Pòtoprens, 5 Fevriye 07 [AlterPresse] --- « Betsi » se non sa edikatris Jocelyne Trouillot bay dènye woman li a pote. Vant siyati liv sa te fèt jounen 3 fevriye 2007 la nan Libreri Lapleyad, daprè sa AlterPresse te konstate.
Woman sa ki gen 246 paj rakonte lavi Betsi, yon jenn fi ki santi li imilye nan fanmi li akòz li pa gen menm koulè ak lòt sè li yo. Malgre ti pitit sa entelijan anpil, li toujou santi li mal alèz sitou lè moun deyò ap mande l pou kisa li pa sanble ak lòt pitit manman l ak papa l.
« Se pa yon liv sou prejije koulè. Liv la touche pwoblèm lan m ta ka di endirekteman paske Betsi santi gen de lè li irite, sitou lè moun ap mande l kouman l fè pa sanble lòt yo », se sa Jocelyne Trouillot deklare bay AlterPresse nan moman li t ap siyen liv sa nan Libreri Lapleyad.
Anpil moun ki enterese nan kesyon literati pa bò isit te fè deplasman al achte liv sa.
BETSI jan tout moun ta vle kwè l « pa yon woman sosyolojik, li pa vin soulve pwoblèm koulè a » nan peyi d Ayiti. « Se pito de pwoblèm yon jenn ti adolesant li pale, manmzèl fè afro, epi yap poze l kesyon pou ki cheve nan tèt li kout, pouki li pa long menm jan ak pa lòt sè li yo », nou tap site Jocelyne Trouillot.
Otè liv sa se yon edikatris, ki travay anpil nan kesyon lang kreyòl. Jocelyne Trouillot gen yon metriz nan lang kreyol, li fè etid doktora nan administrasyon eskolè. Pou kounye a li se Rektris inivèsite Karayib ki chita kò l nan Dèlma 29. Madan Twouyo gentan pibliye yon ventèn liv nan lang kreyòl pou timoun 6 ak 12 rekòt kafe.
Li fè rechèch tou sou listwa edikasyon, li travay nan domèn literati pou jenn. Pou kounye a, Jocelyne Trouillot pa gen lentansyon tradui liv sa an Franse. « Si yon editè osnon lòt moun ta vle tradui l : Wi. Mwen gen lòt woman an chantye, m plis travay direkteman sou Kreyòl la », se sa ekriven an di AlterPresse.
Woman sa se kontribisyon pa Jocelyne Trouillot pou pouse literati kreyòl la monte. « Mwen ekri an Kreyòl pou jenn yo, m ekri an Kreyòl nan lòt sikonstans tou ki pa syans fiksyon ». Pou ekri liv sa, Jocelyne Trouillot pase plis pase 2 lane ap travay.
Se nan lane 1975 Franketienne te ekri premye woman nan lang Kreyòl, kat lane apre liv sa ta pral tradui an Franse sou tit « Les Affres d’un défi ».
Sepandan, yo te koumanse pibliye tèks an Kreyòl depi nan finisman 17è syèk. Nan lane 1754, Duvivier de la Mahautière te pibliye « Lisette quitté la Plaine », yon pwezi an Kreyòl. Apre sa, anpil lòt ekriven t ap kontinye ekri nan lang sa esklav nan koloni Sen Domeng te konn pale.
Nou jwenn anpil liv syantifik tou ki pibliye an Kreyòl, tankou « Depi nan ginen, nèg renmen nèg » antwopològ Suze Mathieu te ekri nan lane 2005.
Nan lane 2002, Beaudelaine Pierre te ranpòte yon Konkou Jounal Bon Nouvèl te òganize ak yon woman li rele « Testaman ». Menm Beaudelaine sa te remèt memwa li nan Fakilte Syans Zimèn an Kreyòl pou l te ka gen lisans nan Kominikasyon Sosyal. [do gp apr 05/02/2007 12:00]