Yon atik Marie Ludie Monfort
Pòtoprens, 24 avril 06 [AlterPresse] --- Soti 24 pou rive 29 avril 2006, Ayiti ak Repiblik Dominiken ap mennen yon kanpay vaksinasyon nan 4 zòn sou fontyè ant 2 peyi yo, dapre sa ajans sou Entènèt AltèPrès aprann.
Se tibebe ak fanm ansent ki pral resevwa dòz vaksen kont tibèkiloz, lawoujòl, difteri, tetanòs ak koklich.
Beladè / Elias Pina nan depatman Sant Ayiti, Gantye (toupre fontyè Malpaso / Jimani) nan depatman lwès, Tyòt (toupre mòn Bahoruco) nan Sidès ak Wanament / Dajabon nan depatman Nòdès peyi a : se 4 komin sa yo otorite 2 peyi yo chwazi sou 16 vil ki na 4 depatman sou fontyè a.
Difikilte kominote sa yo genyen pou jwenn swen sante ta esplike poukisa se nan 4 komin sa yo vaksinasyon an pral fèt.
Ap gen 4 sant vaksinasyon nan Beladè ak Gantye, 5 nan Tyòt, 3 nan Wanament.
Responsab sante 2 peyi yo bay tèt yo objektif vaksinen ckak jou ven (20) timoun kont tibèkiloz, epi san (100) timoun kont lòt maladi yo.
Semenn kanpay vaksinasyon, soti 24 pou rive 29 avril 2006 la, pa vle di timoun ak fanm ansent p ap kapab resevwa vaksen nan sant yo pandan rès ane a.
An Ayiti, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ap jwenn konkou Bank Entèameriken Devlopman (ki gen ti non jwèt BID), Oganizasyon Panameriken Sante / Oganizasyon Mondyal lasante (OMS), branch ayisyen Fon Nasyon Zini pou Timoun (UNICEF) ak pwogram Ayiti/Sante 2007 ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (HS 2007, peyi Etazini).
Soti 22 pou rive 29 avril, se peryòd òganis entènasyonal yo chwazi pou fè yon semenn vaksinasyon total kapital nan peyi Amerik yo. [mlm rc apr 24/04/2006 0 :00]