Español English French Kwéyol

Ayiti : Peyizan Latibonit manifeste pou defann plantasyon diri nan vale a

Depi anviwon 1 mwa ak 15 jou, gen yon kanal awozaj ki kraze epi « pa janm gen anyen serye ki fèt » pou repare l

Deklarasyon Mouvman Revandikatif Peyzan Latibonit (MOREPLA) nan okazyon mach pasifik peyizan ak plantè diri nan Vale a

AlterPresse resevwa dokiman sa a 7 novanm 2006

Rasanbleman Mouvman revandikasyon peyizan Latibonit ( MOREPLA), pou defann pwodiksyon nasyonal la : patikilyèman diri nasyonal la.

Nou menm fanm ak gason andedan komin Tirivyè Latibonit, Machan Desalin ak Senmak fanm ak gason ki sòti nan plizyè òganizasyon ki sòti nan tout rès komin ki gen nan depatman-an, jou 7 novanm 2006 la nan Kafou-Pèy, Tirivyè Latibonit pou’n denonse politik Neyoliberal (plan lanmò) kap aplike nan sektè agrikòl la depi nan gouvènman pase yo e jiskounya. Gouvèman jodia fin tounen abolotcho li lage popilasyon vale Latibonit la patikilyèman komin Tirivyè Desalin ak Senmak, nan monte yon maswife pado. Kote ke kanal riv-dwat la sou Timango gen anviwon 1 mwa ak 15 jou depi li kraze, e byen jiska kounyè la anyen pa janm gen anyen serye fèt, sèlman nou wè yon maskarad ki fèt.
Neglijens gouvèlman an avek ODVA koz genyen 6750 ekta tè ki ap pèdi rekòt la ki evalye a anviwon 30.000.000.000 goud kom pèt direk sa vle di anpil pitit plantè yo ap sèlman wè yo paka ale lekòl pou ane pwochèn nan e plantè yo riske pèdi yon lòt rekòt paske yo pap gen lajan apre yo fin pèdi kanpay la.

Nou kòmanse leve kanpe sa-a pou defann plantasyon pwodiksyon diri nan valea, paske nou wè se yon malè pandye pou chak grenn Ayisyen lè gen yon katastròf konsa.

Sitiyasyon agrikilti nan Latibonit jounen jodia se yon veritab katastròf, de pi plis pase 3 ane, travay netwayaj kanal prensipal segondè pa prèske fèt dren yo non plis pa netwaye , nou pa bezwen pale bon enfrastrikti wout agrikòl yo. Zòn ki pa gen irigasyon yo fin tounen dezè paske se pye bwa peyizan yo koupe, swa na fè chabon osinon fè planch ak lòt materyo konstriksyon, nan zòn ki pa irige yo se pye bwa ki te rete kòm resous pou antre lajan nan pòch yo fin disparèt.Nan ka zòn irige yo leta-a lage mache angrè-a bay boujwazi, bodmè yo, sa fè pri yon sak angrè varye ant 1000 a 1200 goud sa depan ki moman, pandan leta ayisyen kouvri baryè pou diri Ameriken ki jwenn sibvansyon leta Ameriken rantre san taks pou fini ak diri nasyonal la. An menm tan pwodwi premyè nesesite yo ap vann tèt nèg sa vle di gouvènman Preval la pran premye pri nan aplike plan lanmò-a li fin kraze osinon vann sa Delatou ak Gera Latòti pat vann oubyen kraze.

MOREPLA konstate sektè agrikòl la imilye andedan CCI ( Pwogram yo rele kad kooperasyon Enterimè-a ) Agrikilti ak pwodiksyon nasyonal se pa yon priyorite nan plan sa-a ki ramase tout oryantasyon plan lanmò-a.

Desizyon gwo ponyèt gouvènman nou yo toujou ap pran pou siyen kontra degrenn gòch yo lage anviwon 125 mil moun nan la mizè andan depatman-an, kote ke ge anviwon 60 mil plantè diri an, 28 mil ouvriye agrikòl, 8 mil machann diri ak 400 propriyete moulen diri nan Latibonit san konte yon bann lòt moun nan peyi-a sa fè gen plis moun ki ale nan bidonvil oubyen ki al fè braseròs an Dominikani poun pa di esklavaj. Nou konstate gouvènman an ap aplike plan lanmò-a tankou yon robo pwograme se sak fè gen akò tankou akò Test Rice-SA se yon akò ilegal kap akselere mizè-a plis nan mitan mas peyizan nan milye riral yo kote ke jounen jodi-a 82% popilasyon kap viv nan mòn yo ap viv anba lento pòt povrete yap viv ak pi piti pase yon dola Ameriken revni chak jou. Revni sa-a papèmèt peyizan yo pou satisfè pi piti bezwen yo.

