Español English French Kwéyol

Liberasyon yon sitwayen franse bandi ak zam te kidnape

Pòtoprens, 26 dawou 06 [AlterPresse] --- Sitwayen franse, Christophe Jeff, bandi te kidnape jedi nan Pòtoprens jwenn liberasyon l vandredi apremidi 25 out 2006, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans sou entènèt AlterPresse.

Ajans la pa rive konnen si fanmi Christophe Jeff ta bay bandi yo lajan pou yo lage l, apre anpil negosyasyon ki te fèt pou sa.

Dapre divès sous enfòmasyon, kidnapè yo te mande 300 mil dola meriken pou te kapab lage sitwayen franse a.

Bandi yo te fè dappiyanp sou Jeff, nan machin li, nan Dèlma, nan Lès Pòtoprens, epi mennen l, nan yon lòt machin, yon kote pèsonn pa t rive idantifye.

Christophe Jeff, ki gen 2 pitit, marye ak yon ayisyèn. Se depi 4 lane l ap viv an Ayiti.

Kantite zak dappiyanp yo te fè on bese nan dènye semenn mwa dawou 2006 la, apre apre l te fin monte byen wo nan mwa jiyè a, kote bandi yo te kidnape 60 moun pou pipiti, dapre prezidan Komisyon sekirite piblik Chanm depite ayisyen an, Ronald Larêche. [vs apr 26/08/2006 9 :00]