Español English French Kwéyol

Kontwòl la ap chape : Fòk otòrite yo mete kesyon sekirite a nan premye plas

« Peyi a pa ka respire anba ensekirite, vyolans, ak enpinite sa a »

Kominike Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti

AlterPresse jwenn dokiman sa a 20 desanm 2006

Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti mete ak tout popilasyon an pou di enkyetid li ak endiyasyon l devan ògmantasyon vyolans lan nan peyi a. Nan dènye semèn sa yo nou te temwèn plizyè zak laterè ak vyolans terib – yon vyolans ki kounye a sanble sible timoun inosan .

Peyi a menase plonje nan yon anachi san parèy si otorite yo pa pran bon jan mezi pou kwape zak vyolans sa yo. Kidnapè yo ap opere toupatou nan zòn metropoliten nan - depi Laboul pase Croix des Bouquets rive Carrefour-Feuilles pase Turgeau. Sòti 1e pou rive 19 desanm 2006, genyen 41 moun ki mouri pa bal nan zòn metropolitèn nan sèlman. Kòm rezilta se yon popilasyon ki tromatize, ki paralize ak lapè. Lekòl femèn pòt yo pi bonè malgre timoun yo tap konpoze ; pi rèd toujou gen lekòl bandi pran ak fòs pou fè yo tounen baz yo. Plizyè fwa zak vyolans yo anonse davans e klima empinite ki gaye anndan peyi a pèmèt zak sa yo fèt san kè sote.

Nan sitiyasyon sa nou mande kouman sa fè posib lè nou gen yon gouvènman eli an plas ki genyen pou premyè priyorite pou garanti sekirite sitwayen li yo ? Kouman sa posib lè nou konnen gen yon komisyon ki tabli nan palman an ki gen pou l travay e fè kontwòl sou kesyon sekirite ? Kouman sa k’ap fèt lè nou genyen yon Komisyon Nasyonal Dezamèman, Demanètlman, ak Re-ensèsyon an ki gen pou l wete zam ki nan men kriminèl yo ? Kouman sa kap fèt lè nou gen MINUSTA sou terèn an avek plis pase 9,000 moun nan kad misyon li genyen pou apiye estabilizasyon ak sekirite peyi a ?

Gouvènman an mete aksan sou prezans depote yo nan dejenerasyon sityasyon an. Pa gen dout sou wòl depote yo jwe nan ensekirite a, sepandan, se responsablite gouvènman pou li idantifye tout faktè ki antrene sitiyasyon sa a, detèmine nivo enplikasyon yo epi devlope bon jan estrateji pou konbat fenomèn vyolans sa a.

Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti rekonèt resous gouvènman an limite. Men nan sitiyasyon desespere sa Gouvènman an dwe rann kont bay popilasyon sou mezi pou garanti yon minimom sekirite prese prese. Tout tan Gouvènman ayisyen an ap mande popilasyon an pòte kole ak otòrite. Se vre kolaborasyon sa se yon eleman esansyèl nan lit kont ensekirite men sa pap rive fèt si gouvenman an pa pran mezi ijan vizib, prese prese. Gouvenman an dwe montre yon volonte politik solid pou ankouraje popilasyon an mobilize pou kolabore kont ensekirite a.

Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti rete kwè epi ap fè pwòmosyon pou yon pwosesis dyalog kominòte kòm apwòch pou redwi vyolans an ayiti. Nou rete kwè li enpòtan pou leta ak tout sektè nan sosyete a travay pou konbat lamizè ak esklizyon, pou tabli plis Jistis sosyal ak ekonomik pou rive kwape sous ensekirite ak vyolans. Fòk nou rete klè nan analiz nou menm lè laperèz ap kraze moral nou tout ; se sa kap pèmèt nou jwenn rezilta dirab. Pou travay nan sans sa, premye pa pou otorite leta yo fè se itilize fòs la lwa pou voye bay moun ki fèmen tout espas yo, moun ki ap terorize lari a nan Pòtoprens, yon mesaj fò e klè pou di yo nou pa’p tolere sa ankò. Eske gouvènman an pase mesaj klè konsa pandan l’ap fè “negosyasyon” li yo ?

