Evalyasyon eleksyon 3 desanm 2006, dapre Jistis ak Lapè
AlterPresse jwenn dokiman sa a 7 desanm 2006
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè a te reponn prezan nan obsèvasyon elektoral jou ki 3 desanm 2006, ak plis pase 1100 obsèvatè atravè 10 depatman peyi a. Komisyon an salye tout moun, ni sa k te vote ni sa k pa t vote, paske nou tout, nou te vle voye yon mesaj bay otorite Leta yo ak pati politik yo. Nou swete pou yo chèche konprann li. Komisyon an prezante kondoleyans li bay fanmi tout moun ki tonbe viktim nan lokazyon eleksyon sa a. Li denonse tout fòm entolerans ak vyolans ki pa kadre ak chimen pasifik ki genyen pou sitwayen yo òganize tèt yo nan yon menm peyi.
Men kèk konsta nou fè
Nan zòn metwopoliten an :
1. Jou ki 3 desanm 2006, yon fason jeneral, moun yo pa t vote anpil. Nan plizyè BV, apa mandatè yo, patisipasyon an pa t rive nan 30 moun sou 400 elektè ki te kab vote. Sa bay pi piti pase 10 % patisipasyon pou plizyè sant nan zòn metwopoliten an.
2. Tout moun te remake pakèt mandatè pati politik yo ki te sou plas depi byen bonè e pandan tout jounen an. Nan plizyè kote, mandatè yo te depase 6 pou yon BV. Te gen magouy nan manda yo tou. Plizyè mandatè t ap fè presyon sou ajan elektoral yo.
3. Apa kèk sant kote te genyen anpil sekirite, nan lòt sant yo se apèn kèk polisye ki te genyen pou voye je sou yo, epoutan se sant toupre zòn ki gen risk yo te ye.
4. Yo te siyale plizyè ka moun ki te vin vote, ki pa t jwenn non yo sou okenn lis. Si deja valè votan yo piti anpil, sistèm nan te vle kite lòt moun ki anvi vote yo dèyè tou.
5. Plizyè kote, espas anndan sant vòt yo pa t bon pou resevwa valè moun ki te gen dwa vote nan BV sa a. Nou pa t wè pwogrè ki te fèt nan sans sa a. Si anpil moun te vle vote, ta genyen pwoblèm sèten pou akeyi yo epi pou jere yo.
Nan depatman yo :
1. Patisipasyon moun yo te pi plis, sitou nan seksyon kominal yo, menm lè sant vòt yo pi lwen. Men, an jeneral, pa t gen patisipasyon masiv, jan sa ta dwe fèt si sitwayen yo ta bay eleksyon yo anpil enpòtans. Kèk kote te gen bon patisipasyon. Pa egzanp : nan depatman Nòdès, kote yo te vote tou pou senatè, patisipasyon an te depase 50 % pou rive 60 % nan kèk kote. Nan depatman Nip tou, selon enfòmasyon yo, moun yo byen patisipe.
2. An jeneral, tout materyèl pou vote te sou plas. Sètènman te genyen anpil iregilarite, men an jeneral yo pa t anpeche eleksyon fèt. Kèk kote yo te blije kanpe vòt la nan kèk BV ou sant vòt. Men kèk egzanp : nan depatman Nò nan Limonad ; nan depatman Sant (Ba Plato a) : Mirbalè, kote yo te sispann vote nan sant la ki nan lise a ; te gen pwoblèm tou nan yon sant Las Kawobas (Lahòy) kote patizan yon pati politik detwi kèk pwosè vèbal. Nan Ba Atibonit te gen pwoblèm nan Marchand Dessalines kote yo sispann vote nan 2 sant (Priyen ak Delagon), Lyankou kote yo fèmen sant la, ak Dechapèl kote yo fèmen sant la nan 2 seksyon. Nan Mapou – Belans (depatman Sidès) yo te rete vòt la nan yon sant.
3. Anpil kote te genyen pwoblèm ak mandatè pati politik yo ki vin fè presyon oswa ki pote fo manda.
4. Lis elektoral yo pa t amelyore vreman. Anpil kote, menm plenyen sou elektè ki pa jwenn BV yo te la toujou.
5. Komisyon an kondane tout vyolans ki fèt : moun k ap goumen ak moun, detwi materyèl vòt, fè menas ak presyon sou moun, voye wòch, eseye plen bwat vòt yo, vote plizyè fwa, mete dife nan BV, jan sa fèt kèk kote. Nan akwochaj ak goumen sa yo, patizan divès pati politik yo parèt, selon zòn yo. Nou mande : ki sa sa itil pou tabli demokrasi epi pou fè bon jan patisipasyon pran pye nan peyi a ? Nou pa konprann : menm kandida, ansyen kandida pou gwo reskonsablite nan Leta, ak otorite Leta tankou kèk depite ak senatè, te vin patisipe nan kalite zak sa yo, jan sa te fèt nan Pestèl (Grand Ans), Mayisad (Sant), Labòd (Sid) ak Pòdpè (Nòdwès).
Ki jan pou konprann eleksyon jan l fèt la ?
