11 oganizasyon nasyonal lanse on modòd batay pou travay nan bon kondisyon, nan yon peyi lib

Deklarasyon sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 30 avril 2007

Deklarasyon preme me 2007

Travay se yon dwa, men, se nan batay sèlman nou ka rache li anba men Leta ak boujwa

Chak ane, kou wè premye me ap rive, otorite peyi Dayiti yo pa janm bliye depanse yon pil lajan pou mennen yon seri aktivite pou make sa yo rele fèt travay la.

Nan palè nasyonal, nan Jakmèl, nan ministè yo, se bèl diskou ak bèl banbòch k ap fèt sou do travayè ak travayèz yo.

Men, sa pa anpeche jouk jounen jodi a, pifò ayisyen nan chomaj epi ti ponyen moun k ap travay yo, pifò ladan yo ap travay nan move kondisyon epi chak moun k ap travay gen yon makòn moun ki sou responsablite li.

Boujwazi nou gen nan peyi a, se yon boujwazi revandèz, kokorat ki pito fè komès pakoti pou revann pwodui dominiken, ameriken, franse, chinwa, japonè, olye li mete travay epi ogmante pwodiksyon nasyonal la.

Pandanstan, otorite leta yo kontinye ap louvri vant peyi a bay boujwazi revandèz la, nan kad aplikasyon politik neyoliberal la k ap depafini ak tout sa peyi a pwodui. Mete sou politik neyoliberal yo, politik fouremen pran san rete nan kès leta a ak gaspiyaj resous nou yo lakòz anpil malere ak malerèz lage 2 bra balanse san yo pa wè ni devan, ni dèyè.

Nan izin, nan faktori ak nan zòn franch yo, boujwazi a ap fè tiyon sou do travayè, travayèz yo, k ap touche 70 goud pou yon jounen travay. Yon salè mizè ki pa menm sifi pou pèmèt travayè/ travayèz yo repwodui fòs travay yo. Alòske, dapre dezyèm paragraf atik 137 kòd travay la, salè minimòm nan ta dwe ogmante chak lè pri lavi a ogmante, chak lè pri lavi a ogmante 10 pou san pou yon lane.

Nan milye peyizan an, se menm tèt chaje a. Pifò peyizan pa gen tè pou yo travay. Peyizan ki gen ti mouchwa tè yo, pa gen okenn ankadreman nan men leta a. Nan premye manda prezidan Preval la, li te kòmanse fè yon refòm agrè nan Latibonit. Menm si refòm sa a te fèt mal, te gen yon tikras volonte ki te la. Men pou koulye a, pawòl refòm agrè a pa pale ditou. Okontrè, sektè peyizan an gen anpil menas ki pandye sou do li ak pwojè Jòj Bouch genyen pou plizyè peyi nan kontinan an ak kesyon Byokabiran an, kote anpil tè pral sèvi pou fè machin fonksyone olye yo pwodui manje pou moun manje.

Pou make jounen entènasyonal lit travayè yo (premye me) nan fason pa nou, òganizasyon ak militan pwogresis nan peyi a toujou tanmen yon seri refleksyon sou move kondisyon travay sa yo. Sa vle di, pou travayè, travayèz yo, pou òganizasyon ak militan pwogresis yo, jou premye me a gen yon lòt sans.

Se poutèt sa, nou kwè, nan okazyon premye me ane sa a, pandan tout ane 2007 la ak lòt ane k ap vini yo, batay pou jwenn travay epi travay nan bon kondisyon nan yon peyi lib ki granmoun tèt li, se pi gwo modòd la.

Batay kont aplikasyon plan neyoliberal la ak okipasyon an ki vin kore kalte politik sa a ak kesyon dèt ekstèn nan k ap donnen chomaj, mizè ak ensekirite, se yon nesesite.

Poutèt sa :

1) Ouvriye nan Faktori, nan izin, nan zòn franch, nou tout dwe travay nan bon kondisyon pou nou ka viv lib ;

2) Peyizan k ap travay latè dwe jwenn tè pou yo travay ak bonjan ankadreman nan men otorite leta yo ;

3) Chomè (fanm kou gason) dwe jwenn travay pou itil tèt yo ak kòt fanmi yo.

Leta a dwe mete sèvis sante, edikasyon, lojman ak magazen leta (sèvis apwovizyonnman ki nan dekrè oktòb 1989 la) nan tout peyi a pou pèmèt travayè, travayèz, chomè, ti machann ak tout lòt malere malerèz rale yon souf anba mizè, grangou, chomaj ak ensekirite.

Pandan n ap batay pou amelyore kondisyon lavi nou, nou dwe kontinye òganize nou pou batay manch long ki dwe mennen nou nan yon chanjman total kapital.

Viv yon peyi granmoun

Viv dwa pou nou travay

Aba lamizè, aba chomaj, aba politik neyoliberal yo ak okipasyon peyi a

Antèn Ouvriye, MODEP, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Pohdh, Chandèl, Saj/veye yo, Gatap, Upeh, Iteca, Kpn, Jistis ak lapè.

Pou Otantifikasyon :

Nixon Boumba (MODEP), Renel Sanon (Antèn Ouvriye), Mercidieu Maurancy (Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen)