Pòtoprens, 28 oktòb 2006 [AlterPresse] --- Sou inisyativ Jounal Bon Nouvèl, yon kokenn chenn aktivite tanmen jounen 27 oktòb 2006 la nan Lise Mari Jàn pou selebre Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la.
Se depi nan lane 1983 yo te koumanse selebre Jounen entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la nan dat 28 oktòb. Dapre pè Jan Out [père Jean Hoet], yon relijye ki soti nan peyi Bèljik vin travay an Ayiti, se yon bon inisyativ e se rezilta gwo batay moun mennen depi jou sila ki pèmèt lang Kreyòl la vin sa li ye jounen jodi a.
Lavèy 28 oktòb la, ekip Jounal Bon Nouvèl la reyalize yon bann konferans deba nan plizyè lekòl nan Pòtoprens pou sansibilize elèv yo sou enpòtans lang Kreyòl la nan aprantisaj eskolé.
Nan Lise Mari Jàn ki chita kò l nan kè kapital peyi d Ayiti, te gen espozisyon liv tout kalite, tankou pwezi, woman, matematik, syans sosyal elatriye, ki ekri nan lang natif natal Ayisyen.
“Aktivite sa yo se pou sansibilize moun yo, se pou fè yo konprann yo gen yon zouti nan men yo ki se lang Kreyòl la”, se sa Wesner Mérant deklare bay AlterPresse.
Mérant, ki se yon Lengwis k ap feraye pou fè lang Kreyòl la jwenn plas li merite, fè konnen yo dwe sèvi ak Kreyòl la pou konstwi yon lòt sosyete, yon sosyete tounèf ki chita sou lalwa nan peyi d Ayiti.
Wesner Mérant ak Pè Jan Out te pale konsa ak yon latriye elèv Lise Mari Jàn. Konferansye yo fè konnen “Kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen.”
Nan sans sa, yo envite elèv yo fè plis jefò pou rive trape bon jan konesans sou lang sa paske sou plis pase 14 milyon moun ki pale Kreyòl sou latè beni, Ayiti pote lamayòl.
“Malgre jefò k ap fèt, anpil moun vle mete Kreyòl la sou kote. Se yon ipokrizi paske n ap viv an Kreyòl epi n ap blofe moun an Franse”, se sa Wesner Mérant fè konnen.
Daprè lengwis la, depi 1986 gen gwo pa ki fèt nan kesyon lang Kreyòl la. Gwo chabrak k ap fè politik yo te vin konprann nesesite pou itilize lang sa pou rale moun dèyè yo. Mérant kontinye pou l di, yo sèvi ak Lang sa pou fè sinema, ekri pwezi, fè mizik, elatriye, pandan li bat bravo lakontantman pou twa etidyan ki fè memwa lisans yo an Kreyòl.
Lengwis la kwè pi gwo pwoblèm k ap brase bil lang Kreyòl la soti nan nivo Leta ayisyen ki pa fè anyen pou lang sa jwenn tout valè li merite. “Jous kounye a batistè timoun, pyès etasivil kontinye ap fèt nan lang Franse, papye latè, diplòm bakaloreya, egzamen Leta, tout bagay sa yo kontinye ap fèt nan lang Franse”.
Menm jan ak pè Jan Out, Wesner Mérant mande tout Ayisyen, Leta an patikilye pou yo sèvi ak lang Kreyòl la lè yap mete afich nan lari yon mannyè pou tout moun alawonnbadè rive konprann mesaj yo vle fè pase a.
“Nan biwo Leta yo, yo sèvi ak Franse pou eskli yon pòsyon moun. Se menm sistèm lakoloni a ki kontinye ap toupizi pèp Ayisyen. Yo retire chenn la nan pye n, yo mete l nan lespri n”, se Lengwis Mérant di elèv nan Lise Mari Jàn yo.
Aktivite pou selebre Jounen Lang Kreyòl la te fèt nan Lise Mari Jàn kote elèv ak pwofesè te asiste ak prezantasyon yon latriye pyès teyat ki ekri an Kreyòl. Granm bonè nan maten, ekip Bon Nouvèl la te pase nan kèk lòt lekòl tankou Kolèj Kats Preswa kote yo t al esplike elèv yo ki enpòtans lang sa genyen nan lansèyman an Ayiti. [do apr 28/10/2006 05:00]