Español English French Kwéyol

« Refòm agrè se pou korije enjistis ak ensekirite ki genyen nan jan tè repati nan peyi d Ayiti »

Entèvyou avèk Bernard Ethéart, Direktè jeneral Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (an fransè, Institut National de la Réforme Agraire –INARA-)

Wooldy Edson Louidor

Marigo (Jakmel), 2 fev. 07 [AlterPresse] --- Nan kad Seminè Platfòm Agroekoloji pou Devlòpman Dirab (PADED) te òganize sòti 28 pou rive 31 janvye 2007 nan Marigo (Sidès) sou tèm « Accès à la terre, Sécurité foncière et Participation paysanne », AlterPresse te rankontre Bernard Ethéart, direktè jeneral Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA).

Nou poze Bernard Ethéart kesyon sou kijan li konprann kesyon “refòm agrè” a, kijan pwoblematik sa a poze nan tout listwa peyi d Ayiti, ki bagay ki nèf INARA vin pote ladann, ki obstak enstitisyon Leta sa a rankontre jounen jodi a, ki pèspektiv li gen pou lavni ?

AlterPresse (Apr) – Bernard Ethéart, Kisa sa vle di pou ou « Refòm Agrè » ?

Bernard Ethéart (BE) - Genyen anpil bagay ki ekri sou “Refòm Agrè”. Ann pati de yon konsta sou sitiyasyon fonsyè a nan peyi d Ayiti, sa vle di sou jan tè repati. Sitiyasyon fonsyè a gen de (2) karakteristik : premyèman, li enjis ; dezyèman, gen yon « ensekirite » pou pratikman tout moun ki an posesyon tè. « Ensekirite » vle di ke a nenpòt ki moman yo ka pèdi tè a. Pa egzanp, si gen yon moun ki vini konteste dwa posesyon yo. Kidonk, refòm nan la pou li korije 2 bagay sa yo.

Apr - Kijan pwoblèm Refòm Agrè a poze atravè listwa Peyi d Ayiti ?

BE- Pou nou ka konprann refòm agrè a, nou blije rantre nan listwa peyi d Ayiti pou nou wè kote enjistis la ak ensekirite a kòmanse. Avan endependans peyi a, te gen yon sitiyasyon kolonyal kote se kolon yo ki te posede tè yo ak gro bitasyon yo. Vin gen revolisyon ki vin debouche sou endependans Ayiti, pwoblèm ki vin poze a se : kisa nou pral fè ak tè kolon yo ?

Te gen 2 opinyon. Yon gwoup moun te di ke fòk nou konsève sistèm gwo plantasyon yo ki pwodui danre eksplwatasyon, paske se sa ki te fè richès koloni an. An fas gwoup sa a, te gen yon lòt gwoup ki te di non ; yo te prefere ke yo separe tè yo pou bay chak moun ak chak fanmi yon ti mòso.

2 gwoup ki te apiye 2 opinyon sa yo, se te : yon kote, nouvèl boujwazi ki te gen ladann ansyen lib yo ak kèk nouvo lib, tankou jeneral lame endijèn yo. Yon lòt kote, se ansyen esklav yo ki te vin tounen peyizan. Nouvèl klas peyizan sa a te konsidere ke “libète” vle di “pa travay pou moun ankò”, “vin tounen travayè ki gen pwòp tè pa li, ki otonòm, ki endepandan”.

Pwoblèm sa a pa janm jwenn yon solisyon definitif. Nan tout listwa peyi d Ayiti, chak gwoup sa yo ap eseye enpoze opinyon pa li, pandan ke Leta a pa janm tranche yon jan fòmèl, yon fason rasyonèl, pou li di : men kijan nou ap fè sa, men kijan nou ap òganize sa a, si nou ap adopte youn nan opinyon sa yo, si nou ap aplike toulède paske toulède nesesè...

