Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 21 me 2007
Pòtoprens, 21 me 2007
Sendika Nasyonal Travayè Laprès Ayisyèn(SNTPH) denonse ak tout fòs zak sasinay ki fèt sou jounalis-pwofesè Alix JOSEPH, nan lannuit mèkredi 16 me a pandan li t ap soti nan yon konferans deba nan alyans fransèz Gonayiv nan okazyon semèn drapo an.
SNTPH kondane zak sasinay sa a ki fèt sou direktè administratif ak kiltirèl radyo Telepwovensyal lan .
SNTPH ap raple, Alix JOSEPH te yon jounalis ki t ap batay pou libète laprès respekte nan vil Gonayiv. Se youn nan moun ki te batay tou ansanm ak Sendika Nasyonal Travayè Laprès Ayisyèn pou te mete kanpe sendika jounalis nan site endepandans lan.
SNTPH ap mande ki lè dwa moun ap sispann vyole nan peyi a ? ki lè dwa fondamental yo ap sispann vyole nan peyi d Ayiti ? ki lè dwa lavi ap sispann pase anba pye asasen san fwa ni lwa ?
Devan zak sasinay sa a ki pa gen non, Sendika Nasyonal Travayè Laprès Ayisyèn mande :
1) Pou lapolis nan vil Gonayiv ouvè yon ankèt prese prese pou chèche asasen ki touye Alix JOSEPH lan.
2) Pou lajistis mete aksyon piblik an mouvman kont tout moun ki ta sispèk nan kad zak malonèt sa a.
3) Pou leta pran responsablite li pou asire libète tout moun genyen pou yo fonksyone.
SNTPH ap raple lavi moun se youn nan dwa ki pi fondamantal tout moun dwe respekte, leta ayisyen dwe travay pou kreye kondisyon pou dwa sakre sa a respekte tout bon vre.
Pou fini, Sendika Nasyonal Travayè Laprès Ayisyèn prezante kondoleyans li bay fanmi ak zanmi Alix Joseph, kò pwofesè yo nan vil Gonayiv, fanmi laprès lan ki pa sispann konte kadav.
SNTPH swete dosye sa p ap fini nan tiwa la jistis.
Fòk Alix JOSEPH jwenn jistis, Jounalis dwe sispann viktim anba bal asasen.
Viv libète laprès, viv respè dwa fondamantal yo.
Joinet MERZIUS
Resp. Kominikasyon
merj04@yah00.fr/jmerj04@hotmail.com