Si sitwayen yo pa patisipe anpil nan yon eleksyon, sa mande bon jan esplikasyon. Tout moun nan sant vil yo ak nan kapital la te konnen 3 desanm se te jou vòt. Men, si moun yo pa t deplase, sitou nan kapital la, kapab genyen yon mesaj yo vle voye bay otorite politik yo nan Leta ak pati politik yo yon fason dirèk.
Eske sitwayen yo te manke okouran enpòtans eleksyon yo ? Eske fòmasyon sivik te manke fèt ? Komisyon an toujou te repete edikasyon sivik te manke fèt depi kòmansman pwosesis elektoral la.
Eske sitwayen yo te manke rekonèt kandida yo, paske pa t genyen anpil kanpay ki fèt ?
Eske popilasyon an pa rive fè sistèm elektoral la menm konfyans, paske li konplike epi pa gen anpil esplikasyon ki bay ?
Eske sitwayen yo, sitou nan kapital la, santi otorite lokal yo twò lwen yo, san yo pa genyen enfliyans reyèl nan zòn y ap dirije a ? Tandiske nan seksyon kominal yo otorite sa yo pi pre moun yo menm ?
Plizyè moun te pale sou desepsyon yo pran lè yo pa wè ki jan eleksyon mache ak devlòpman ekonomik peyi a. Kriz ekonomik peyi a vin agrave seryezman depi lane 2006 la kòmanse, akote lòt fòm ensekirite k ap brase bil peyi a.
Men ki sa n rekòmande
Se pa dènye fwa ap gen eleksyon nan peyi a. Demokrasi mande pou tanzantan sitwayen yo bay lide yo sou fason otorite Leta yo nan diferan nivo ap jere peyi a.
Anvan lontan dwe genyen yon Konsèy Elektoral Pèmanan nan peyi a, ki kapab konstwi sou eksperyans ki gen tan fèt, epi ki kapab òganize eleksyon kòm sa dwa.
Rekòmandasyon Komisyon an pa diferan anpil ak sa n te wè nan eleksyon avril 2006 la, paske se menm fay nou te remake nan òganizasyon an menm :
Lis elektoral yo dwe kòrèk. Se pa lè ap gen eleksyon pou yo kòmanse travay sou sa. Depi kounye a, Gouvènman an dwe mete sou pye yon Enstiti ki reskonsab pou jere rejis nasyonal la. Enstitisyon sa a dwe genyen mwayen pou jere kesyon an kòm sa dwa.
Chwa ki kote ak òganizasyon sant vòt yo dwe fèt pi byen. Lokalite kote yo mete sant yo dwe pèmèt sitwayen yo patisipe byen. Lokal yo tou dwe adapte, yo dwe genyen espas ladan yo pou yo kapab akeyi tout moun ki vle patisipe. Fòk espas yo garanti vòt yo sekrè tout bon.
Kesyon mandatè yo dwe gen bon jan règleman. Pati politik yo dwe plis alawotè wòl yo nan pwosesis elektoral la. Se pa ak lajan pou yo rale elektè nan BV yo. Fòk yo konvenk sitwayen yo ak bon pwogram, ak bon enfòmasyon, ak konpetans reyèl. Se sèl fason pou fè politik la (ki se konpetans pou jere Leta a byen) antre nan devlòpman peyi a.
Edikasyon sivik dwe reprann plas li, pa sèlman nan kad eleksyon, men tout kote tankou nan lansèyman, nan gwoupman ak asosyasyon. Demokrasi, eta dedwa ak jesyon konfli ki toujou ap genyen nan sosyete a mande chapant sosyal ki solid ak prensip tout moun respekte.
Yo dwe etidye kesyon moun ki pa konn li ak ekri yo pi byen. Yo menm tou se sitwayen ki genyen tout dwa yo. Eske yo pa rete dèyè paske yo santi yo pa konte vreman ?
Pou fini
Pou sitwayen yo rive genyen konfyans nan reyalite politik yo, fòk otorite politik yo montre yo la pou byen peyi a, yo la pou yo jere sa k nan enterè tout moun nan sosyete a.
Lè n gade pakèt lajan ak lòt jefò eleksyon sa a koute, epi ti patisipasyon sitwayen yo bay nan jou vòt la, oswa fason patizan pati politik yo eseye ap gate eleksyon an pou ti krik ti krak, Komisyon Jistis ak Lapè a pa kapab kache enkyetid li pou avni pwosesis elektoral yo nan peyi a.
Komisyon an renouvle konviksyon l ak konfyans li genyen nan kapasite pèp nou an pou l pran desten l nan men epi pou chanje figi peyi a ak kondisyon lavi sitwayen l yo.
Komisyon an mande tout moun ki genyen yon manda politik nan men yo, pou yo aji yon fason ki alawotè kapasite pèp Ayisyen genyen. Li mande lidè ak otorite politik yo pou yo menm tou pran tan fòme tèt yo sou vrè sans politik la genyen pou devlope peyi a e pou chanje kondisyon lavi moun k ap viv ladan l.
Pòtoprens, 6 desanm 2006