Federasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Ba Plato ak Rasanbleman Jèn pou Avansman Savanèt (RAJES) ki te pran l.

Manifestan yo, ki te sòti nan komin nan Ba plato a pou mach la, te jwenn sipò ak prezans lot branch tèt kole nan depatman Sid, Latibonit ak Nòdwès epi biwo Nasyonal Tèt kole ki chita nan Pòtoprens.

Òganizatè yo te pwofite moman sa a pou denonse okipasyon militè nasyonzini yo ki nan peyi a depi lane 2004.

Yo te lonje dwèt tou sou responsab Leta yo ki, dapre yo, pa fè anyen pou amelyore kondisyon lavi peyizan yo.

Pami revandikasyon ki te parèt sou pankat yo, manifestan yo te ekri : Bon jan Batistè ak Lekòt pou pitit peyizan, jistis pou 139 ti peyizan Janrabèl, nou bezwen wout, sant Sante, sant pwofesyonèl pou pitit nou.

Nan yon mesaj yo t al li devan lokal lakomin Savanèt la, peyizan yo mande Leta Ayisyen bon jan ankadreman pou yo travay tè, jistis pou Pè Ti Jan Pyè Lwi, yonn nan akonpayatè mouvman peyizan an yo te ansasinen nan Pòtoprens nan dat 3 dawou 1998.

« Nou ekzije lakomin Savanèt deklare « zòn istorik » zòn kote Blan Etazini yo te asasinen Ti Benwa a ».

Se sa peyizan Savanèt yo te mande nan yon veye patriyotik, lavèy 19 me a, kidonk vandredi 18 me 2007 la.

Nan veye sa a, òganizasyon ki te prezan yo te eseye fè on ranmase sou batay KAKO yo ak batay peyizan yo nan peyi d Ayiti.

Nan menm veye patriyotik sa a, ki te fèt sòti 8è nan aswè vandredi 18 me a pou rive 5è nan maten samdi 19 me 2007 la, peyizan Savanèt yo fè konnen, yomenm tou, menm jan ak Peyizan KAKO yo, yo deside kontinye goumen pou jwenn dwa granmoun peyi a.

« Okipasyon an donnen enpinite, ensekite ak lamizè. Se poutèt sa, peyizan yo dwe goumen pou rejwenn dwa granmoun peyi a », dapre sa Odilon Accide, yon responsab Tèt Kote nan zòn nan, te deklare.

Bò kote pa l, Vita Telsy, ki sòti nan Nòdwès peyi a, lanse yon apèl pou inite andedan mouvman popilè a, espesyalman nan mitan ti peyizan yo, pou goumen kont sosyete kapitalis sovaj la, nan lide « pou n konstwi yon sosyete, kote tout moun gen dwa ».

« Viv yon leta granmoun nan yon peyi granmoun, aba okipasyon nasyonzini an Ayiti » : se avèk pawòl sa yo Robert Meteyer, kòdonatè Biwo nasyonal Tèt kole a, te fèmen manifestasyon an nan lokalite Koraygrann, touprè baryè Wòch, kote Benoit Batraville te mete katye Jeneral lame KAKO a.

Nan zòn sa a, Tèt kole fè yon tonb senbolik pou fè popilasyon an chonje gwo batay Benoit Batraville, ki gen ti non jwèt Ti Benwa, te mennen pou dwa granmoun peyi a.

Depi apeprè yon dizèn lane, òganizasyon nan Savanèt pran abitid fè chonje lanmò Benoit Batraville, yo rele Ti Benwa.

Se yon fason pou bay lit peyizan Kako yo valè, lit peyizan Kako yo t ap mennen nan lane 1915 rivè 1920, pou te mete blan Etazini yo deyò nan peyi a.

Batay sa a te fèt nan yon premye moman sou direksyon Charlemagne Peralte (sòlda merin meriken yo te asasinen nan vil Ench, nan dat 31 oktob 1920), epi nan yon dezyèm moman sou direksyon Benoit Batraville (ki te tonbe anba men merin ameriken yo, nan dat 20 me 1920, ak konplisite Jean CONZE, yon peyizan mwayen nan zòn nan yo di ki te trayi lit peyizan Kako yo). [am rc pr 21/05/2007 14 :07]