Gouvenman an dwè sispann plenyen sou koze “woule m de bò” kominòte entenasyonal la ap fè. Pito otorite ayisyen yo devlòpe epi pataje de plan konkrè, kote yo ka mande patisipasyon tout sektè nan sosyete an san eksepsyon, pou patisipe aktivman nan gere kriz sa. Chak jou kap pase san govenman pa reyaji kòm sa dwa , nou riske gen plis victim, imaj peyi a plat atè epitou peyi a ap pèdi tout posibilite pou amelyore kondisyon sosyo-ekonomik pèp la.

Chak jou ki pase, ti kontwòl otorite yo genyen koumanse echape yo. Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti ki genyen ladan l 15 òganizasyon ap mande gouvènman pou deplwaye tout enèji ak fòs li, pou reponn prese prese ak zak vyolans ki menase mete peyi a nan anachi total kapital. Kanpay lan ap mande otorite yo pou :

- Pran mezi pou antisipe menas kriminèl ki di yo pral ògmante aktivite vyolans yo pandan fèt nwel la ;

- Transfòme prese prese plan teyorik komisyon palmante ak minis yo nan aksyon konkrèt pou nou kapab jwenn rezilta ;

- Pran an konsiderasyon ansanm refleksyon ki fèt sou zafè mezi ki dwe pran pou konbat ensekirite a nan respè konvansyon, lwa ak konstitisyon peyi a ;

- Devlòpe epi enplemante yon estrateji an komen ant PNH la ak MINUSTA pou yo kapab fè maximum ak resous MINUSTA ki disponib (helicoptè, machinn, moun elatriye) pou redwi zak vyolans kap fèt andan vil la ;

- Kòdone patwouy PNH-MINUSTA nan zòn estratejik yo epi nan lè estratejik, sitou nan zòn kote lekòl yo ap toujou fonksyone ;

- Devlope, epi enplemante estrateji ak mezi pou garanti sekirite elèv profesè paran pou larentre lekòl la fèt nomalman nan koumansman lane 2007 ;

- Pase mesaj nan medya yo pou mande lespri solidarite pou ankouraje popilasyon an pou youn ede lòt lè yo menase, lè yo atake yo ;

- Bay sipò sikolojik pou timoun ki afekte dirèkteman pa vyolans lan, sitou timoun ki te kidnape yo ;

- Konsidère tout posibilite pou etabli yon prezans pèmanan an komen ant PNH-MINUSTA nan zòn klè kote gen anpil vyolans, tankou Fò Mèkredi, Gran Ravin, Matisan, Laplenn ;

- Devlope yon estrateji pou lòt vil yo pou anpeche bandi koumanse layite aksyon yo oubyen jwenn espas pou retranche yo ;

- Ankouraje yon mobilizasyon popilè ak kreyasyon yon hot-line kote fanmi viktim kidnapping yo kapab rele lapolis pou mande lèd epi kote manm kominote a kapab rele pou bay lapolis enfomasyon ;

- Devlope an kolaborasyon ak patnè entènasyonal yo yon sistèm aproprye pou jere depòte yo, tankou konstriksyon yon sant reyabilitasyon ak entegrasyon plis yon pwogram kontwòl.

Kanpay pou Redwi Vyolans an Ayiti a, ap envite tout sektè nan popilasyon an pou mete tèt yo ansanm, mobilize pou mande gouvènman an pran responsablite l pou garanti dwa moun genyen pou viv nan lapè ak sekirite.

Peyi a pa ka respire anba ensekirite, vyolans, ak enpinite sa a. Se pa Nan Ayiti sa a nou chwazi pou nou viv ; se pa Imaj Ayiti sa nou vle voye bay deyo. Lè a rive pou n mète fen nan soufrans ak vyolans. Twop san koule ! Vyolans Pote Soufrans ! Ann bay peyi n yon chans !

Pòtoprens, 20 Desanm 2006

Pou Komite Egzekitif la :

Yolette ETIENNE, Oxfam GB

Joseph GEORGES, SAKS

James Edwin WOOLEY, ActionAid

Erlande MERCERON, PEJEFE