Batay Ouvriye
26 me 2003
BATAY OUVRIYE ap prevni tout travayè travayèz tout kalite ke dekrè sou salè minimòm 70 goud la sòti sou jounal Monitè depi jou ki te 17 avril 2003 a.
Nan analiz nou te fè nan dènye dokiman nou a "Pozisyon BATAY OUVRIYE sou Sitiyasyon Peyi a", an fevriye 2003, nou t ap montre kouman salè 70 goud la se yon rizib gouvènman lavalas la fè devan difikilte lavi travayè yo. Si nou kalkile pa rapò a lavichè a ki depi 1995 pa janm sispann monte, salè a ta dwe omwen 7.5 fwa lavalè 36 goud la, egal 270 goud. Si, koulye a, nou mete sou li valè goud la ki kontinye ap degrenngole devan sila dola a, salè minimòm la ta dwe 300 goud pou pi piti. E, lè sa a, 300 goud sila a, se ta sèlman yon ajisteman salè minimòm la, pa menm yon ogmantasyon! Si nou kalkile, atò, ke klas ouvriyè a, an patikilye, vin deplizanpli espesyalize e ke li an dwa egzije de salè pi wo, se ta 350 a 400 goud, an ogmantasyon lè sa a, ki ta dwe montan salè minimòm nou!
Men, jan nou tout fin rann nou kont trè klè, gouvènman lavalas la la pou bay boujwa tout avantaj, pandan li menm l ap fè bè pa l nan leta e espesyalize l nan dòmi sou nou. Se la salè mizè 70 goud la, se non sèlman pou mistifye travayè ki toujou dakò pou pran nan blòf lavalas yo men, pi rèd toujou, se pou pèmèt lesplwatasyon boujwa kontinye ogmante pi rèd, nan syè ak nan san ouvriye.
Devan sa, gen divès nivo BATAY pou nou mennen:
* Fòk tout travayè ki pot ko touche salè minimòm, pwofite egzije patwon kote y ap travay la pou yo konfòme yo a salè minimòm la, ki se 70 goud jounen jodi e ki, jan nou kapab wè l la a, deja ofisyèl;
* Fòk tout jou ki pase yo, apati 17 avril 2003 a, ki pa t kenbe kont de nouvo montan 70 goud la, rektifye klèman e fò nou tout touche diferans yo dwe nou a ;
* Fòk travayè ki te deja ap touche pis pase 36 goud la, lò montan sa a te reprezante salè minimòm la, kalkile konbyen pwopòsyonèlman nouvo salè yo a ta dwe ye ;
* Nan kad lit global mobilizasyon pasyèl sa yo egzije, fòk tout travayè travayèz kontinye mobilize pou fè yon sèl nan lit kont lesplwatasyon san limit sa a klas dominan yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a soti pou fè sou nou jounen jodi !
BATAY LA FENK Kà’MANSE !
ANN RANTRE LADAN LI 2 PYE FàˆM !
Batay Ouvriye / 26 me 2003