Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Nòt sa a vin jwenn AlterPresse 18 septanm 2006
19 sektanm 1994 – 19 sektanm 2006, fè 12 lane depi 22 mil solda meriken te debake sou bout tè nou an pou tabli yon dezyèm okipasyon. Pandan premye okipasyon 1915 lan, solda meriken yo te debake nan peyi a swa dizan pou mete lòd nan dezòd. Men li klè, se lòd kapitalis la enperyalis meriken t ap tabli nan divès peyi ki sou kontinan an.
Nan lane 1994, se te yon lòt pawòl, solda etranje yo te di nou yo vin mennen demokrasi tounen. Men, tout moun te konstate gen anpil jefò ki te fèt pou wete mas yo sou sèn politik la epi aplikasyon plan neyoliberal la te pran yon vitès siperyè. Sa fè nou kwè prensipal wòl koudeta a ak okipasyon 1994 la, se te pèmèt plan neyoliberal la fè chimen li san pwoblèm epi bay mas popilè yo yon bwa long sou sèn politik la. Kidonk, okipasyon an te vin regle sa boujwazi lokal la pat ka regle akòz feblès li.
Malgre tout mannèv sa yo, nou konstate demokrasi neyoliberal la pote plis mizè, ensekirite, chomaj ak lavichè nan mitan mas yo. Sitiyasyon sa a mennen nou nan yon twazyèm okipasyon ki rive nan moman peyi a t ap viv 200 lane depi li pran endepandans li. Okipasyon miltinasyonal sa a k ap fèt anba chapo LONI, deja kite anpil move souvni nan tèt anpil moun ki sansib pou dwa grandèt majè peyi a. Anpil dega deja fèt nan katye popilè yo, plizyè palmantè pran imilyasyon nan men MINISTA epi polis nasyonal la anba kontwòl. Sa ki pi grav, fòs okipasyon miltinasyonal la okipe plizyè espas kote pitit pèp la ap resevwa ledikasyon. Ayè se te lekòl Dwa Gonayiv la ak lekòl Chaloten Makadye nan Gwomòn. Nan pòtoprens, gouvènman konwonpi Latòti a te bay solda MINISTA lokal Inivèsite Taba a pou fè kazèn. Jounen jodi a, se lise granravin nan ki tounen kazèn MINISTA ak konplisite pouvwa Preval/Alexis a.
Pou tout rezon sa yo, Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) mande:
1) Pou palmantè ki nan 48è lejislati a pran dispozisyon pou anpeche pouvwa a renouvle manda MINISTA nan peyi a
2) Pou solda MINISTA yo kite lokal Inivèsite taba a ak lise granravin nan san pèdi tan
3) Pou pouvwa ki la a pran bonjan dispozisyon pou ranfòse polis nasyonal la epi bali mwayen pou pèmèt li bay sekirite nan peyi a
Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) ap pwofite okazyon sa a pou li mande tout fòs pwogresis anndan tankou deyò peyi a, pran tout dispozisyon pou tanmen batay pou defann dwa grandèt majè peyi a.
Aba okipasyon, aba plan neyoliberal la !
Viv yon peyi ki granmoun!
Pou MODEP :
Destin Laurentus
Guy Numa
Nixon Boumba