Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 7 me 2007
Tankou anba tout gouvènman pi reyaksyonè yo ki te toujou ap bat pou moun rete nan fè nwa, gouvènman Preval/Aleksi a, ane sa a ankò, komemore Premye Me nan kad yon alyenasyon total kapital sou sa dat sa a reprezante tout bon vre pou travayè nan lemonn antye.
Se depi sou Maglwa pratik sa a te mete sou pye pi fèmeman, dekwa pou fè ouvriye ak travayè tout kalite bliye, oswa pa konnen, ki sa ki te Premye Me nan listwa lit travayè.
Ane sa a ankò, lè pèp ayisyen, lè pwogresis konsekan te ka atann yo a de lòt kalite manifestasyon bò kote yon prezidan, yon premye minis, de minis diferan kalite ki, yo menm, konnen trè byen sa dat sa a ye, nou vin wè : se menm alyenasyon an ki toujou ap fonksyone, e k ap fonksyone pi rèd.
Jan yon kamarad te fè resòti trè klè nan youn nan rasanbleman Batay Ouvriye yo ; “GOUVENMAN SA A PA PRAN OKENN MEZI KI ALE NAN ENTERE NOUMENM TRAVAYE”. Minimòm vin di laverite sou Premye Me a, pa fè eksepsyon.
Premye Me, se yon kokennchenn dat.
SE JOUNEN ENTÈNASYONAL TRAVAYÈ. E nou dwe di klèman, li soti nan BATAY KLAS OUVRIYÈ a te mennen. Li pa soti nan yon kole moustach abstrè (e oryante !), kote ni travayè, ni boujwa, ni grandon, ni leta reyaksyonè yo a te “mete tèt ansanm pou valorize travay ak lagrikilti”. Li soti nan BATAY travayè KONT boujwa ansanm ak tout leta reyaksyonè yo a ! Li soti nan gwo represyon ak lanmò klas ouvriyè a te sibi nan batay sa yo.
Se te batay pou rive rache jounen 8 è travay la ak ogmantasyon salè.
Kidonk, se te batay pou fè lesplwatasyon an bese. Men boujwazi peyi Etazini te reponn ak gwo represyon, patikilyèman nan vil Chikago. Poutèt gwo lit sa yo, gwo manifestasyon sa yo, te konsantre, an 1886, otou yon premye me, travayè tout kalite sou tè a, nan yon kongrè yo vin fè apre, vin chwazi PREMYE ME kòm jounen pa yo.
Kidonk, se yon jou ki parèt nan batay nou. Men se yon jou tou kote solidarite vin devlope piplis ant travayè sou tè a. Se yon jou ki pèmèt vanse nan konstwi òganizasyon klas ouvriyè a sou tè a. Se konsa, nan yon bann peyi, se gwo manifestasyon ki konn debouche sou gwo konfwontasyon. Se yon jou kote travayè yo, klas ouvriyè a, fè bilan lit li pou defini kouman l ap vanse. Se yon jou kote klas ouvriyè a ranmase revandikasyon li pou li rantre nan BATAY.
Nan Okap, pandan kanmarad yo te viv mistifikasyon gouvènman aktyèl la ki, malgre li konn tout bagay, toujou ap pòte alyenasyon an menm jan an, e ke yo te fè konnen “Tout sa nou menm ouvriye, travayè, n ap genyen, se nan gwo lit n ap rache yo. Boujwa yo, ni leta boujwa a, pap janm fè nou kado : se òganizasyon nou, mobilizasyon nou, san bouyi vide, anba enterè pa nou, tou sèl, k ap pèmèt nou genyen tout bagay !”
Pou yo : “Premye Me 2006, kote diferan sendika te prezan, ansanm ak plizyè òganizasyon ti peyizan ak òganizasyon travayè nan katye, pwogresis konsekan, ansanm ak plizyè radyo... te rive nan yon moman kote tout moun te nan yon esperans total akòz eleksyon prezidansyèl yo ki te fin pase, yo te al vote an mas, yo te kwè nan tèt yo sitiyasyon yo ta pral gen yon ale mye. Se te yon gwo ilizyon. Paske, fòk nou toujou mete nan tèt nou, noumenm ouvriye, travayè, nou menm nan mas popilè yo an jeneral, noumenm nan kan pèp la, kesyon eleksyon an p ap janm pote fwi pou nou vre. Kèk grenn endividi ka twouve yon amelyorasyon pou tèt pa li ak fanmi l ( e ki amelyorasyon !) men se p ap janm yon bagay global.”
