Español English French Kwéyol

Alfabetizasyon : Fè nwa ak limyè

Alfabetizasyon se gwo defi tout fanm ak gason nan Amerik Latin la

Lèt tou louvri Konsèy Eidkasyon Granmoun nan Amerik Latin la (CEAAL) pou gouvènman ak pèp Amerik Latin yo

Lèt sa a pibliye 8 sektanm 2006, Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon

AlterPresse resevwa dokiman sa a 9 septanm 2006, nan men Branch CEAAL an Ayiti

Nan anpil peyi gen batay san pran souf kap mennen sou zafè pa konn li ak pa konn ekri.
« Se te tankou sòti nan yon ti twou fènwa pou ale nan limyè ». Se sa yon madanm ki rele Ejeni ki te aprann li ak ekri nan laj 65 ane.

« Mwen pa te konn fè ni yon trè, mwen pa te janm ale lekòl. Jodi a mwen ekri lèt voye pou manman m. Kounye a, mwen aprann li ak ekri, mwen santi mwen moun tout bon. Anvan, mwen pa t santi se moun mwente ye ». Se sa Ektò ki gen 52 lane te di.

« Mwen pa te jwenn travay paske mwen pa te konn anyen, kounye a mwen konn li ak ekri. Pou moun ki pa konn ni li ni ekri, mwen ta di yo pou yo ta vin aprannn, paske sa fasili, sa bèl …. Si nou pa vini, mwen menm m ap vin chache nou ». Se sa Pòl ki gen 21 lane te di.

« Pa konn ni li ni ekri, se tankou yon enfimite, se kòmsi de je w kale ou pa ka wè, se tankou ou avèg. Mwen gen yon pitit fiy ki gen 6 lane ki koumanse al lekòl. Mwen vle ede li fè devwa li ….. sa se angwas mwen ». Se sa Mata ki gen ki 34 lane di.

Tout fanm ak gason sa yo se senbòl fòs lapawòl ki tounen zouti nan men moun ki sòti nan eksklizyon epi ki ap mache nan direksyon lavi. Pou fanm ak gason sa yo li enpòtan pou mete tout bon Alfabetizasyon ak Edikasyon Jèn ak Granmoun nan tout nivo sistèm edikasyon yo ak nan jefò pou devlope tout bon Amerik Nou an.

Men ,jouk kounye a gen anpil travay ki pou fèt. Nan mitan 21niyème syèk la gen karant (40) milyon moun ki pa konn li ak ekri ; gen onz (11) sou chak san (100) moun nan Amerik Latin ak nan Karayib la ki pa konnen ni li ni ekri ; gen 110 milyon jèn ki pa fini klas primè yo, sa ki fè yo se moso analfabèt, yo se analfabèt fonksyonèl. Reyalite sa yo se rezon anplis pou nou di fòk inegalite sispann nan rejyon an, rezon anplis pou nou ekri lèt sa a epi mande gouvènman ak sosyete yo jwenn repons pou kwape sitiyasyon malouk miwo miba ak esklizyon ; sitiyasyon kote yo mete yon seri moun sou kote.

Li bon pou nou sonje pwoblèm analfabetis, sitiyasyon pa konn li pa konn ekri a, se pi gwo siy feblès nan zafè edikasyon. Pwoblèm analfabetis la poze nan sans inegalite : inegalite ki egziste lè se yon ti pòsyon moun ki rive jwenn lakonesans epi pifò moun pa jwenn. Inegalite nan zafè lakonesans mare avec inegalite ki genyen nan viv byen oswa pa viv byen. Pwoblèm analfabetis la, pa konn li ak pa konn ekri a mache tou avek pa gen opòtinite, pa gen chans pou al lekòl. Pwoblèm analfabetis la gen relasyon avèk jan nivo edikasyon an fè bek atè. Pwoblèm analfabetis la gen relasyon tou ak fenomèn double klas epi zafè kite lekòl anvan lè-a.

Alfabetizasyon vle di tou jwi dwa ledikasyon. Jwi dwa tout moun genyen pou yo jwenn ledikasyon. Se yon kondisyon enpòtan pou ankouraje mas moun sa yo rive viv tankou sitwayen aktif ki ta ka ede, ki ta ka kontribye anpil ni nan konstriksyon devlopman san fòs kote ni nan fè demokrasi vin demokrasi tout bon vre. Jan Pawoulo Frere di a: « Se yon vizyon, yon konsepsyon alfabetizasyon ki ale pi lwen pase b a ba, b i bi, b o bo. Paske li mande pou konprann yon fason kritik reyalite sosyal, politik ak ekonomik moun kap aprann yo ap viv .Alfabetizasyon se plis, se pi plis anpil pase li ak ekri. Alfabetizasyon se ladrès pou li lemond, se ladrès pou kontinye aprann epi se kle lakonesans »

Gouvènman peyi nou yo nan Amerik Latin ak Karayib la te pran angajman pou mete anpil resous pour rive redwi tout bon pwoblèm pa konn li ak ekri a, pwoblèm analfabetis la. Yo te pran angajman sa-a ni nan kad pou reyalize objektif DAKA (Dakar) Edikasyon pout Tout Moun (EPT) ni nan kad objektif devlopman pou milenè a (ODM), ni nan kad Pwojè Rejyonal Edikasyon pou Amerik Latin ak Karayib la (PRELAC), ni nan kad deseni (10 lane) Nayonzini pou alfabetizasyon. Men nou konstate yon lantè, yon trennen pye ki enkyete nou, ki preyokipe nou nan sa k ap fèt sou zafè alfabetizasyon.

