Pozisyon divès òganizasyon ak pèsonalite latinoameriken
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 mas 2007
Nan okazyon 8 mas la, nap sonnen kòn lanbi solidarite pou fanm Ayisyèn yo kap soufri tout kalte vyolans fizik, sikolojik, ak ekonomik, akòz yon okipasyon militè epi piyaj resous ekonomik peyi a.
Depi mitan lane 2004, Ayiti ap soufri anba yon okipasyon militè Nazyon Zini atravè MINUSTHA ki swadizan gen misyon pou diminye vyolans epi pwoteje dwa moun ak asire sekirite popilasyon an. Apre 2 lane, nou kapab di klèman MINUSTHA echwe. Sòlda ki swadizan te vini pou mete lapè, pwouve yo se yon fòs okipasyon kap vyole dwa popilasyon an, sitou dwa fanm ak dwa tifi.
Nouvèl sou istwa vyòl, abi seksyèl ki fèt kit sou fanm, kit sou ti gason, kit sou tifi, epi trafik ak kòmès seksyèl pa sispann miltipliye. Menm òganizasyon Nasyonzini te oblije pran responsabilite pou l di sòlda MINUSTHA ap vyole dwa fanm ak tifi. Nan 2 dènye lane ki sot pase yo, 189 solda, polisye ak anplwaye sivil MINUSTHA te resevwa sanksyon paske yo te enplike nan krim sa yo. Nan premye 10 mwa lane 2006 la, 63% zak vyolasyon sa yo te gen pou wè ak vyolans seksyèl. Konsa, pou nou site 2 egzanp sèlman, solda yo te vyole yon tifi 11 zan devan Palè Nasyonal la menú ; epitou yo te vyole yon ti gason ki genyen mwens pase 14 zan nan yon baz militè Nasyonzini.
Sitiyasyon vyolans fizik ak sikolojik sa a mache ak vyolans ekonomik. Ayiti se youn nan peyi ki pi pòv nan Amerik la. 80% popilasyon ana p viv nan gwo lamizè (malsite), epi 4 milyon moun pa gen aksè ak sekirite lamanjay. Dèt la peyi a kontinye ap peye a vin tornen yon gwo piyaj finansye resous peyi a. Pandan lane 2005 la, plis pase 80 milyon dola vèt te prevwa pou peye enterè ak sevis dèt ekstèn – yon dèt Enstitisyon Finansye Entènasyonal (IFI) yo ak lòt swadizan pretè kontinye ap enpoze peyi a. Dèt sa a pa lejitim : 45% nan dèt yap mande peyi d Ayiti pou l peye jounen jodia se gouvènman díktati fanmi Duyalier yo ki te prete epi itilize yo. Se fanm yo ak pitit fi kou gason yo ki peye konsekans dèt sa a lè yo pa rive jwi dwa elemantè fondalnatal yo.
Se pou rezon sa yo, nap egzije anilasyon total, san kondisyon dèt ekstèn peyi d Ayiti ; epi, nap mande pou resous ki soti nan anilasyon dèt la envesti nan lasante, ledikasyon, epi amelyorasyon kondisyon lavi pou tout Ayisyèn ak Ayisyen. Fòk nou tout akonpanye batay pou altènativ jistis ki kapab pèmèt restitisyon ak reparasyon pou piyaj ki toujou ap fèt depi 200 zan, pandan se pou fanm yo yo gen yon dèt finansye, sosyal, kiltirèl epi ak sa ki gen pou wè ak egalite fanm ak gason, yon dèt ki ap vin pi plis pandan tout listwa kolonizasyon machis la e ki ap kontinye grandi kòm konsekans eksplwatasyon kapitalis jounen jodia.
Nou pran angajman pou n mande gouvènman peyi nou yo pou retire sòlda yo genyen nan peyi Dayiti, epi mete an aplikasyon bon jan politik solidarite ki respekte dwa granmoun ak otodetèminasyon peyi a epi dwa tout pèp Ayisyen an.
Viv dwa LAVI pou fanm Ayisyèn !
Aba vyolans ak abi seksyèl !
Aba okipasyon militè ak ekonomik !
Anilasyon total, san kondisyon dèt ekstèn !
Fòk MINUSTHA kite peyi Dayiti !
Premye siyati :
Nora Cortiñas, Madre de Plaza de Mayo LF
Beverly Keene, coordinadora Jubileo Sur Américas
Rina Bertaccini, co-presidenta Consejo Mundial de la Paz
Gladys Jarazo/Laura Yanella/ María Eugenia Lanusse, Diálogo 2000
Fanny Edelman, Partido Comunista
Hna. María Bassa, Asociación Guadalupe
Hna. Cecilia Duarte, Espacio Ecuménico
Sandra Quintela, PACS-Brasil
Mariela Santander/Blanca Gómez, Mesa Mujer y Economía-Colombia
Vèsyon espayòl : http://www.alterpresse.org/spip.php?article5730