Español English French Kwéyol

MODEP kwè vizit Chavez an Ayiti « se yon bon opòtinite pou pèp Ayisyen an manifeste solidarite li ak pèp Venezyela »

Kominike MODEP

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 11 mas 2007

Lendi 12 mas 2007, bò midi tapan, Prezidan Venezyela a Hugo Chavez ap fè premye vizit li nan peyi Dayiti. Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) kwè prezans Chavez nan peyi a se yon bon opòtinite pou pèp Ayisyen an manifeste solidarite li ak pèp Venezyela a k ap batay pou tabli yon lòt kalite sosyete kote gen yon pi bon repatisyon richès yo. Prezidan Chavez nan sans sa a ap travay seryezman non sèlman pou tabli ansanm ak pèp Venezyela a kalite sosyete sa a, men tou, l ap eseye tabli yon lòt kalite rapò koperasyon ak peyi yo rann pòv yo. Yon kalite koperasyon ki depaman ak koperasyon vètikal pisans enperyalis yo ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo.

Se nan sans sa a, MODEP ap salye kalite koperasyon sèten peyi tankou Kiba ak Venezyela deja ap tabli ak peyi Dayiti. Yon kalite koperasyon ki respekte dwa grandèt majè peyi a menm si li vin pòv. Malgre jefò sa yo, MODEP kwè gen nesesite pou kalite koperasyon sa a ale pi lwen jouk nan ede peyi a soti anba grif malfini, dèt ekstèn ak okipasyon miltinasyonal k ap fèt jounen jodi a anba kouvèti LONI.

MODEP kwè tou Prezidan Chavez dwe pwofite prezans li nan peyi a pou li pèmèt Ayiti jwenn plis avantaj toujou nan akò Petwokaribe a. Men, MODEP kwè, akò sa a dwe sispann jere anba tab, nan fènwa. Akò Petwokaribe a dwe itil tout bon mas moun ki pi defavorize yo. Plizyè sektè nan sosyete a anpatikilye asosyasyon konsomatè ak sendika yo dwe patisipe nan jesyon akò a.

Pou tout rezon sa yo, MODEP envite pèp ayisyen an, moun ki kwè nan chanjman, pou yo deplase al akeyi prezidan Chavez pou kalite koperasyon li kòmanse tabli ak peyi Dayiti, pou manifeste solidarite nou ak pèp venezyela a k ap konstui chimen ki pou Mennen yo nan yon chanjman total kapital. Tout militant ak òganizasyon konsekan, tout fanm ak gason nan katye popilè yo dwe reponn prezan devan Ayewopò ak devan palè nasyonal pou akeyi prezidan Chavez.

Pou MODEP :

Nixon Boumba

Guy Numa