Chandèl mande Leta an Ayiti voye je sou sa k ap pase nan lekòl prive ak kongreganis yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 4 septanm 2006

Pozisyon CHANDàˆL sou pwoblèm lekòl prive ak lekòl kongreganis, kap koupe gòj paran pou pran lajan

Sa k ap pase nan zafè lekòl prive ak lekòl kongreganis nan peyi a, se yon eskandal ki merite denonse. Chak jou n ap tande rèl dezespwa yon seri paran ki pa gen pèsonn pou defann yo anba kout ponya direktè ak direktris lekòl prive ak lekòl kongreganis yo. Alòske, konstitisyon 1987 la, nan atik 32-1 li di « se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun ». Sa vle di, se yon dwa tout moun genyen pou yo jwenn bon jan ledikasyon. Se yon obligasyon leta genyen pou pèmèt tout moun jwenn bon jan ledikasyon.

1. lekòl prive ak lekòl kongreganis ann ayiti, youn nan gwo antrepriz kapitalis ki rapòte plis lajan

Chak ane, mèt lekòl prive yo pran yon plezi ogmante pri lekòl yo. Se konsa tou, tout moun ap plenyen fason pastè, mè ak pè yo, ogmante pri lekòl kongreganis yo tou. Alòske, leta sibvansyone lekòl kongreganis sa yo, mè, pè ak pastè sa yo ap envite malere yo tann yon swadizan paradi nan syèl, men y ap degòje menm malere sa yo pou ranmase richès sou do yo sou tè a. Kesyon paran yo dwe poze dirijan legliz sa yo, èske yo pral nan paradi ak lajan y ap ranmase yo?

Nan sa yo rele bon lekòl yo, jounen jodi a yon paran bezwen 10 a 13 mil goud anviwon pou peye alarantre pou yon timoun.

Pa egzanp, nou pran youn nan lekòl mè yo, yon paran peye anviwon 25 mil goud pou yon lane. Sa vle di, paran sa a peye anviwon 2500 a 3 mil goud chak mwa pou elèv la. Gen yon lòt lekòl mè, timoun ki nan klas sizyèm segondè, peye 13 mil goud pou antre lekòl la, 3 mil goud chak mwa.

Sa k pi grav la, gen plizyè lekòl ki mande pou paran yo peye kòb an dola ameriken, pou yo achte liv etranje. Konsa tou, gen lekòl se an dola ameriken sèlman pou peye. Nou ka pran youn nan lekòl sa yo, depi nan mwa jen paran yo dwe peye premye vèsman 200 dola ameriken, 3 lòt vèsman a 190 dola ameriken. Sa fè 770 dola ameriken pou ane a. Si tout vèsman yo pa fèt nan dat ki nan kontra lekòl la, chak jou ki pase paran yo ap peye yon (1) dola ameriken kòm amand.

Nan Dèlma 28, gen yon lekòl prive, pou jwenn enfòmasyon, responsab yo egzije w peye 500 goug pou enskripsyon. Pou yon timoun ki pral fè 6zyèm segondè, w ap peye 16500 goud pou yon lane. Epi w ap bay 40 dola ameriken chak trimès, swadizan pou laboratwa. Fò w achte yon wòkmann, yon aparèy CD ak anviwon 18 liv paran yo oblije achte nan lekòl la. Gen nan liv sa yo nou pa janm wè nan okenn lòt lekòl.

Nou kwè, lekòl Dèlma 28 la, se yon ka espesyal Ministè Edikasyon Nasyonal ta dwe panche sou li touswit. Nou bay egzanp sa yo pou montre, nan sèl peyi d Ayiti a, gen plizyè kalite lekòl.

Gen yon lekòl kongreganis ki egzije 5 mil goud pou l rezève yon plas 6zyèm segondè pou elèv ki prale nan sètifika. Si timoun yo pa pase nan sètifika, paran yo tou pèdi 5 mil goud yo te depoze a. Sa a, pa gen lòt non, li rele vòl.

Lè yon seri moun ki te fè tèt yo pase pou otorite moral nan sosyete a, se yo menm k ap sèvi ak dwa timoun genyen pou konn li ak ekri, pou fè richès yo, kote moralite monseyè, pastè pè ak mè sa yo pase ?

Lekòl prive yo gen yon machandiz nan biznis lan ki rele gradyasyon, se kote direktè ak direktris yo fè yon kòb sal sou paran yo. Chak fwa yon direktè ak yon direktris lekòl prive, gen pou l achte yon machin tou nèf, se aprè yon gradyasyon.

Pandan lekòl vin tounen yon machandiz chè tankou dwòg, anmenmtan l ap bay pi move sèvis chak jou pi plis. Li pa yon sekrè pou pèsonn, pifò lekòl prive nan peyi a, se yon bann lekòl bòlèt.

Se konsa, nou sot wè Ministè Edikasyon Nasyonal pibliye non 39 lekòl prive ki pran lajan nan men elèv pou mete yo nan klas siperyè (Le nouvelliste No 37438 mardi 1e Août 2006).

Sa vle di, sistèm lekòl prive nan peyi a, gen pwòp kò gang pa yo. Yon lekòl k ap montre elèv fè magouy, nou deja wè se sitwayen kowonpi pou kalite lekòl sa a fòme. Ministè Edikasyon Nasyonal te dwe pran pi gwo sanksyon kont lekòl sa yo. Men nou kwè, se paran yo ki dwe sispann voye pitit yo nan mòd lekòl kowonpi ak imoral sa yo.

Se konsa tou, nan dènye ane sa yo, nou wè yon bann inivèsite bòlèt, parèt vin pran piyay pa yo, sou do paran Ayisyen yo.

