Español English French Kwéyol

Restavèk, on lòt fòm esklavay an Ayiti

Pòtoprens, 26 dawou 06 [AlterPresse] --- Fenomèn restavèk, se youn nan fòm esklavay ki ekziste an Ayiti, detan y ap selebre, nan dat 23 out 2006 la, jounen entènasyonal pou fè sonje komès esklav ak lè system esklavaj la te kraze.

Sou apeprè 200 mil timoun ki nan sitiyasyon rete lakay moun, 70 pou san ladan yo se tifi.

Divès kalite travay nan kay ki depase laj yo, espwatasyon fòs kouray yo, jouman ak lòt ki pase diyite yo kòm moun anba pye, tout kalte vyolans sou kò yo ak vyolans moral : se maswife sa yo timoun restavèk yo ap monte chak jou an Ayiti.

Pi fò nan restavèk yo sòti nan vil pwovens peyi d Ayiti. Akòz afè pa bon, paran timoun sa yo te konn mete yo pi souvan lakay kèk fanmi nan vil yo panse ki gen lajan, yon fason, dapre yo, pou pitit yo gen chans al lekòl epi konnen yon lavi miyò.

Depi kèk lane, ou jwenn timoun restavèk andedan kèk fanmi ki, yomenm tou, nan malsite. Sa ki rann sitiyasyon restavèk yo vin pi frajil.

Nan okazyon 23 dawou a, yon gwoup òganizasyon k ap defann dwa ayisyen mande otorite yo pran bon jan dispozisyon pou kaba koze esklavaj timoun an Ayiti. à’ganizasyon sa yo mande pou gen bon jan lwa ki pini konpòtman sa yo. Yo swete gouvènman an va degaje l kòmsadwa, pou pèmèt tout timoun ki gen laj pou sa kapab ale lekòl.

Jan l abitye fè sa chak ane, Oganizasyon nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (ki gen ti non jwèt INESKO) te sonje dat sa a ane 2006 la.

Ayiti se yon poto mitan nan batay ki te mennen, sa gen plis pase 200 zan, pou desoutire lesklavaj. [vs apr 26/08/2006 9 :00]