Politik agrè pa janm defini ann Ayiti. Konn gen kèk tantativ ki fèt isit lòt bò pou adopte ak aplike kèk politik agrè, men yo pa janm bay rezilta. Kòm pa gen yon vrè kontwòl Leta, chak moun eseye enpoze li nan sezi tè. Ti peyizan yo monte sou tè pou yo travay, paske prezidan Jean-Jacques Dessalines (moun ki te fonde nasyon an) te deklare ke tout tè se tè leta, kidonk yo enstale yo sou tè leta.

An menm tan tou, gen gran nèg ki sezi anpil tè, epi yo di ke se tè pa yo. Sa ki te plis fasilite toulède kan yo, se don nasyonal yo. Keseswa Jean-Jacques Dessalines, Henry Christophe, Alexandre Pétion, Jean-Pierre Boyer, tout chèf deta sa yo te fè sa yo te rele “Gran don nasyonal », sa vle di yo te bay ansyen jeneral yo ak lòt gwo zotobre anpil tè. Se la ke tèm « Gran don » an sòti.

Gen kèk chèf deta tou tankou Christophe, men se sitou Pétion, ki te fè distribisyon bay sòlda ak ti peyizan. Boyer li menm te vle fini ak kalite distribisyon sa a, paske li te pou sistèm gran propriyete. Boyer te menm rive anile kèk mezi distribisyon ke Pétion te tabli.

Apa “don nasyonal yo” ki te fèt yon jan legal, prèske tout moun yo ki an posesyon tè reyalize sa yon jan ilegal ; se sa ki fè yo pa gen tit propriyete. Se la a ensekirite a sòti, paske pi fò moun pa gen tit. Enjistis la ap vini tou, paske se moun ki nan pouvwa a ki gen plis fasilite pou li pran posyesyon gran propriyete. Se sa ki fè ke ou ka jwenn yon gwo propriyete ki pou yon sèl moun, epi anpil fwa pwopriyete sa a pa eksplwate oubyen li manke eksplwate. Kidonk, la a gen yon enjistis nan repatisyon tè a ; anplis, genyen ensekirite.

Apr - Ki bagay ki nèf ke INARA vin pote nan pwoblematik refòm agrè a ?

BE - Nan konsepsyon pa nou, refòm agrè se pou mete lòd. Atik Konstitisyon 1987 peyi d Ayiti a ki kreye INARA di ke li kreye Enstitisyon sa a pou li fè yon refòm nan estriti fonsyè, sa vle di pou mete lòd nan yon briganday ki egziste. Konstitisyon an opte pou yon refòm ki pou fèt nan benefis moun ki ap reyèlman travay tè a, kidonk li anfavè ti peyizan yo, ti agrikiltè yo, tout lòt moun ki defavorize yo. Sa a se objektif ke INARA ap pouswiv.

Apr - Ki obstak INARA rankontre nan jefò li ap fè pou reyalize objektif sa a ke Konstitisyon an ba li ?

BE - Gouvènè yo pa janm pran yon pozisyon, yo pa janm defini yon politik agrè. Nan lane 1995, yo kreye INARA, paske aprè depa Jean-Claude Duvalier te gen yon atmosfè kote tout peyi a t ap rete tann yon chanjman. Mo kle ki te gen nan epòk sa a, se te “chanjman”. Tout peyi t ap rete tann yon amelyorasyon nan kondisyon òganizasyon sosyete a. Se nan sans sa a ke moun ki t ap fè konstitisyon 1987 yo (konstitiyan yo) te resevwa tout mesaj sa yo ki te sòti nan popilasyon an. Youn nan chanjman ke pèp la t ap mande, se te Refòm Agrè. Yo t ap mande pou yon refòm agrè fèt nan peyi a. Te gen tout kalite refòm ke yo tap mande tankou refòm jistis, elatriye. Se nan atmosfè sa a ke Konstitisyon 1987 peyi d Ayiti a vini ak Refòm agrè a.

