Español English French Kwéyol

Fisi / Ayiti : Yon leve kanpe

Kominike Sant Ekimenik Dwa Moun

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 mas 2007

Lendi 26 mas, plizyè abitan Fisi, yon seksyon ki sou komin
Kenskòf, mete ansanm pou jwenn 3 pano solè bandi
yo te vòlè sou tèt kay pè yo nan pawas Sen Pòl,
lannuit 7 pou 8 mas. Disparisyon pano yo fè plizyè
pwogram sosyal ak kiltirèl sispann nan Pawas la.

Pè Abenns Simon ak Pè Jan Iv Ifye te souke popilasyon
an. Moun yo mande konkou komisarya Kenskòf pou y al
mare plizyè bandi ki manm ekip Abèl Pòl, alyas « chen
wouj ». Msye chape nan Mòn Lasèl.

Apre yon rankont ki fèt ant Komisè Ilè ak plizyè polisye ki te gen gwo
zam, yon douzèn gason vanyan, ansanm ak depite Lesli
Fanfan, te pati al pran 3 bandi ki manm bann Abèl Pòl.
Yo arete yo, paske yo te gen pano ki te vòlè nan Fisi.
Non yo, se : Deristil Elòj, alyas « Asenèg », Deristil
Maksim ak Mètilis Jowèl. Lapolis ap rapousuiv plizyè
lòt manm gang lan.

N ap souliye yon bagay : popilasyon Fisi a ap mobilize
pou defann dwa li yo ak konkou lapolis. Y ap fabrike
siflèt ak wozo pou rele popilasyon an, sizoka vòlè yo
tap tounen, oubyen pou nenpòt lòt krim. Y ap veye chak
fwa yon machin antre, si yo pa konnen l.

Yon lòt bagay nteresan , se wòl telefòn pòtab ap jwe nan seksyon
riral sa a. Peyizan ki tap siveye vòlè yo tap pale
youn ak lòt nan telefòn anvan yo mare bandi yo.
Kounye a, gen moun ki te achte nan 20 pano yo te vòlè
yo ap viv ak kè sote. Anba anba, gen moun k ap mande
si yo pa ta kab evite prizon an si yo remèt pano ki
lakay yo.

Pou moun ki reyisi jwenn yon pano ki ann eta, gen yon
rekonpans 500 goud. Mobilizasyon sa a fè tout moun dekouvri kouman, lè yo
kanpe ansanm, sa pi bon pase politik « chak koukouy
klere pou je l ».

Anvan, tout moun te konnen, men, pèsonn pat di anyen.
Kounye a, yo konnen yo kab konte
sou lapolis ki gen zam. Semenn ki sot pase a, Komisè
Ilè te refize pran 1.000 dola yon moun te ofri l pou
lage youn nan prizonye yo.