Español English French Kwéyol

Bon Vwayaj, Gran Kouzen Pòl Larak

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) [1]

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 12 mas 2007

Nou tout ki nan domèn lasyans konnen kretyenvivan pa la pou rete sou latè vitametènam. Sepandan, chak fwa jeneral lanmò frape epi trennen lavi nan peyi san chapo, se kòmsi se te premye fwa, paske pa gen pyèsmounn sou latè ki vrèman pare pou yo kase randevou oubyen abitid ak lanmò. Menmsi gen youn regleman natirèl ki di : Tout sa ki gen youn kòmansman dwe gen youn finisman, nou toujou rete kwè, lanmò dwe kanpe lwen-n. Se nan sitiyasyon sa a menm, nou twouve nou ak konbatan, konpayèl powèt parèy nou, Pòl Larak. Nèg konviksyon. Nèg ki te aksepte manje lekzil tan pou li te rantre nan danse kole ak okipasyon degize.

Pòl Larak te viv ak anpil bèl rèv. Yo tout te chita sou twa wòch dife : byennèt pou tout pèp sou latè, lanmou sou divès fòm ak lespwa revolisyon pou netwaye zantray Ayiti. Nan kèlkeswa lanng Pòl Larak te chwazi pou li ekri a, se mesaj sa yo li te deplòtonnen nan lespri lektè li yo.

Lè nou pran lanmou chè pou chè nan Les armes quotidiennes, anndan Œuvres incomplètes, nou kab li :

Je t’appuie au poteau d’amour
J’ouvre la barrière de tes cuisses
La tête chancelle comme une tour
……
Dans l’herbe touffue de la douceur
Je t’ai montée
Je t’ai montée comme un loa
Je t’ai clouée à l’arbre de la douleur
J’ai hanté ta chair de ma joie

Nan Sòlda mawon, Pòl di nou :

Ou vlope lan kò-m
Nou makònen ansanm
Tankou gason ak fanm
M’ tounen koulèv
M’ kouri sou zèb
Tankou zèklè nan syèl
……
Simbi metrès dlo
Fè wout pou nèg ou

Pou li koze ak nou sou fratènite, nan Ce qui demeure, Pòl Larak di nou :

Un sentiment innomé a gonflé la gorge humaine
Et crispé les nègres aux entrailles
Et glacé de peur les hommes blancs
Le vent qui brouille l’espace
Est tempête en mon âme
Mais voici l’espérance
Une voix sans couleur
Chargée de toutes les chaînes brisées
A remué le soir du monde
Et tout être de chair est labouré

Nan Sòlda mawon li pral kontinye pou l’di :

Karayib bay l’Amerik Santral lanmen
L’Amerik Santral bay Nò ak Sid lanmen
N’ap fè yon federasyon ak tout pèp Karayib

P’ ap gen youn ras
Men chak ras va fratènize ak tout ras
P’ap janm gen youn sèl klas
Men va gen youn sosyete san klas

Lè Pòl vle laye koze revolisyon an, li mete chemiz kouzen –l , li rale tanbou-l epi li di :

Tam-tam
fleuve dont la colère trouve enfin le chemin de la mer
Tu brises les verrous de la peur
Tu fais sauter les écluses du silence
Pour dire seul la honte et la misère

Tam tam
Leader lyrique du grand coumbite solaire
Ton chant assemble les matériaux de la cité
Les travailleurs plantant d’une main égale
Les piquets de grève
Et les arbres de la nouvelle ville

( Les arme quotidiennes)

An kreyòl se lanbi li soufle :

M’ pral kanpe sou tèt Mòn Lasèl
Tankou yon sitadèl
Lanbi-m pare
Si larevolisyon an danje
M’ ap soufle
Kannon va tire
( Sòlda Mawon )

Pawòl Kouzen Pòl Larak, se pawòl lanmou, revolisyon ak libète pou tout pèp k’ap soufri sou latè. Nou salye ou, Kouzen, ak kòn lanbi nou, epi n’ap kontinye woule petwo pou nou kanpe rèv ou nan kè sobadji verite. Kouzen Pòl, n’ ap jete twa gout dlo pou ou. Nou espere ou va jwenn bon jan frechè nan vwayaj ou sou wout peyi san chapo.


[1Manm Sosyete Koukouy Kanada
Ekriven, kritik literè