Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : ’ganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan ap prepare l pou selebre " yon doub 20 an "


Ekri jou sanmdi 15 jiyè 2006

Tèks konferans deprès Tèt Kole Ti Peyizan ayisyen 12 jiyè 2006

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 12 jiyè 2006

1. Pouki selebrasyon yon doub 20 tan nan TET KOLE

6 Sektanm 1986 - 6 sektanm 2006, pral fè 20 lane depi sèten pwogresis ak kad peyizan, te wè nesesite fè yon « tèt kole pou tabli yon mouvman ti peyizan ayisyen ». Se te premye inisyativ ki te pran, touswit apre 7 fevriye 1986, pou te kreye yon mouvman nasyonal pou ranmase kòz ti peyizan yo, nan yon vizyon politik pwogresis, otonòm ak demokratik. Objektif la se te devlope yon mouvman kote peyizan yo te aktè prensipal. Se nan kad vizyon ideyolojik popilè ak pwogresis sa a, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN (TK) ta pral boujonnen, parèt, grandi, miltipliye atravè 9 depatman peyi a.

23 Jiyè 1987 - 23 jiyè 2007, yon lòt dat enpòtan ki raple 20 lane depi lenmi jire mas pèp la, (grandon, boujwa, fòs reyaksyonè tout kalib ak fòs enperyalis yo) te antann yo pou bay inisyativ TET KOLE a yon gwo kou, lè yo te òganize pi gwo masak ki pa janm fèt sou peyizan nan istwa peyi a, 23 jiyè 1987 nan Janrabèl.

Kidonk, TET KOLE ap selebre yon doub anivèsè, yon doub 20 tan : 20 tan kreyasyon mouvman an ak 20 tan masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo. 2 dat enpòtan, 2 fwa 20 tan, pou senbolize makònay ki toujou egziste ant vansman ak gany pèp la nan lit la ak bak epi defèt pèp la sibi anba kou ak frap lenmi jire mas yo ba yo chak fwa, pou chache bloke tout lit pou chanjman popilè ak demokratik tout bon nan peyi a. Direksyon Nasyonal TET KOLE deside makònen selebrasyon 20 tan egzistans li ak 20 tan masak peyizan Janrabèl, pandan yon lane, pou remanbre epi relanse batay ti peyizan yo nan peyi a.

TET KOLE te fonde nan lane 1986 pou batay ti peyizan yo te jwenn direksyon politik ak ideyolojik kòrèk. Nan mitan gwo lit sa a, 139 ti peyizan Janrabèl ak Bochan tonbe 23 jiyè 1987. Prensipalman nan lit pou revandike tè, dlo ak jistis. Jouk jounen jodi a, « Ban nou 3 Rivyè pou nou wouze tè yo!», rete youn nan pi gwo revandikasyon peyizan Nòdwès. Menm jan 3 Rivyè rete yon kochma pou peyizan Latibonit alòske Basen Vèsan li nan Plezans ak Pilat nan Nò peyi a ap tounen yon dezè.

Se pou sa, òganize « Mach 3 Rivyè a » sou tout longè 3 Rivyè, se prensipal aksyon TK ap mennen, pami anpil lòt, nan divès rejyon nan peyi a, pou selebre doub 20 tan an. Lansman « Mach 3 Rivyè a » ap fèt ane sa a nan Plezans, pou l al rapouswiv Gwomòn kote souvan 3 Rivyè fè anpil dega. Mach la pral reyalize tout bon vre ane pwochèn an jiyè 2007 pou abouti nan Nòdwès kote anpil fwa, 3 Rivyè pwovoke gwo ravaj nan wete lavi ak jaden peyizan, anvan l al gaspiye nan lanmè. Ak senbòl « Mach 3 Rivyè a », TET KOLE vle kontinye makònen ne ki mare ansanm enterè ak lit peyizan yo, espesyalman lit pou tè, dlo ak jistis.

2.- Nan ki konjonkti politik selebrasyon doub 20 tan an ap fèt

Nan TET KOLE n ap planifye selebrasyon 20 tan egzistans nou ak 20 tan masak ti peyizan Janrabèl yo, nan yon konjonkti politik ki domine ak 4 gwo evenman sa yo :

1. Gwo peyi yo vin ap domine peyi nou an pi dirèk, pi fon. Dominasyon politik sa a manifeste ak prezans kò ame sivil ak militè ki nan peyi a anba labanyè LONI. Men prezans LONI maske reyalite okipasyon etranje a ki fè peyi a pèdi dwa grandètmajè li. Pou kache pi byen okipasyon etranje a, okipan yo ak restavèk yo nan boujwazi ak nan leta ayisyen abiye okipasyon an ak vèni koperasyon epi èd entènasyonal ki anreyalite la pou fè okipan yo vin pi rich epi pou ogmante dèt pèp ayisyen an parapò gwo pwisans etranje yo. Nan sans sa a, anpil bri, anpil monte desann ap fèt, gwo pwomès lajan kontinye ap bay. Men Ti Mari pa monte Ti Mari pa desann, pandan piyaj ap fèt sou resous peyi a posede.

