Español English French Kwéyol

Ajennda vizit d Eta Prezidan René Préval an Frans

Weibert Arthus

Pari, 27 jen. 06 [AlterPresse] --- René Préval ta dwe rive an Frans mèkredi aprè-midi 28 jen, aprè li fn pase 2 jou nan Briksèl (Bruxelles). Se nan vil sa a, kapital peyi Bèljik, tout gwo enstitisyon ewopeyèn yo chita.

Kou li rive a Pari, Chèf Leta a dwe vizite Haïti Tribune, jounal kominote ayisyèn nan an Frans, ki gen nan tèt li Daniel Talleyrand, yon pwòch fanmi prezidan an.

Jedi 29 jen, Rene Preval, prevwa rankontre kèk biznismann fransè pou ankouraje yo vin envesti an Ayiti. Prezidan an prevwa tou vizite Asanble nasyonal la. Men nou pa konnen si li ap pran lapawòl douvan depite fransè yo.

An aprè, se nan Pati Sosyalis la Prezidan Preval prale. Li pral koze ak chèf opozisyon an François Hollande. Epi, on ti kout pye nan Lakomin Pari pou rankontre majistra vil la, Bertrand Delanoà«. Jounen an ap fini ak on dine nan Quai d’Orsay (ministè Zafè etranjè Lafrans) epi petèt on rankont ak kèk aktè nan kominote a.

Vandredi 30 jen, Prezidan René Préval prevwa koumanse jounen an ak on vizit nan Panthéon, pou l al koube douvan on plak ki gen anndan an nan memwa Tousen Louvèti epi vizite moniman lòt grandèt ki make listwa Lafrans.

An aprè, direksyon palè Lelize pou rankontre Prezidan Jacques Chirac ki envite li vini an Frans. Gen rankont tou ki prevwa, nan menm jounen an, ak Premye minis Dominik de Villepin, ansanm ak Minis defans la, Michèle Alliot-Marie.

Prezidan Préval prevwa tou chita koze ak direktè jeneral Inesco a, Koïchiro Matsuura, ak sekretè jeneral Frankofoni a, Abdou Diouf. 2 enstitisyon entènasyonal sa yo gen syèj yo nan vil Pari.

Jounen vandredi a ap bout ak on gwo reyinyon piblik ant Prezidan an ak konpatriyòt ayisyen yo ki ap viv an Frans. Se pral lokazyon pou kominote ayisyèn nan poze Prezidan Préval divès kesyon sou sitiyasyon peyi a ak mwayen li konte itilize pou rezoud kèk gwo pwoblèm.

Samdi 1e jiyè, anvan li kite Lafrans, René Préval ta sipoze bay on konferans de près. Men an Frans, se gwo diskisyon ki ap fèt ant anbasad Ayiti a Pari ak kèk patikilye pou konnen kilès ki ap òganize konferans sa a epi k ap siyen anba envitasyon an.

Dimanch aprè midi 25 jen, pandan l t ap reponn kesyon jounalis ayisyen nan emisyon Kòn Lanbi, anbasadè Lionel Etienne te avwe li pa konn anyen nan ajennda vizit Prezidan Préval la, paske lis aktivite yo sòti depi Ayiti.

Dapre enfòmasyon yo, gen on bèl konpetisyon ant otorite ofisyèl ayisyen yo ak divès patikilye ki pwòch Prezidan an osnon pwòch mouvman Lavalas la ki gen bèl enfliyans nan pwogramasyon deplasman Chèf Leta a.

René Préval gen avèk li kèk manm nan gouvènman an, nan sektè prive a, nan òganizasyon popilè yo ak dirijan sèten pati politik, tankou Serge Gilles nan pati Fizyon Sosyo-demokrat yo. [wa gp apr 27/06/2006 16:00]