Moso nan yon bilten Gwoup Rechèch ak Refleksyon Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè pibliye finisman mwa me 2006
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 jen 2006
Tout kalte enstitisyon, òganizasyon anvan jounen eleksyon 7 fevriye 2006 yo t ap pale pou pèp la, nan non pèp la, oubyen te deklare y ap travay nan enterè pèp la. Men eleksyon yo pral montre dizon pèp la te absan nan tout pale anpil ki t ap fèt yo. Pèp la te sito yon chwal ki gen bon do tout sektè t ap chèche pase pye sou li.
Premye sektè ki fè bèk atè, se kowalisyon tout pati politik ki te goumen pou mete atè rejim Lavalas la. Rezilta eleksyon yo montre gwo feblès yo genyen. Kesyon an se : eske y ap ranmase kouraj yo pou konprann leson sila a ? Li ta bon pou chak pati oubyen kowalisyon ki t ap klewonnen fòs yo fè bilan oubyen otokritik yo. Men nou poko wè siy ki montre sa pral fèt.
Dezyèm sektè ki pèdi lafos onivo politik, se Fanmi Lavalas. Pati sila a montre li pa gen gwo reprezantativite onivo Nasyonal. Malgre tout gwo diskou, li rive nan dèyè kamyonèt la pou plas prezidan epi li pa fè gwo rezilta pou Palman an. Se vre, gen mannèv k ap fèt pou rekipere viktwa elektoral kandida Lespwa a, René Préval. Men li parèt aklè jounen jodi a pa t gen okenn antant politik ant 2 sektè sila yo. Konsta sila a tèlman vre, se beton kèk gwoup ap chofe pou fè presyon sou Prezidan Lespwa a pou lidè Fanmi Lavalas la ka retounen. Epitou, plizyè mwa apre eleksyon yo, Platfòm Lespwa a pa janm pran piblikman yon angajman politik ansanm avèk Fanmi Lavalas. Men kesyon ki rete pandye se : eske sektè Fanmi Lavalas la rive konprann nesesite pou mete sou kote blòf nan lit politik la ? Eske yo pral evalye sa ki fòs reyèl ak baz reprezantasyon yo onivo nasyonal ? Pokò gen siy ki montre sektè sa a pral koupe fache avèk yon seri move pratik.
Twazyèm sektè pou nou konsidere, se enstitisyon, òganizasyon sosyal yo. Yo pa t rive akonpaye kòmsadwa nan pwosesis eleksyon yo. Se vre, gen enstitisyon tankou JILAP ki te reyalize yon bon travay obsèvasyon ak vijilans. Men, sistèm eleksyon yo te konplike anpil. Oganizasyon sosyal yo te manke mobilize pou Konsèy Elektoral Pwovizwa respekte dwa minimòm chak sitwayen genyen pou bay dizon l nan chwa moun ki pou dirije l. Anpil enstitisyon ak òganizasyon te plis rete ap gade. Gen lòt menm, se jwèt sèten sektè politik yo t ap fè. Nou ka konprann lè sa a pou kisa fòm prezans pèp la nan eleksyon 7 fevriye 2006 yo vin fè prèske tout obsèvatè ayisyen ak etranje sezi.
Prezans pèp la montre Ayiti pa fin mouri
Nou kwè se pi gwo leson eleksyon 7 fevriye yo charye. Fòm prezans pèp la nan eleksyon sila yo montre menm lè yo pa ba li chans pale, popilasyon an pare pou l vanse sou chimen demokrasi. Pèsonn pa t ka evalye nivo patisipasyon l, li sòti an mas pou vote. Konsèy Elektoral la ak MINUSTAH òganize yon gwo dezòd onivo operazyon vòt yo jou eleksyon yo. Popilasyon an pran pasyans, òganize pwòp sistèm disiplin ak sekirite pa l, epi transfòme avèk disisplin yon sitiyasyon tèt anba.
Konsèy Elektoral la ak MINUSTAH pa t deside ranmase sa ki reyalite jewografik ka demografik peyi a. Sant vòt te chita nan anpil ka a 15 pou rive 20 kilomèt elektè yo. Men moun yo fè sakrifis dòmi nan wout, mache anpil, fè yon jounen grangou ak swaf pou yo ka vote. Men eske gwo sakrifis sa yo ka rete san rekonpans? Pèp la mande pou elit peyi a, kominote entènasyonal konsidere l yon lòt jan. Eske gen konsyans pou gen jefò ki fèt nan sans sa a? Nou pokò wè siy repons pou kesyon sila a. Men tout sektè ta dwe konprann eleksyon 7 fevriye 2006 charye yon gwo defi.