Español English French Kwéyol

77 lane depi militè meriken te masakre plis pase 20 peyizan nan Machatè

Ayiti « ap viv yon twazyèm okipasyon »

Pozisyon plizyè òganizasyon lavil ak òganizasyon peyizan 6 desanm nan okazyon 77 lane masak Machatè Okay

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 desanm 2006

[NR : 6 desanm 2006, te gen yon gwo seremoni nan Machatè. Nan seremoni sa a, te gen animasyon chante ak mizik, deklarasyon divès òganizasyon nan Sid. Patisipan yo te boule yon drapo ameriken pou manifeste kòlè yo kont masak Machatè a epi pou make dezakò yo ak okipasyon peyi a. Seremoni sa a te fèt 11è maten pou rive 1è apremidi.

Apati 7è nan aswè, te gen yon gwo espektak teyat popilè kont okipasyon ki te fèt sou plas dam Okay la ki devan katedral la.

Anvan seremoni Machatè a, te gen yon deba ki te fèt sou radyo Vwa Klodi Mizo sou tèm : Ki Rezilta prezans MINISTA nan peyi a ?]

6 desanm 1929, 6 desanm 2006 fè egzakteman 77 lane depi militè meriken te masakre plis pase 20 peyizan nan Machatè ki nan rantre vil Okay. Okipasyon meriken nan peyi a nan lane 1915 te rive nan yon moman kote enperyalis la te bezwen layite zèl li pou tabli dominasyon li sou tout kontinan an. Apre entèvansyon militè 1915 lan, peyizan yo te ofri yon kokenn chenn rezistans kont okipasyon an. Peyizan yo te òganize yo anba lobedyans lame kako a ki te gen nan tèt li vanyan gason Benwa Batravil ak Chalmay Peral.

Men, apre plizyè lane rezistans, lame meriken ki te gen sipò klas dominant yo ak yon bon pati nan ti boujwazi a, te masakre peyizan yo pa santèn poutèt yo t ap di non kont okipasyon an. Nan lane 1929, yon dividal peyizan ki te soti nan plizyè komin nan depatman Sid la, te pran lari pou manifeste kont taks militè meriken te mete sou pwodui yo. Se nan moman sa a, militè meriken te masakre plis pase 20 peyizan nan Machatè Okay alòske, yo t ap defann dwa yo. Bay kou bliye pote mak sonje. Oganizasyon konsekan, militan, jenn fanm kou jenn gason k ap viv jounen jodi a, pa dwe janm bliye gwo moman difisil sa a peyizan nan Sid t ap viv nan lane 1929.

77 lane apre masak Machatè, peyi a ap viv yon twazyèm okipasyon nan moman n ap selebre 200 lane lanmò youn nan fondatè nasyon an. Tout ayisyen ki gen nan venn yo, san Desalin, Benwa Batravil ak Chalmay Peral, dwe batay pou wete peyi a anba jouk fòs okipasyon miltinasyonal la k ap fèt anba kouvèti LONI.

Fòs okipasyon sa a ki koute peyi a 520 milyon dola vèt chak ane, k ap fè kadejak sou fanm epi kraze brize nan katye popilè yo, se yon gwo fado sou do pèp Ayisyen an. Poutèt sa, nou ki nan Mouvman Inite Pèp Okay, Baz Revolisyonè Oganizasyon Popilè Sid, Tèt Kole Sid, UNNOH/Sid ak Mouvman Demokratik Popilè, nou lanse yon apèl jeneral pou mande tout ayisyen ki vle yon Ayiti granmoun, pou yo leve kanpe kont MINISTA nan peyi a.

Viv yon ayiti granmoun !
Aba tout plan lanmo !
Aba okipasyon !

Moun ki siyen

MIPAK : Jean Claude Sael

BROPS : Frantz Thélusma

MODEP : Guy Numa

Tèt Kole/Sid : Clément François

UNNOH/Sid : Bonnet Guybonce