Nan Wanament, ouvriye ak ouvriyèz nan zòn franch lan te reyini. Pou yo : “PREMYE ME dwe rete grave nan memwa nou kòm travayè esplwate. Se poutèt sa, SOKOWA ansanm ak BATAY OUVRIYE ap òganize yon jounen refleksyon nan kad komemorasyon Premye Me ane sa a. Ap gen yon konferans-deba sou Kòd Travay la epi yon dokimantè sou lit ouvriye ann Ajantin nan peryòd kriz ki te mennen a fèmti diferan izin nan peyi sa a”.
Nan Sat, Pòtoprens, te gen yon gwo rasanbleman ki te fèt nan yon lokal Batay Ouvriye te lwe pou okazyon an, kote li te konvoke diferan manm li yo la, kidonk kote diferan òganizasyon ouvriye, travayè ansanm ak asosiyasyon nan katye te reyini pou diskite sitiyasyon n ap viv la e kouman òganize nou pou fè fas.
Pou kanmarad ki te la yo : “Komemorasyon pa nou an rantre nan kad lit, non sèlman pou nou bay Premye Me a vre sans li, men li rantre tou nan kad pousuit pratik konbatif e otonòm nou dwe fè yo.
Jounen jodi a, nou ka di nou grandi, nou gen plis matirite, nou gen plis kapasite e lit nou yo vanse, malgre gwo difikilte, e menm si nou konsyan kondisyon yo mwen mal pase si se te pi gwo reyaksyonè yo ki te la, gouvènman sa a, jounen jodi a, se grandon, boujwa ak enpeyalis pi sanginè yo l ap bay pasaj. Nan sans sa a, nou konsyan batay la p ap fasil, men nou klè sou yon bagay : laviktwa se pou travayè òganize ! N ap travay pou laji pratik nou yo chak jou e, la tou, nou p ap dòmi”.
Nan kad avansman lit yo globalman, fò n di sèten sektè pwogresis manifeste tou. Yo pran pozisyon non sèlman kont mistifikasyon leta reyaksyonè a toujou vle foure nan gagann mas popilè yo, kòmkwa Premye Me se yon kolaborasyon kole moustach ant esplwatè ak esplwate, men yo leve vwa yo byen wo tou pou ajisteman salè ouvriye, kondisyon travay kòrèk, pou lavichè sispann monte bwa, pou otonomi ak souverennte grandèt peyi a, pou gouvènman popetwèl sa a ta manyen pran men l e defann popilasyon ki te mete l la, angiz se boujwa, gran manjè ak grandèt y ap bay avantaj e, an patikilye, defann dwa travayè Ayisyen yo nan peyi Dominiken, kote se krim sou krim, mati apre mati y ap fè kamarad nou yo pase, san respopnsab leta sa a pa janm di yon mo, ale wè fè yon aksyon tout bon pou sa rete. Konsa, SOFA, MODEP, ICKL, TÈT KOLE, PAPDA, CHANDEL... pran desizyon ki montre y ap pran kouraj pou konsolide avansman konsyans yo e rantre nan lit tout bon vre.
Sou bò travayè yo, se mobilizasyon konkrè pou defann dwa pa yo, lavi yo, ki t ap pale. Nan zòn franch Wanament lan, kamarad yo t ap poze ajisteman salè minimòm lan ki dwe rive 350 goud, kadans travay yo ki twò rapid, tizonnnay medam yo k ap rekòmanse e, sitou, Gwoupo M ki pa soti pou respekte akò li te siyen an. Rankont la te tèmine ak yon manifestasyon ki te fè viwonnen lavil la e ki te trè byen akeyi sou tout pasaj li.
