Pòtoprens, 1 me. 06 [AlterPresse] --- Pandan 3 jou, soti 29 avril rive premye me sa a, gouvènman ayisyen an òganize nan channmas Pòtoprens fwa agrikilti ak travay, yon evènman ki tounen yon aktivite preske tradisyonèl nan okazyon premye me.
Ane sa a ankò, plizyè milye vizitè fè virewon nan channmas, pou wè sa Ayiti pwodui. Fwa a gen patikilyèman atizana ak pwodui agrikòl epi tou gen kèk lòt pwodui ti endistri ki espoze tou.
Menmsi parèt gen mwens moun ane sa a pase ane anvan yo, se yon okazyon pou vizitè yo al manje yon diri ak lalo, ki soti nan Latibonit. Se yonn nan pla ki gen plis siksè nan fwa a.
Anba tant yo tou, manman ak papa pitit ki mache ak pitit yo kontan pran enfòmasyon sou kou man yo kab kwit yon bèl mayi gwo tèt, dekouvri konfiti lalwa, ji mango, rape kokoye, eksetera.
Yon jèn madanm k ap achte kokoye rape nan men yon machan di li : « ou fè bon lavant! » Machann nan reponn : « grasadye ».
Ayisyen sezi wè gwosè rejim bannann, kantite bèl patat ki espoze ansanm ak pwa tout kalte.
Inisyativ pou transfòme lèt, fè yogout nan plizyè kwen nan peyi a, atire atansyon anpil moun k al li enfòmasyon, gade foto epi goute pwodui yo.
Moun admire tou bèl braslè, kolye, wòb ak chemiz byen bwode, penti ak divès lòt kreyasyon ayisyen pandan divès rit mizik ap bouyi.
Nan Kenskòf, nan lès Pòtoprens, Gwoupman Plantè retire chapo pou salye kouraj « tout fanm, tout gason ki kenbe manchèt ak zouti yo pou yo kontinye bouske latè pou trouve sa ki genyen ladan l ».
à’ganizasyon sa a di fristrasyon li poutèt jan yo « meprize » peyizan pandan y ap siyen « gwo akò ak peyi etranje sou do » yo. Epi, poutan se « nou ki pa janm anyen, pitit nou yo pa ka jwenn lekòl, nou pa ka achte angrè, semans e latriye, nou paka jwenn ti moso la sante ».
à’ganzasyon an mande pou « kreye bon jan aktivite pou jèn yo, nan mete elektrisite pou yo, lekòl profesyonèl, bon jan alfabetizasyon, fè wout, pou malere yo sispann fè konbyen kilomèt ak machandiz sou tèt yo ».
Nan Latibonit kote AlterPresse kontre ak agrikiltè Justin Prince, peyizan yo toujou ap tann pou yo jwenn bon jan ankadreman pou agrikilti, ki anplwaye pi fò moun an Ayiti, kab kanpe sou 2 pye l.
à’ganizasyon Batay Ouvriye fè konnen nan yon kominike, premye me 2006 la « vin jwenn nou nan yon sitiyasyon espesyal kote Ayiti anba dominasyon militè ak kontwòl politik enperyalis ».
Batay Ouvriye di se yon premye me espesyal tou, apre eleksyon 7 fevriye a kote mobilizasyon te bloke sa l rele prensipal pwojè boujwazi a ansanm ak ekip fo demokrat ki akonpaye yo a.
Batay Ouvriye envite popilasyon an rete je kale sou ekip René Preval la, ki « chaje ak moun, kouran, kontradiksyon trè negatif ladan l ».
Batay Ouvriye fè konnen premye me a espesyal paske, fwa sa a, « ak mobilizasyon ouvriye yo kòm motè, se tout kan mas popilè yo k ap revandike ».
Bò pa li, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) di li fè solidarite ak 11 milyon travayè migran san papye peyi Etazini vle depòte.
GARR deklare nan yon kominike, « migran sa yo ap sibi gwo presyon akòz yon lwa ki rele Sensenbrenner ki pou kounye a devan Sena ameriken an. Lwa sa a vle fè tout imigran san papye tounen kriminel e li menase voye tout moun ki soti nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la, e ki tabli Ozetazini san rezidans, tounen lakay yo ».
GARR raple se menm sitiyasyon sa k ap devlope an Repiblik Dominikèn tou avèk anpil travayè ayisyen. « Aloske reprezantan gouvènman dominiken an ap miltipliye reyinyon ak zotobre ameriken anfavè sitwayen li ki san papye Ozetazini, menm gouvènman sa a pa sispann rapatriye anpil travayè ayisyen k ap pote kole nan ekonomi peyi a depi digdantan ».
GARR « salye kouray tout travayè ayisyen ki Ozetazini, tout travayè ayisyen ki nan Repiblik Dominikèn, espesyalman sila yo ki travay nan sektè kann nan, ki se yon sektè kote gen anpil esplwatasyon ». Li di travayè sa yo « kenbe fèm pa lage. lit la di, men n ap rive fè yo respekte dwa nou ». [gp apr 01/05/2006 13:00]