Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 11 me 2007
Sa fè 1 an depi peyi a gen yon lòt direksyon nan tèt li.
Se sèten pwofondè kriz la lakòz pèsonn pa ta ka atann yo a de chanjman kalitatif rapid. Men li rete nesesè nou byen metrize tandans yo e klè kote nou prale.
Sitiyasyon an difisil anpil e l ap vin pi difisil chak jou pou ouvriye, travayè tout kalite, ansanm ak rès mas popilè yo. Sa mande nou konnen sa n ap fè. Pou byen konnen sa n ap fè a, li nesesè pou nou konprann nan ki toubiyon nou ye e pran pozisyon pou nou AJI.
Malgre evolisyon sou kesyon ensekirite a, sitiyasyon malouk la bay yon gwo tansyon nan fòmasyon sosyal la. Yon fwa ankò, jan nou konn montre li, tout mannèv sou kesyon demokrasi a parèt aklè.
Objektif klas dominant yo ak enperyalis yo ki okipe peyi a, se pou eseye sòti nan kriz la e kreye meyè kondisyon pou laji esplwatasyon ki sou do travayè yo. Tou sa ap fèt nan kad sa yo rele mondyalizasyon an.
Pou sa fèt byen, yo blije itilize yon blòf a gran lijyèn.
· Solisyon peyi a se eleksyon. Lavi montre se blòf.
· Solisyon peyi a se « rekonsilyasyon ». Lavi ap toujou montre se blòf. Yo p ap janm ka rekonsilye grandon ak dimwatye osnon vann jounen. Yo p ap janm ka rekonsilye ouvriye k ap touche 70 goud ak boujwa k ap fè milyon ven sou do yo. Yo p ap janm ka rekonkislye chomè peyi a ap ponn san rete yo e ki nan mizè pi rèd chak jou ak responsab mizè a, kidonk boujwa, grandon ak enperyalis yo.
· Solisyon peyi a se envestisman : nan blòf sa a, lesplwatasyon ouvriye tounen « bay travay ». Lesplwatasyon ouvriye, sou pretèks avantaj konparatif, tounen « boujwa k ap vin sove ouvriye ». E lè yon moun sòti pou louvri je travayè pou yo wè klè nan mistifikasyon sa a, yo di moun sa a « li pa dakò pou gen travay », oswa « li vle kraze peyi a ».
· Jan yo prezante kesyon an, sitiyasyon n ap viv la sanble li pa gen rasin. E lè yon moun oze al chèche rasin yo, yo reponn li se « Ayisyen » ki pa bon, « Ayisyen » ki responsab.
· Malgre tou, kriz la vin pi fon. Okipasyon an ap kontinye e, lè a, yo di, se swadizan « gwo peyi zanmi yo ki vin ede nou ».
Jan nou deja di li, li nesesè pou pran pozisyon.
Se sa k fè Batay Ouvriye pral entèvni ak yon seri DEKLARASYON ki pral sou diferan pwen pi enpòtan yo tankou : apre 1 an, ki sa ki fèt ? Ki pèspektiv yo vle pote devan nou ?
Tapaj sou lwa HOPE la, ki sa l ap maske ? Demagoji sou envestisman an, ki sa ki dèyè li ? Zòn Nòdès la, èske Dominiken ap travay pou anekse li ?
Tansyon ki fò nan peyi a, èske li ka debouche sou yon eklatman ? Ki wòl travayè yo dwe jwe pou evite deriv ane 86-87 yo ?
Eleksyon yo pèmèt bloke reyaksyonè total kapital yo, men èske nouvo gouvènman an, ki san pwogram, pèmèt atake pwoblèm fondamantal yo ?
Koripsyon ap kontinye, evazyon fiskal tout kalite ap kontinye, gwo boujwa ap òganize yo nan tèt leta ak èd pi wo responsab yo, estil ak fòm gouvènans lan ap pran nan tèt leta a ap remennen nou nan repwodiksyon yon otokrasi demode e san okenn avni, men k ap fasilite repwodiksyon yon sektè nan boujwazi a.
Pandan tan sa a, anyen pa janm di ni fèt pa rapò a mas popilè yo vre. Tansyon an ap ogmante.
Kidonk tou sa mande nou klè. Nou dwe klè pou òganize nou pi byen. Nou dwe klè pou lanse mobilizasyon popilè moman an mande a !
Nan batay, ak batay apati enterè travayè yo, fòk nou bloke pwojè reyaksyonè a E OFRI YON LÒT ALTÈNATIV !!!
Pòtoprens, 6 me 2007
Batay ouvriye
batay@batayouvriye.org