Español English French Kwéyol

Ayiti : Pou Ginou, pou Lavi !

Ochan pou Ginou Mondésir - epi yon pinga fratènèl pou konpatriyòt k ap feraye nan Sinema Ayisyen an

Jafrikayiti (Jean Saint-Vil) [1]

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 17 avril 2006

Dimanch Pak, 16 avril 2006, se yon jou memorab pou anpil patizan lavi ki te patisipe nan yon bèl sware Fondasyon Fabienne Colas te òganize nan vil Montreal, nan memwa defen aktris Ginou Mondésir. Bèl etwal 29 lane sa a te mouri asasinen sou wout Akayè jou 24 desanm 2005 la.

Plis pase yon santèn fanm, gason, grandèt ak tilezanj te pote kole ak Fabienne Colas pou yo di: «Otan ! Li lè li tan pou gason ak fanm sispann detwi lavi nan leve men youn kont lòt. Malsite yo rele vyolans konjigal la fè twòp dega. Fòk sa kaba ! ».

Dimanch Pak se jou Kretyen toupatou sou latè fete rezireksyon Jezi, sila a yo rekonèt kòm pitit Bondye ki te mouri pou bay tout limanite yon lavi ki pap janm fini. Ginou Mondésir te mouri lavèy jou Kretyen yo fete nesans Jezi (25 desanm). Konsa, lè Fondasyon Fabienne Colas deside pwojte avan dènye fim Ginou Mondésir jwe ladan li a, «le Miracle de la foi», jou Dimanch Pak 2006 lan, mwen te wè nan chwa sa a yon bèl senbòl selebrasyon lavi ki pote laviktwa sou lanmò. Kidonk, se san di pètèt, tout lakòd fanmi mwen te fè deplasman an, soti Ottawa pou nou ale nan rankont espesyal sa a.

Sware a te byen koumanse, li te byen fini. Poutan, gen yon gwo doulè ki rete sou kè mwen. Se poutèt sa, mwen deside ekri mesaj sa a ki se yon ochan pou Ginou ak Fondasyon Fabienne Colas men, anmenm tan tou, se yon rèl «anmwe atansyon danje !» pou atis Ayisyen yo, an patikilye sineyas nou yo.

Bon bagay!

Depi premye sèn lan rive jouk nan dènye moman «le Miracle de la foi», aktè yo, an patikilye Ginou Mondésir, bay yon pèfòmans wodpòte. Kalite teknik fim nan onivo kamera, son, tranzisyon imaj yo, tout konfime bèl pwogrè ki kontinye fèt nan sinema Ayisyen an.

Onivo senaryo, gen anpil jefò ki fèt tou. Men, jiskaprezan, pèsonaj yo on ti jan twò sipèfisyèl. Paregzanp, detanzantan, mo angle ak kèk ekspresyon franse rantre nan dyalòg yo san rezon lojik. Epi, kèk fwa tou, jan aktè yo pale oudimwens jan yo makiye yo, ou gen enpresyon se plis ‘enteresant’ yo ap fè olye yo rantre nan po yon pèsonaj k ap evolye nan yon anviwonman espesifik.

Evolisyon ki merite fèt toujou onivo senaryo fim nou yo, se kichòy mwen sèten k ap kontinye fèt natirèlman. Mèzalò, gen yon gwo danje ki pandye sou tèt sinema nou an ki merite pou nou panche sou li san pèdi tan. Nan «le Miracle de la foi», danje pandye a - ki se "Vyolans Sikolojik" pran fòm nan mesaj santral fim nan ki marinen nan yon sòs sipèstisyon, prejije rasyal epi vyolans relijyez.

Move bagay ! Danger - Tête de mort !

Nan liv li, "les Damnés de la terre" Frantz Fanon, ekri:

«Kwayans nan fatalite retire tout blam sou do maspinatè a; se Bondye ki lakòz move desten ak lamizè. Li se ladestine. Kòmkwa, endividi a reziyen li dèske lavi li demantibile paske se Bondye ki fè sa rive, li koube tèt ni devan kolon blan an, ni devan sitirasyon li. Epi, granmesi yon sòtde ajisteman entèn li fè nan lespri li, li santi li kèpòpòz tankou wòch ki nan fon basen dlo».

Nan liv nou, "Viv Bondye ! Aba Relijyon!" men definyon nou ofri pou mo sipèstisyon an.

Sipèstisyon: (Laten - superstitio) se konpòtman ki pa fè sans alegad bagay ki konsidere sakre. Kwayans nan yon seri zak, yon seri senbòl ki kapab misteryezman lakòz konsekans pozitif osnon negatif.