2. Nou konstate mas popilè yo mete anpil espwa nan nouvo gouvènman Preval/Aleksi a. Pandan mas pèp la mete tout espwa sa yo nan nouvo dirijan politik yo, espesyalman nan prezidan peyi a, li klè, leta ayisyen ak nouvo gouvènman ki monte sou pouvwa a, toujou rete anba kontwòl gwo peyi k ap souse ti peyi nou an. Menm jan tou klas moun ki toujou ap domine epi kraze peyi a, toujou kontinye ap mare sosis yo ak blan an kont enterè mas pèp la, kont enterè peyi a. Sèl repons nouvo gouvènman an bay pwoblèm mas popilè yo, se pwogram apèzman sosyal la ak pwogram CCI a, 2 pwogram sou pwèl ki pap pote okenn solisyon vre a gwo pwoblèm nou menm ti peyizan ak mas pèp la ap andire nan peyi a.

3. Nan nivo ekonomik, nou wè mizè a ap ogmante nan mitan ti peyizan yo, nan mitan mas popilè yo ak nan mitan yon bon pati nan klas mwayèn pòv yo. Pandan tan sa a, menm jan ak ansyen gouvènman tranzisyon an, nouvo gouvènman an pa di, ni pa fè anyen pou bese lavichè a, nan sousi pou ta soulaje mizè pèp la. Rezilta : egzòd ap kontinye epi menm ap ogmante nan tout sans. Pandan tan sa a, gwo boujwa peyi a kontinye ap foure yo pi fon anba zèl boujwazi entènasyonal la. Boujwa yo ak otorite leta yo kontinye ap jwe kont enterè peyi a, kont enterè mas popilè yo, lè y ap mache tèt bese nan lojik plan ekonomik ak politik gwo peyi enperyalis yo, plan neyoliberal la. Nan sans sa a, boujwa yo pa gen okenn pwoblèm ak nouvo gouvènman an ki pare deja pou reprann pwogram privatizasyon an (yo deja anonse yo pral privatize TELECO ak BNC). San bliye pwogram CCI a gouvènman tranzisyon an te fè sou do mas pèp la pral kontinye egzekite tèt kale sou gouvènman Preval/Aleksi a ki pa pa gen kapasite ak volonte pou ta renegosye ladan chanjman ki ta ka ale nan sans enterè mas pèp la.

4. Dènye gwo evenman ki make konjonkti a se fenomèn ensekirite a. Ensekirite a te fè yon bon bese nan moman eleksyon yo t ap òganize. Men l ap reprann ak gwo fòs nan tout peyi a. Nouvo gouvènman Preval/Aleksi a pa anonse okenn plan global pou kontre pwoblèm majè sa a ki mete an danje egzistans nasyon an menm. Poutan jwenn sekirite, se te youn nan prensipal rezon ki te fè mas popilè yo, lavil tankou nan mòn, te leve kanpe pou brave danje pou te al vote epi defann eleksyon chèf pouvwa egzekitif la, prezidan Preval.

Jan sitiyasyon an ap evolye a, fè nou poze anpil kesyon nan TET KOLE sou avni peyi a, sou avni nou menm ti peyizan, nou menm mas pèp la ki depi digdantan ap sibi tout kalte esplwatasyon ak dominasyon anndan peyi sa a. N ap mande kilè van an va vire tout bon vre pou nou menm k ap soufri nan peyi a ? Kilè nou menm peyizan, nou menm travayè, nou menm mas pèp la, n ap kapab tabli nan peyi sa a yon leta k ap nan sèvis ak nan enterè nou tout bon vre, san fè demagoji ?

Selebrasyon doub 20 tan an, 20 tan fondasyon TK ak 20 tan masak peyizan Janrabèl se yon kafou bilan kote nou dwe reflechi seryezman sou avni nou nan peyi a. Doub 20 tan an se yon kafou kote nou dwe chache nouvo estrateji ak nouvo zouti pou kontinye batay pou revandikasyon nou yo ka rive jwenn satisfaksyon. Doub 20 tan an, se okazyon pou egzije jistis pou peyizan Janrabèl ak pou tout lòt peyizan ak tout lòt kategori moun ki sibi anba masak, mizè, touni ak ensekirite nan peyi a.

Doub 20 tan an se yon kafou kote nou dwe soti anba mepriz pou nou ranmase rekòt nou yo. Nou konnen se sèlman nan goumen yon pèp ka jwenn liberasyonl. Liberasyon yon pèp pa janm yon kado, se toujou rezilta lit tout pèp yo. Pou sa, nan okasyon doub 20 tan an, nou envite tout òganizasyon peyizan, òganizasyon popilè ak pwogresis pou nou fòme yon chenn solidarite, pou nou kontinye batay sou revandikasyon imedya ak fondalnatal nou yo, san trayi veritab enterè ak objektif komen nou yo.

Nan okazyon doub 20 tan sa a, an nou pouse yon kri pou di ansanm :

Non, nou pa vle okipasyon militè etranje
k ap fini ak tout valè epi richès ki rete nou nan peyi a.
Non a plan privatizasyon newoliberal la
k ap donnen lamizè, grangou, fè nwa, laperèz ak ensekirite.

Wi, pou dwa grandètmajè peyi nou an, wi pou libète pèp la
Wi pou yon leta ki nan sèvis ak nan enterè mas pèp la.
Wi pou yon pèp vanyan k ap goumen pou liberasyon l
Wi pou peyizan meprize ki deside ranmase rekòt nou yo.