Men aprè sa a, tout bagay rete la. Gouvènman ki vini aprè yo pa okipe yo de sa. Konstitisyon an fèt nan lane 1987, poutan se jis nan lane 1991 ke Jean-Bertrand Aristide, nan premye pasaj li nan pouvwa a, kreye yon komisyon pou prepare yon lwa sou INARA. Dokiman an, se te Rony Smarth, Michel Héctor, Jean-Rénold Ely ki te travay sou li e ki te prepare li. Answit, apre koudeta militè yo te fè kont rejim Aristide la nan mwa sektanm 1991, okenn moun pa janm okipe yo ankò de refòm agrè.

Nan lane 1994 lè Aristide tounen, li repran lide refòm agrè a. Nan lane 1995, li vini ak Dekrè 19 avril 1995 ki te kreye INARA. Manda Aristide te vin bout, li te kite pouvwa a. Nouvo prezidan an ki se René Préval monte, nan premye manda li a, epi li vini antre nan kesyon refòm agrè. Men preokipasyon Préval se te sitou Oganis Devlopman Lavale Latibonit (nan lang fransè, Organisme pour le Développement de la Vallée de l’Artibonite –ODVA-). Li te vle konnen poukisa ODVA pa te ka mache e kisa ki te ka fèt pou li ka mache. Préval te enstale kòm prezidan jou ki te se 7 fevriye 1996, epi 13 fevriye (apre 6 jou) li te kòmanse yon echanj lide ak Minis Agrikilti a, ansanm ak Direktè ODVA a, pou li te ka konnen kisa k ap pase nan ODVA, e kisa ki te kapab fèt.

Aprè yon bon bout tan, Préval vin rann li kont ke pou OVDA ka mache, fòk gen yon travay ki pou fèt nan kesyon repatisyon tè. Se la a li vin adopte lide Refòm Agrè a. Lè sa a, li rele mwen pou m vini Latibonit, e se nan zòn sa a nou te fè premye eksperyans Refòm agrè a.

Préval vin pase pouvwa a bay Aristide. Nan dezyèm manda li, Aristide te vin montre mwens enterè pou refòm agrè, pou nou pa di ke li pa te montre okenn enterè ditou. Mwen te fè yon rankont ak li nan mwa oktòb 2001. Se mwen ki te mande li rankont la. Mwen te vini ak tout dosye ke mwen te vle trete ak li yo. Li te pran tout dosye sa yo, li te mete yo la, epi li te pale avèk mwen sou alfabetizasyon.

Se konsa INARA kòmanse trennen. Efektivman, nou ka di ke, depi lè sa a jouk jounen jodi a, INARA bloke. Aristide te ale 29 fevriye 2004, bagay yo te vin pi mal paske gouvènman enterimè a pa te enterese ditou ak refòm agrè.

Apr - Ki pèspektiv pou lavni ke INARA genyen ?

BE - Ak nouvo gouvènman Préval la nou gen lespwa ke bagay yo ka reprann, men nou pa gen okenn asirans. Piske gouvènman yo pa janm pran yon pozisyon definitif sou refòm agrè oubyen, mèm lè yo ta enterese nan kesyon sa a (pa egzanp, Préval te enterese nan ODVA), bagay ki esansyèl yo tankou vote yon lwa sou Refòm agrè pa janm fèt. Kidonk, baz yo pa la.

Pa egzanp, jouk jounen jodi a INARA pa gen okenn baz legal : pa gen yon lwa, sèlman gen yon Dekrè ki fonde li. Sa vin fè ke INARA gen yon ensekirite. Anplis, li pa gen mwayen finansye pou li fonksyone.

Sa nou ap fè, se rete tann pou wè kilè bagay yo ka vin miyò. Petèt, li ka vin miyò, men nou poko konnen. Men nou ap fè tout jefò nou pou, sizonka ta vin gen yon posibilite, nou kapab tire pwofi de li, epi pou nou ka fè yon aksyon veritab. [wel gp apr 2007-02-02 15:00]