Español English French Kwéyol

9e konferans mondyal radyo kominotè nan vil Amman peyi Jòdani

AMARC mande pou yo “libere ond yo”

Marie Guyrleine Justin, Sony Estéus

AlterPresse resevwa dokiman sa a 14 novanm 2006

AMARC 9 : Vwa tout mond lan, Libere ond yo. Se tèm sa a Asosyasyon Mondyal Radyo Kominotè yo (AMARC) chwazi pou 9e konferans mondyal radyo kominotè yo k ap fèt soti 11 rive 17 novanm 2006 la nan vil Amman peyi Jòdani. Anviwon 300 radyodifizè kominotè, enstitisyon finansman, espesyalis nan kominikasyon ki soti nan 5 kontinan yo, reyini pou reflechi, boukante lide ak esperyans yo nan kominikasyon pou chanjman. Gen plizyè aktivite ki prevwa tankou konferans deba, atelye diskisyon ak fomasyon, konferans pou lapres ak ekspozisyon.

Oganizatè konferans lan an Jòdani, Radyo Ammannet, te akeyi patisipan yo nan Sant enfomasyon jodanyen an ak mizik, chan, dans ak yon bèl parad. Touswit aprè nan menm lokal la, konferans te kòmanse ak diskou pòtpawòl gouvènman jòdanyen an ki te vin swete patisipan yo byenvini nan peyi l la yo konsidere kòm bèso lapè nan rejyon Mwayennoryan an. Pòtpawòl gouvènman an te pwofite pou fè sonje volonte otorite jòdanyen yo pou ouvri espas medyatik la.
Vwa fanm yo pou egalite ant fanm ak gason

Rezo fanm nan te bay premye konferans li dimanch 12 novanm nan sou tèm :Medya kominotè ak emansipasyon fanm yo. Madam Yamena Zuraqi ki soti nan peyi Aljeri, responsab òganizasyon “femme en communication” prezante reyalite fanm yo nan medya yo ann Afrik espesyalman nan peyi l Aljeri kote ki pa ko gen radyo kominotè. Pou fanm yo fè mesaj yo pase yo monte emisyon ki difize sou entènèt ak sou radyo nasyonal peyi a lè sa posib.

Madam Zuraki plede anfavè fòmasyon pou fanm yo epi pou yo kontinye batay pou yo okipe espas desizyon nan radyo yo paske sa rete yon gwo pwoblèm menm si gen gwo jefò k ap fèt nan sèten peyi kote fanm yo ap okipe plis espas nan radyo kòm direktris, repòtèz, fanm teknisyèn etesetera.. Fanm nan Repiblik Demokratik Kongo yo menm denonse otorite peyi yo ki fèmen plis pase sis radyo san pa gen rezon pou sa e yo mande solidarite asanble AMARC la pou ede yo fè presyon sou gouvènman kongolè a pou l fè bak sou desizyon gwo ponyèt sa a.

Reprezantant rezo fanm Amerik latin ak Karayib la, meksikèn Maria Eugenia Chavez, retrase diferan difikilte radyo kominotè yo ap rankontre nan rejyon an, pwoblèm ekonomik., radyo yo k ap fonksyone san otorizasyon legal. Difikilte sa yo gen konsekans sou travay fanm yo nan radyo yo, dapre Madam Chavez.

Apre konferans-deba a, patisipan yo te al reflechi nan 3 atelye sou tèm : « radyo kominotè-yon zouti pou fè pwomosyon pou angajman fanm yo nan rezoud konfli ak nan konstwi lapè » ; « Pledwaye sou relasyon sosyal fanm ak gason nan medya nasyonal, rejyonal ak global » ; « radyo kominotè ak nouvo teknoloji, kijan fanm yo kab benefisye» ?

Deba yo pral kontinye e gen plizyè tèm enteresan ki pral diskite tankou : « Medya, libète ak jistis sosyal”, “Dwa kominikasyon ak pledwaye”; “Medya kominotè ak jistis sosyal”.

Radyo kominotè ayisyen yo reprezante nan 9e asanble AMARC la ak yon delegasyon 4 manm, 2 manm Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen (REFRAKA), Marie Guyrleine Justin ak Samia Salomon epi yon manm radyo VLP Katye Moren, Hugue Célestin ak Reprezantan nasyonal AMARC pou Ayiti Sony Estéus.