Konsomasyon sereyal ap ogmante nan kad chanjman kiltirèl pèp la. Abitid manje popilasyon-an cahmje .Chanjman sa yo favorize ble, nan manje pen ki ranplase kasav, diri ki sou bit ranplase mayi ak pitimi popilasyon-an ap manje mwens viv ak rasin tankou : ( yanm, patat, tayo eks.. ) sa koz konsomasyon diri-a pase a 416.000 tòn metrik nan lane 2003, men Latibonit kite konn pwodwi 134.000 tòn metrik. Jodi-a se sèlman anviwon 76.000 tòn li bay sa vle di deviz, dola vèt ki ap kite peyi-a sou baz enpòtasyon nou soti ale nan men kòmèsan ayisyen ak biznisman etranje pou achte manje.

Pou MOREPLA

Lè nou konsidere de jou an jou vant popilasyon vin pi plis nan men boujwazi reyaksyonè nasyonal ak trans-nasyonal ( bò isit ak bò lòt bò ).

Lè nou konsidere plènn Latibonit sèlman kapab pwodwi plis pase 200.000 tòn diri kita reprezante pi fò nan kantite diri moun nan peyi-a bezwen pou konsome chak lane

Lè nou konsidere leta-a demisyone nan wòl li ki se asire sèvis popilasyon-an, li pito app ran de gwo desizyon pou pase anba pye agrikilti ak anviwonman peyi-a ki la koz peyizan yo ak ouvriye agrikòl yo aplike zòn ki pi rekile yo pou ale tabli yo andan bidonvil nan gwo vil ak nan peyi Dominikani.

Lè nou konsidere leta ayisyen ki aranje li ak boujwazi nasyonal e trans nasyonal pou kraze pwodiksyon nasyonal la e blayi mizè nan mitan mas pèp la.

Nou menm fanm ak gason nan 4 kwen Latibonit ki prezan nan mouvman sa-a 7 novanm 2006 nan Kafou-Pèy- la, nan non MOREPLA, nap mande prese prese :

Pou gouvènman-an pote solisyon bay plantè Tirivyè yo sou pwoblèm kanal riv-dwat Timango-a ki kraze depi anviwon 45 jou konsa pou yo fè sak nesesè ki se kire kanal la

Pou Ministè Agrikilti li bay akonpayman ak ankadreman pou plantè yo, pou yo ranfòse ODVA pou rezoud kriz peyizan malere Tirivyè Latibonit yo.

Pou leta pran responsabilite l’ nan pote sekou bay popilasyon vale Latibonit yo patikilyèman Tirivyè ak Desalinn , e pran bon jan mezi pou repare defisi ak pèt plantè yo.

Pou leta mete mwayen nan dispozisyon ODVA, e fòk òganizasyon peyizan yo bay dizon yo nan nouvo estrikti ODVA a paske se yo ki premye konsène.

Pou Leta Ayisyen pran bob jan mezi pou retabli anviwonman peyi-a sinon zansèt yo tankou Desalinn ak Chalemagne Peralt ka vanje yo.

Pou leta Ayisyen kanpe plan lanmò-a sispann masakre vant pèp la nan aplike plan lanmò-a sa vle di nasyonalize minotri, kanpe la vant teleko-a epiranfòse tout lòt enstitisyon leta MOREPLA tou di li pa dakò ak plan pou pase sistèm edikasyon an bay sektè prive-a.
Pou leta pran bon jan mezi pou desann pri lavi-a ki trò chè e fòk yo sibvansyone pwodiksyon nasyonal la espesyalman sektè agrikilti ak elvaj.

Pou tout rezon sa yo : nou menm fanm ak gason, peyizan nan MOREPLA ouvriye, òganizasyon etidyan, ak tout lòt sektè andan depatman-an map mare fòs nou ansanm nou pote soutyen bay peyizan plantè Tirivyè yo ak nan tout vale-a.

Pou fini peyizan ak ouvriye tou pa tou isit kon lòt bò dlo pote kole ak rèl peyizan plantè Latibonit

Viv pwodiksyon nasyonal

Viv diri Latibonit

Viv òganizasyon peyizan plantè yo

Aba okipasyon

Aba Minista

Aba plan lanmò

Nou fò anpil lè nou òganize

Moun ki siyen

Jacques Assancio
Derisier Jean Veny
Mesadieu Raymond `