Nan 15ziyèm Rankont Osomè Iberoameriken ki te fèt nan Salamanka (salamanca) nan peyi Lespay 14 ak 15 oktòb 2005, Prezidan yo te pran angajman pou reyalize yon Plan Iberoameriken Alfabetizasyon avèk Objektif pou rive deklare rejyon Ibero Amerik la avek Ayiti tou se Tèritwa libere anba pwoblèm analfabetis sòti lane 2008 pou rive 2015 . Yo te bay Sekretarya Jeneral Iberoameriken (SEGIB) responsabilite sa a anba kòdinasyon à’ganizasyon LEta Ibero Ameriken (OEI), CEAAl (Konsèy Eidkasyon Granmoun nan Amerik Latin la), menm jan ak lòt rezo ankò te patisipe nan rankont sivik Ibero Ameriken ki te reyalize pandan rankont Osomè Prezidan yo. Angajman te pran pou nou enfliyanse pwopozisyon Plan Alfabetizasyon an.

Pou CEAAL, nou dwe konprann Plan Alfabetizasyon sa a tankou yon premye pa nan wout pou garanti dwa jèn ak granmoun yo pou yo genyen yon ledikasyon debaz. Pou sa, angajman gouvènman yo dwe ale pi lwen pase devwa yo genyen pou fè alfabetizasyon an. Angajman yo dwe asire genyen politik ak pwogram ki garanti jèn ak granmoun yo ap toujou devlope, li pap rete la.sèlman..

Kesyon dwa moun yo dwe poto mitan travay sa a, nan sans pou fè wè, lè nou konprann alfabetizasyon an tankou yon lòt fason pou li lemon, yon lòt fason pou li mo, sa ap kreye pi bon kondisyon pou moun ka aji kom sitwayen ak sitwayèn aktif. Inisyativ Plan an dwe mare avek gwo potekole, kowalisyon, tètansanm gounvènman chak peyi yo avek fòs nan sosyete sivil yo ki angaje pou rive nan kalte objektif sa yo.

Nan kad yon konjonkti nan Amerik Latin nan ki plen ak chaje avek kontradiksyon, CEAAL reprezante jodya, soubaz trant (30) lane eksperyans, pi gwo rezo ONG nan kontinan an ki gen rapò avek kesyon edikasyon nan divès aspè nan yon pespektiv ki ale nan sans pou transfòme reyalite a. Divès enstitisyon ki afilye nan CEAAL, divès kolektif nan peyi yo, divès rezo, pwogram ak zanmi CEAAL yo gen gwo eksperyans nan Edikasyon Popilè ki ka kontribye pou Plan Alfabetizasyon sa a reyalize nan sans yon metodoloji patisipativ, kritik, dyalog ak relasyon avek divès kilti ki ka p fè karant (40) milyon moun ki pa konn li ak ekri yo patisipe kòm moun, kòm aktè, kòm aktris.

Konsa, nan ane 2006 sa a, CEAAl ak CREFAL (Sant Koperasyon Rejyonal pou Edikasyon Granmoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la) ap reyalize yon gwo etid sou sitirasyon edikasyon jèn moun ak granmoun ak Edikasyon popilè nan 21 peyi nan Amerik latin nan pami yo Ayiti. Etid sa pral sèvi kom baz pou rive konnen kapasite ki genyen ak resous ki genyen nan divès peyi yo. Anplis sa, CEAAL – UNESCO – CREFAL te reyalize avek anpil sisksè konkou Bon Eksperyans Alfabetizasyon nan Amerik Latin nan.

Pa gen pyès jitifikasyon pou pa mete yon pwen final nan pwoblèm pa konn li ak pa konn ekri a, pwoblèm analfabetis la. Menm peyi kote pa gen anpil analfabèt yo dwe konsidere pwoblèm analfabetis la kòm pwoblèm pa yo tou. Paske depi gen moun ki pa konn li ak ekri nan Amerik Nou an, responsabilite a se pou nou tout li ye akòz sans elemantè fratènite istorik la genyen.Epi tou paske solidarite ka ede deplase mòn. Jodi-a gen bon kondisyon ak opòtinite pou pouse, pou vanse nan defini, nan devlope ak nan swiv yon plan pou diminye pwoblèm analfabetis lakay jèn yo ak granmoun nan nivo kontinan an. Yon plan kap ede tout bon avek sa li gen ladan li ak metodoloji li pou fè aprann li ak aprann ekri mache ansanm avek konsyans sou dwa moun, konsyans sou dwa fanm ak gason nan Amerik latin nan ki pa konn ni li ni ekri akòz kondisyon eksklizyon yap viktim yo.

CEAAl ansanm avek ALOP (Asosyasyon Latino Ameriken Oganis Pwomosyon), ansanm avek PIDHDD (Platfom Ente Ameriken pou Dwa moun, Demokrasi ak Devlopman) ansanm avek LIGA (Lig Ibero Ameriken Oganizasyon Sosyete Sivil pou Elimnie Povrete ak Eksplizyon Sosyal) ak tout lòt moun ki dakò avek lèt sa a :

Nou mande, nou egzije pou gouvènman Latino Ameriken yo respekte angajman yo pran yo atravè aksyon yap fè tout bon vre.

Nou mande divès enstans estrikti nan sosyete sivil la, mouvman sosyal yo, sitwayen ak sitwayèn aktif nan kontinan an ak nan chak peyi nan Amerik Latin nan ladan yo Ayiti, pou nou mete fòs nou ansanm, fè kowalisyon pou nou ka enfliyanse, pwopoze ak patisipe avek koyerans nan aksyon ki nesesè pou Amerik Latin nan kapab anfen tounen yon jou yon teritwa kip a gen analfabetis ditou ladan.