Haiti
Ti chèz ba

Plizyè òganizasyon deklare gouvènman an pa gen " volonte pou konbat lavichè a "


Ekri jou madi 22 out 2006

Deklarasyon final Fowòm nasyonal kont lavi chè ak plan neyoliberal, 18 pou rive 21 out 2006, nan Pòtoprens

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 22 out 2006

Nou, òganizasyon ki soti nan diferan sektè andedan 8 depatman nan peyi Dayiti, nou te reyini sou envitasyon Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè nan yon fowòm nasyonal kont lavi chè ak plan neyoliberal kay pe Tòlann yo nan kafou, soti 18 pou rive 21 out 2006. Nan fowòm nasyonal sa a, nou te reflechi sou move konsekans aplikasyon plan lanmò neyoliberal la, pwoblèm lavichè a ak estrateji batay nou dwe mennen pou n konbat plan sa a. Nan divès refleksyon nou fè yo, nou rive konstate plan neyoliberal la se youn nan pwogram ki lakòz kondisyon lavi mas yo vin pi grav chak jou pi plis. Plan neyoliberal la lakòz pwodiksyon nasyonal la fin disparèt. Jounen jodi a, pwodui pèpè anvayi mache a.

Asanble fowòm nan konstate gouvènman ki la a, menm jan ak gouvènman pase yo, pa montre okenn volonte pou konbat lavichè a, pou desann pri gaz la malgre akò petwokaribe a.

Nan sans sa a, nou menm òganizasyon ki nan diferan sektè nan kan pèp la, (fanm kou gason) k ap viktim anba plan lanmò FMI ak Bank Mondyal la k ap donnen plis mizè, ensekirite ak chomaj nan tout sektè nan kan pèp la, nou pran angajman pou nou layite batay kont plan lanmò neyoliberal la ak lavichè a nan kat (4) kwen peyi a. Se pou sa, nou pran rezolisyon pou fòse leta a anpatikilye gouvènman ki la a pran mezi sa yo :

1) Devlope agrikilti nan envesti prese prese nan pwodikson nasyonal la. Sa ki pral mande pou leta ayisyen : fè bon jan refòm agrè, anpeche yo ranbleye marekaj yo, fè kanalizasyon pou tè yo ka wouze, epi bay peyizan yo kredi agrikòl;

2) Sispann prese prese pwogram privatizasyon antrepriz piblik yo, epi reprann kontwòl tout antrepriz piblik leta te gen tan privatize yo;

3) Mete sou pye yon menm kalte lekòl pou tout moun nan peyi a;

4) Konbat koripsyon nan bwat leta yo;

5) Bese pri pwodui premye nesesite ak sèvis tankou : edikasyon, lasante, ak lòt ankò;

6) Elimine zafè pa peye ladwann gouvènman tranzisyon ki sot pase a te bay boujwa k ap fè kòmès yo;

7) Ouvè magazen leta ki te egziste deja epi kreye lòt toupatou nan peyi a;

8) Desann pri gaz la nan wete kantite taks leta pran sou li epi nan kontwole maj benefis boujwa yo ap fè sou gaz la;

9) Refikse sale minimòm lan pou fè l rive 250 goud pa jou pou pi piti;

10) Sispann peye lajan ponya FMI ak Bank Mondyal la;

11) Kontwòle kalte machandiz kap antre nan peyi a;

12) Sispann ak zafè zòn franch la;

13) Kontwole zafè lwaye ak fèm kay ki pa sispann grenpe epi
k ap fèt an dola meriken nan peyi a;

14) Mete kantin popilè nan lekòl yo;

15) Konstwi sant sante nan chak seksyon kominal yo;

16) Mete sèvis matènite pou fanm yo jwen swen lè y ap
akouche san yo pa peye pou sa;

17) Fè aparèy jistis la mache san paspouki;

18) Mete ban jan sekirite pou tout moun.

Konsa, pou fòse leta pran mezi nou sot site yo, nou deside :

1) Ranfòse òganizasyon nou yo epi mete kanpe òganizasyon granmoun nan tout sektè nan kat kwen peyi D Ayiti tankou : òganizasyon peyizan, ouvriye, sendika, fanm, elèv, etidyan, ti machanm elatriye ;

2) à’ganize plizyè fowòm nan chak rejyon pou kapab simaye yon gwo kanpay mobilizasyon ak konsyantizasyon, yon fason pou moun ki pa ko òganize yo rive konprann sa lavichè ak plan lanmò neyoliberal la ye, eksplike klè kòz ak konsekans pwoblèm sa yo. Konsa popilasyon peyi a k ap peye konsekans plan lanmò sa a va leve kanpe pou kwape l ;

3) Mete kanpe platfòm òganizasyon kominal, depatmantal, nasyonal pou pote flanbo batay revandikasyon mas pèp la kont plan neyoliberal ak lavichè sou tout tè peyi D Ayiti.

4) Tabli yon rezo pou batay kont plan neyoliberal la nan kreye lòt zouti pwopagann ki kapab mache nan sans batay mas yo ;

5) Fè anpil aktivite ( konferans, manifestasyon, rasanbleman, sitin ...) kont plan lanmò a ak lavichè a ;

6) Goumen pou rive reyoryante kilti peyi a poun sispann imite lòt nasyon nan abiman yo, mizik yo, konpòtman yo elatriye ;

7) Monte yon plan batay nasyonal kont lavichè ak plan lanmò neyoliberal la.

Pou rezolisyon sa yo pa mouri, asanble fowòm lan mete kanpe yon komite nasyonal ki fòme ak reprezantan tout depatman yo. Komite sa a gen misyon pou li asire suivi rezolisyon yo epi kenbe kontak ak tout òganizasyon nan kan pèp la pou pote batay la pi ale pi lwen.

Moun ki siyen pou deklarasyon Fowòm nan se :

Guy Numa, Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè

Edmond Saintius, Kòdinasyon Nasyonal Revandikasyon Peyizan Ayisyen (KONAREPA)

Garry Derisier, Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit (MOREPLA)

Lis òganizasyon ki te patisipe nan Fowòm nan

1) MRPST
2) BROPS
3) MRM
4) KONAREPA
5) Chandèl
6) KPN
7) KRD
8) Tèt Kole Marigo
9) GRAEP
10) FGPB
11) CMD-OD
12) Federasyon Tèt Kole Sid
13) KODENA
14) MODEP
15) RAJEB
16) MOREPLA
17) MORAP
18) POHDH
19) PAPDA
20) RAMSO
21) Tèt Kole Savanèt
22) Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè
23) KODEP