Español English French Kwéyol

Ayiti : Zòn Gwomòn ap rele anmwe sekou devan gwo inondasyon ki frape l

Komin nan izole nèt jodi a, apre dlo plizyè rivyè kwaze pou fè dezas nan Gwomòn

« Moun nan seksyon Rivyè Mansèl, Rivyè Blanch ak Lakil ap plenyen pou sa dlo fè jaden yo nan dènye lapli 25 rive 27 oktòb la. Moun nan zòn Fon Mas ak Figawo blije kenbe kè yo nan men pou sa dlo Rivyè Mansèl fè yo. Moun site Kadè yo ap gade dlo a anba je yo sou yon wotè ki plis pase 3 mèt. Moun Ri Ipolit yo deja kite zòn lan apre dlo Rivyè Mansèl te fin pote ale yon dizèn kay pou yo epi anvayi zòn lan pou al dòmi nan kay li pat ka kraze yo. Nan ka sa a, li andomaje yon ventèn lòt. »

Temwayaj ak foto sitwayen Gwomòn prepare

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 novanm 2006

Gwo-Mòn se youn nan kenz (15) komin depatman Latibonit. Li chita nan pwent Nò depatman sa a. Li fè limit ak Boy epi Pilat ki nan depatman Nò, li fè limit tou ak Basen Ble epi Senlwi Dinò, ki nan depatman Nodwès. Li se chèf lye awondisman an ki gen ladan l : Gwo-Mòm, Tènèv ak Anse-Wouj. Vil la menm chita nan mitan de gwo rivyè : Twa Rivyè ak Rivyè Mansèl san konte lòt ravin tankou : Dlo Blan, Dlo Moulen, Pas Krebete elatrie ki konn gonfle dlo sa yo nenpòt ki moman.

De Gwo Rivyè sa yo rete manman pwoblèm vil Gwo-Mòn lè lapli tonbe. Twa Rivyè toujou ranmase tout sa li genyen kòm fòs soti kotel soti a pou l vin kraze tout zòn Fon Ibo ak Dosni ki chita nan pati Sid ak Lwès vil la aloske Rivyè Mansèl se sa li bliye li pa fè kòm dega depi kotel soti a pou vin mete moun Fon Mas, Figawo, site Kadè, Ri Ipolit pa anba, moun Grepin nan pwoblèm. Zòn sa yo chita pati Nò vil la.

Anvan siklòn Jàn, se moun Ri Estenyo Vensan ki tap plenyen, rele anmwe akòz Rivyè Mansèl te kase tè a ki te vin tounen yon falèz ke tout moun te rele ‘’Falèz Anba bouk’’ Dlo a te chita yon trantèn mèt ak Gran Ri a. Gras ak devouman yon komite Ijans nan moman kite lanse yon operasyon ‘’ Pote Kole Kont Falèz Anba Bouk’’ ( PKKFAB), premye govènman Preval/Alexis a te fè yon travay gabyonaj nan falèz la menm lè li pat fini.

Avèk Siklòn Jàn, se tout moun ki tap rele anmwe. Moun Grepen ak Dosni pat gen bouch pou pale pandan moun Ri Ipolit tap plenn nan kè. Malgre èd ki te bay pou viktim Jàn yo, ankenn entèvansyon serye pat fèt sou Gwo-Mòn pou mete Rivyè Mansèl ak Twa Rivyè nan wòl yo.

moun nan zòn Fon Mas ak Figawo blije kenbe kè yo nan men pou sa dlo Rivyè Mansèl fè yo

Jodi a, si moun nan seksyon Rivyè Mansèl, Rivyè Blanch ak Lakil ap plenyen pou sa dlo fè jaden yo nan dènye lapli 25 rive 27 oktòb la ; moun nan zòn Fon Mas ak Figawo blije kenbe kè yo nan men pou sa dlo Rivyè Mansèl fè yo pandan tan sa a moun site Kadè yo ap gade dlo a anba je yo sou yon wotè ki plis pase 3 mèt. Moun Ri Ipolit yo deja kite zòn lan apre dlo Rivyè Mansèl te fin pote ale yon dizèn kay pou yo epi anvayi zòn lan pou al dòmi nan kay li pat ka kraze yo. Nan ka sa a, li andomaje yon ventèn lòt.

Imaj ou ap gade la yo montre ou nan ki sitiyasyon moun Ri Ipolit pa anba twouve yo jodi a. Ki malè pandye ki chita sou tèt moun Site Kadè ak moun Ri Ipolit pa anba, si anyen pa fèt pou frennen Rivyè Mansèl sou kous li.

Moun site Kadè yo ap gade dlo a anba je yo sou yon wotè ki plis pase 3 mèt

Distans dlo Rivyè Mansèl pa anpil ak Ri Ipolit la, yon 25 mèt konsa ki separe yo. Se detanzantan yon moso tè ap kase tonbe nan dlo a.

Pou anpil grandèt, yo fè konnen zòn Ri Ipolit la se la Rivyè Mansèl te chita kòl anba yon pye kachiman kotel te fè yon basen. Se sak fè zòn lan te rele ‘’Basen Cachiman’’. Donk, li pa enposib pou dlo a ap chache ansyen kote l te pase a.

Soti Fon Mas rive Pas Grepen, Plis pase 4 kilomet an longè toude bò ak yon tandans ki plis sou bò vil la menase detwi san di petèt. Depi Rivyè Mansèl fè yon desann anko, Ri Ipoit la ap disparèt nèt.

Avan yè se te moun Mapou / Fonvèrèt, Yè sete moun Gonayiv. Jodi a se moun Ri Ipolit nan Gwo-Mòn kap rele anmwe fè yon bagay pou yo avèk dlo Rivyè Mansèl. Si nou pa vle demen se tout moun Gwo-Mòn ki mare pakèt yo kite zòn nan anba menas dlo Rivyè Mansèl ak Twa Rivyè ap fè yo. Li enpòtan pou Ministè anviwonman, Ministè Agrikilti, Ministè Travo Piblik ak Ministè Enteryè mete ansanm pou mete Rivyè Mansèl nan kabann li

Nou swete gouvènman Ayisyen ak tout patnè bòn volonte yo reyaji vit posib pou fè Rivyè Mansèl sispann koupe kominikasyon Nòdwès ak rès peyi a epi tou pou evite Rivyè Mansèl detwi vil Gwo-Mòn ak tout istwa li.