Español English French Kwéyol

Batay pou defann dwa grandèt majè Ayiti

Nan okazyon 91 lane premye debakman militè ameriken nan peyi Dayiti

Deklarasyon Mouvman Demokratik Popilè

AlterPresse resevwa dokiman sa a 28 jiyè 2006

Nan lane 1492 kolon panyòl te debake sou bout tè sa a pou vin ranmase richès. Yo touye premye ras moun ki t ap viv sou tè sa a. Apre masak endyen yo, kolon yo te al pran nèg dafrik pou fè yo tounen esklav. Men, apre plizyè syèk batay, esklav yo te rive mete blan franse deyò sou bout tè sa a. Malgre gwo viktwa sa a, otorite lafrans yo te mande otorite ayisyen yo pou peye swadizan dèt lendepandans. Piyaj kolon yo, dèt sa a mete ak piyaj kès Leta anpeche Ayiti pran wout devlopman jouk jounen jodi a.

Nan lane 1915 blan meriken debake pou vin ankouraje gwo antripriz kapitalis yo vin fè richès pa yo. Yo rantre pran rezèv lò peyi a nan bank santral. Pi gwo rezistans ki te gen anfas okipasyon enperyalis meriken nan moman an, te soti nan sektè peyizan an. Anba direksyon Chalmay Peral ak Benwa Batravil, peyizan yo te òganize tèt yo nan lame kako a pou yo te ofri yon kokenn chenn rezistans ame kont okipasyon an. Militè meriken yo te masakre plizyè santèn peyizan ki te nan lame kako a.

Nan dat 6 desanm 1929, anviwon 2 mil plantè kann ki te soti nan plizyè komin nan Sid la te pran lari pou manifeste kont kòve ak taks okipan yo te mete sou kleren. Militè san fwa ni lwa nan lame meriken masakre 22 pami ti peyizan sa yo nan Machatè ki nan pa pòt vil Okay. Pou kontinye travay represyon an, militè meriken yo te kite pou nou, yon lame kraze zo ak chèf seksyon pou kale dèyè nou. Anba lòd meriken, gouvènman Janklod la ak gouvènman militè ki vin apre l yo touye kochon kreyòl peyizan, kraze antrepriz Leta yo, louvri vant peyi a pou pwodui etranje antre libe libè. Sa ki lakòz, pwodiksyon nasyonal la fin kraze.

Nan lane 1994 blan meriken debake yon dezyèm fwa pou vin mennen Aristid aplike plan neyoliberal la. Pandan tan sa a gouvènman Ayisyen yo vann minotri Dayiti ak siman Dayiti. Plizyè lòt antrepriz Leta sou lis pou privatize. Nan lane 2004, nan moman 200 zan endepandans Ayiti, militè meriken, franse ak kanadyen debake. MINISTA pran la relèv. Depi lè sa a otorite ak polisye ayisyen yo tounen pope twèl nan men fòs loni yo. Alòske ensekirite ap vale tèren pirèd anba bab moun yo di ki vin estabilize Ayiti.

Nan kalfou istorik n ap viv jounen jodi a, Mouvman Demokratik Popilè sonnen lanbi rasanbleman nan mitan tout fòs pwogresis yo pou nou tanmen ansanm, batay pou defann dwa grandèt majè peyi a. Se nan Machatè nou lanse batay sa a. MODEP mande tout òganizasyon ak pwogresis pou yo pote kole nan batay sa a. Nou pa vle yon peyi okipe kote se anbasadè k ap dirije nan plas moun pèp la eli. Nou vle yon peyi granmoun ki egziste pou moun ki abite ladan l. Nou vle yon Leta granmoun k ap deside nan sans enterè mas pèp la. Pou nou rive nan Leta granmoun sa a, nou paka tounen pwa tann. Nou pa ka ap monte sèlman ti oganizasyon ak ti gwoup zanmi nou. Nou paka nan se pa m ki pi bon. Nou dwe konstui yon veritab fòs politik reyèl pou gide aksyon mas yo.

Aba okipasyon !
Viv yon Ayiti granmoun !
Viv lit mas yo

Pou MODEP:

Guy Numa

Smith Maximé