2. Yon kout je sou lekòl leta yo

Nan nivo lekòl leta yo, sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou pi plis. Pandan minis edikasyon nasyonal la ap pale de 100 goud sèlman elèv lise yo dwe peye kòm frè, nan anpil lise raketè kontinye ap vann plas lekòl, pou 2 a 3 mil goud.

Zak sa a ap fèt anba je reponsab yo. Sa vle di, yo konplis zak vòl ak korisyon sou do paran ak elèv yo.

Men tou, gen yon seri lekòl leta ki nan trè move kondisyon. Lakou anpil lekòl piblik tounen pak kochon, depotwa fatra ak garaj. Sal klas yo pa nan kondisyon pou timoun aprann. Pa gen kouran, pa gen dlo pou elèv yo bwè, pa gen bon twalèt pou yo sèvi. Nan lekòl leta yo, pa gen materyèl pou travay, pa gen bibliyotèk pou elèv yo fè rechèch.

Gen yon seri lekòl leta, dirijan yo sèvi pou fè biznis prive. Pa egzanp, anèks Sant Pilòt ki nan dèlma 43, se yon biznis prive. Moun sa yo poze yon zak ki an kontravansyon ak lawa. Paske, yo volè non yon lekòl leta pou yo fè yon biznis prive.

3. Mèt lekòl prive ak lekòl kongreganis yo jwenn sitirans ak konplisite leta

Nou ka di, pi gwo koz pwoblèm lan, se paske leta pa janm gen yon plan edikasyon pou peyi a. Se sa k fè lekòl ann Ayiti fòme yon bann etranje. Ki fè, dirijan nou yo toujou ap defann yon ti gwoup moun nan peyi a ak enterè gwo peyi enperyalis yo, kont enterè peyi a.

Sa k ap pase nan peyi a nan zafè lekòl sa yo, se rezilta politik privatizasyon sektè edikasyon an. Nou konstate, esperyans privatizasyon ledikasyon nan peyi a, se yon gwo fado sou do malere, kote nou wè sektè prive a gen anviwon 80% pousan lekòl nan peyi a. Alòske, konstitisyon 1987 la, nan atik 32-1 di « se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun », non sèlman leta pa mete kantite lekòl pou pitit mas pèp la jwenn, men tou leta kite lekòl prive ak lekòl kongreganis yo fè sa yo vle.

Paske, se lwa mache kapitalis la (òf ak demand) ki reglemante lekòl nan peyi a. Ki fè, lekòl tounen yon vye biznis mezi lajan w, mezi lekòl ou.

Yon lòt koz pwoblèm lan, se paske anpil minis ak lòt gwo responsab nan edikasyon nasyonal, se mèt lekòl prive. Sa vle di, moun sa yo pa gen enterè pou leta ta mete lòd nan dezòd lekòl prive yo. Paske tou, ant yo menm ak leta, gen yon konfli enterè nan zafè lekòl la.

Youn nan koz ki enpòtan pou nou kòm òganizasyon, se paran, elèv ak etidyan yo, ki pa òganize, ki lakoz yo se prensipal viktim espwatasyon lekòl prive ak lekòl kongreganis yo. Men tou, pwofesè lekòl sa yo, pa òganize yo anfas dirijan yo, alòske yo se yon kategori viktim espwatasyon lekòl prive ak lekòl kongreganis yo.

4. Lè nou konsidere fason pwoblèm lekòl la poze ak responsablite leta genyen nan koz pwoblèm yo, nou kwè fòk leta:

-  Aplike atik 32-1 konstisyon 1987 la ki di « se pou leta mete lekòl gratis pou tout moun ». Se p ap yon favè leta ap fè mas popilè yo, se yon devwa konstitisyon peyi a mande pou leta ranpli. Popilasyon an peye taks pou l jwenn lekòl gratis. Se pa sibvansyon liv k ap rezoud pwoblèm lekòl la. Sitou, pi souvan pwogram sibvansyon an pase an gagòt.

-  Mete lekòl preskolè nan katye popilè pou pitit ouvriye, travayè ak chomè yo.

-  Repare yon seri lekòl ki an move eta, mete bon jan kondisyon pou yo byen fonksyone. Nan sans sa a, nou mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Enstiti Sovgad Patrimwà n Nasyonal, ISPAN, konstwi pati ki fin kraze nan Lise Petyon an. Paske, nou konsidere Lise Petyon kòm yon patrimwà n istorik.

-  Ouvè Lise Danyèl Finyole a (Ministè Edikasyon Nasyonal). Yon fason pou Lise a kontinye sèvi kominote ba dèlma a. Pandan nou pwopoze pou Ministè a rele Lise Dèlma 3 a « Lise Yanick Rigaud ».

-  Mete bon jan sant edikatif, espòtif ak rekreyativ pou jèn nan katye popilè ak nan bidonvil yo.

-  Mete lòd nan fason anachi lekòl prive ak lekòl kongreganis yo ap fonksyone nan peyi a. Tankou, elimine yon bann frè eskolè initil, diminye nan pakèt lajan lekòl prive ak lekòl kongreganis yo ap pran nan men paran yo. Elimine kesyon dola ameriken lekòl ann Ayiti ap mande paran pou yo peye.

Nou menm nan CHANDàˆL nou kwè, gen yon seri bwat ki bay tèt yo pote non lekòl, leta dwe fèmen yo. Paske yo fè timoun ak paran plis mal pase byen.

Pòtoprens 04 septanm 2006

Sanon Renel

Pou Kòdinasyon CHANDàˆL (oganizasyon popilè pou edikasyon popilè) ki ekziste depi 13 me 1989