Español English French Kwéyol

Radyo Frans Entènasyonal pral fèmen seksyon Kreyòl li a

P-au-P, 10 Juil. 06 [AlterPresse] --- Apati mwa oktòb 2006, Direksyon Radyo Frans Entènasyonal (RFI) ap mete yon bout nan sèvis kreyòl radyo sila a moun kapte nan Pòtoprens sou 89.3 FM. Se sa ajans sou Entènet AlterPresse aprann jounen lendi 10 jiyè a.

Progranm lang Kreyòl RFI koumanse depi 1985, nan vil Pari. Aprè 20 lane konsa, responsab radyo sa a deside fèmen l.

Jounalis peyi karayib yo, k ap feraye nan medya sa a, leve vwa yo byen wo pou pwoteste kont desizyon sa a ki, dapre yo, pa kanpe sou anyen.

“Desizyon RFI pran la a pa bon ! Nou derefize yo efase lang kreyòl la anlè tablo Radyo Frans Entènasyonal. Nou rete kwè li posib pou desizyon channgo sa a rete nan biwo mèt li. E nou prèt pou itilize tout mwayen pou fòse direksyon RFI a chanje lide ». Se sa jounalis yo di nan yon nòt yo voye bay AlterPresse.

Pou fèmen redaksyon kreyòl la, Direksyon RFI di konsa se lajan ki manke. Poutan, yo gen pwojè pou louvri 2 lòt sèvis nan lang Awousa ak Swayili. « Konsa, yo konsidere Kreyòl la tankou on lang bèbè, on lang mò », daprè jounalis sa yo.

Emisyon lang kreyòl RFI a se yon ouvèti pou tout moun ki soti nan karayib ak lòt peyi ki payi pale kreyòl sou latè. Ayisyen, Gwadloupeyen, Matinikè, Giyanè, Sentlisyen, natif natal peyi Dominik ak tout dyaspora, se 12 milyon moun konsa ki retwouve yo andedan pwogram sila a. [do rc apr 10/07/2006 15 :55]