Nan Okap menm, anplis chita sou tout diferan pwen sa yo, yo te pote yo nan lari nan yon gwo manifestasyon ki te pase devan biwo rejyonal Afè Sosyal, devan izin kapitalis yo, nan katye popilè yo... e te pran fen nan Vètyè, kote divès kamarad te pran lapawòl. Nan deba ki te suiv yo, yo make konsyans atikilasyon ki pou mete sou pye ant diferan chan lit yo, pandan direksyon klas ouvriyè a, nan mitan travayè yo ansanm ak mas popilè yo an jeneral, rete yon pwen fondamantal nan konstriksyon kan pèp la.
Kamarad Pòtoprens yo te piplis chita sou chanjman Kòd Travay la, anilasyon Kòd Riral la, batay pou gen lekòl, swen sante, sekirite, ansanm ak respè pou nou genyen lè nou mete sendika ak tout kalite òganizasyon nou sou pye.
Tout kote ti peyizan te reyini, yo te rete sou fini ak zafè dimwatye a, sou tè ki nesesè pou yo tout travay, ekzaksyon grandon yo ki pou kaba, leta ki pou sispann defann grandon ak granmanjè tou sèl. Diskisyon yo te trè entans nan milye sa a, etan done se de klas popilè leta konplètman abandone, e ki santi sa.
Tout kote nètalkole, travayè tout kalite, nan jou komemorasyon lit Premye Me pa yo te rete sou koripsyon ki pou fini nan leta a e ki kontinye ap devlope sou gouvènman Preval la, lajan peyi a ki pou sispann gaspiye nan jan leta ap itilize l la.
Anfen, nou pa dwe bliye a okenn moman PEYI A OKIPE ! Nou dwe soti anba okipasyon sa a, men, an menm tan, nou dwe gen kapasite pou nou mete ann aplikasyon tout sa n ap di yo. E, piplis toujou, NOU DWE GEN KAPASITE POU FÈ PEYI A VANSE. Sèl moun ki gen enterè reyèl nan sa, se nou menm travayè.
Lòt klas yo fè fayit e yo montre sa klè. Se sa, dayè, ki mennen nou anba okipasyon an. Men, yon fwa yo fin mennen nou tout nan sitiyasyon okipasyon an, se yo, antanke gwo boujwa, ansanm ak politisyen malpouwont yo, ki pral chita sou li e pwofite. La a tou, nan nouvo ane sa a, nou dwe klè sou tou sa.
Kidonk, nan jou Premye Me sa a, nou menm nan Batay Ouvriye, ansanm ak tout lòt travayè ki lye avèk nou, nou pran dispozisyon pou vanse nan lit nou yo sou tout teren, patikilyèman nan lit global nou yo, ak bon jan PLAN BATAY k ap fikse ki kote pou nou angaje konba a chak fwa, ak ki entansite, ak ki fòs, ak ki objektif. Se pou sa nou dwe klè sou enpòtans lit demokratik popilè yo.
Nan nivo sa a, travay pou gen yon mouvman demokratik popilè, nasyonal, konsekan, enpòtan anpil nan kad konstriksyon kan pèp la, ak travayè yo kòm poto mitan, anba direksyon klas ouvriyè a.
Travay la anpil, batay la pa fasil, men, malgre tou, moman an ka pèmèt nou vanse. Se nou ki pou mare ponyèt nou e vanse ladan li kòm sa dwa.
ABA MISTIFIKASYON-ALYENASYON, KLAS DOMINAN YO ANSANM AK LETAVLE FOURE NAN GAGANN NOU CHAK PREMYE ME A !
ABA LESPLWATASYON ! ABA OKIPASYON !
VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A ! VIV LIT TOUT TRAVAYÈ ! VIV LIT MAS POPILÈ YO AN JENERAL !
VIV KONSTRIKSYON KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN ANBA DIREKSYON KLAS OUVRIYÈ A !
VIV PREMYE ME, KOMEMORASYON BATAY TRAVAYÈ NAN LEMONN ANTYE KONT PATWON ANSANM AK LETA REYAKSYONÈ YO A !
Batay Ouvriye
Pòtoprens, 5 me 2007