Ak anpil teknik sinematografik, reyalizatè «le Miracle de la foi» yo prezante nou yon seri fenomèn ekstraòdinè tankou gerizon mirakilez yon jennonm ki te gen yon gwo java nan pye li, yon Bòkò ki fè yon moun tounen bèf, yon zanj ki andòmi yon zenglendo pou anpeche li fè yon krim, elatriye.

Tout Ayisyen abitye tande koze bèl mèvèy sa yo.

Natirèlman, se pa ni de, ni twa soupi satisfaksyon nou tande nan sal la, chak fwa ‘bondye’ pote laviktwa sou ‘dyab’ la. Men, mezanmi, nan yon peyi kote 4 moun mouri sifoke nan ane 1998 paske yo te fèmen tèt yo anndan yon chanm kote lè pa sikile - «pou eklips solèy la pa t pran yo», èske se konsa pou sineyas Ayisyen yo ta ap voye monte plis sipèstisyon toujou nan lespri yon popilasyon vilnerab?

Kipizè, sipèstisyon k ap boloze nan «le Miracle de la foi» a gen yon koulè rasis ki grav anpil pou noumenm Ayisyen. Pou kisa zanj ki vini geri java nan pye jenn gason an, oblije ’blan’, nan yon peyi kote 99% moun se nèg yo ye? Pou kisa, anndan tanp Vodou a, se yon ekip kanibal nou jwenn k ap manje moun, fè moun tounen bèf - jiskaske yon zanj (yon blan natirèlman!) kanpe an kwa pou anpeche yo fè malefis?

Apre nou fin viv kanpay anti-sipèstisyez ane 40 yo, apre dechoukay ane 1990 yo, vwalatilpa, se nan pwòp sinema nou, meyè aktè sinema nou yo, vedèt mizikal nou, tankou Lionel Benjamin, al patisipe nan yon fim k ap preche vyolans relijyez. Kòmsi deryennetè, nou wè yon sèn nan fim nan kote zanj bondye a (blan an !) parèt, li plante yon manchèt nan tè a epi vap! dife limen, li kankannen tanp vodou a. Ki mesaj reyalizatè a vle fè pase ak imaj sa yo?

Nan diskou pèsonaj Ginou Mondésir ak Lionel Benjamin jwe yo, nou remake kèk jefò timid ki fèt pou preche tolerans relijyez, men sa pa sifi pou diminye karakteristik etnosantrik fim Jean-Gardy Bien-aimé a. Mesaj santral la klè: relijyon kolon esklavajis yo te mennen sou zile a, Krisyanis lan, se li ki bon, se li ki pi pisan. Se limenm ki relijyon bon bondye Jehovah a, se limenm ki relijyon Jezi a. Relijyon Afriken ki te goumen pou kase chenn lesklavaj sou zile a, limenm se relijyon dyab li ye. Se relijyon moun andèyò yo, kote Bòkò ap fè moun tounen bèf gwo lajounen. Sèl sovè nou, se yon Bondye blan ki gen yon ekip zanj (blan menm jan ak li) ki tou pare pou yo desann sou latè vin goumen kont mechan yo (espesyalman bann kanibal ki nan Vodou yo).

Sinema se rèv. Kidonk, li ofri opòtinite kreye bèl mèvèy. Li ofri opòtinite soulve tabou ki genyen nan yon sosyete. Kidonk, yon fim sou fenomèn sinatirèl ki asosye ak relijyon Vodou osnon ak relijyon Krisyanis lan, pa gen anyen mal nan sa. Mèzalò, gen gwo diferans ant yon zèv fiksyon epi yon zèv k ap voye monte sipèstisyon yon gwoup etnik kont sipèstisyon yon lòt gwoup etnik. Sa dotanplis grav lè se noumenm menm Ayisyen k ap frape nen n, ak pwòp men n.

Annou klè! Si, lè moun ap touye bèt bay lwa manje - se sipèstisyon; lè moun ajenou ap lapriyè nan pye yon estati blan pou yo kapab gen bon bagay ki rive nan lavi yo - se sipèstisyon tou; lè yon moun ap mache toupatou fòse lòt moun jete badji li gen lakay li epi ranmase liv ki ekri nan yon lang li pa menm konprann, kote yo ap rakonte listwa yon lòt pèp ki te viv yon lòt kote, nan yon lòt epòk...nan lespwa pou yo toulede ka ale viv nan syèl apre yo fin mouri sou latè - se sipèstisyon ki ap goumen ak sipèstisyon.

Depi lèzòm vivan ap toujou gen move entèpretasyon ki fèt osijè bagay nou pa konprann epi ki rive nan linivè. Men, sa pa vle di pou sa chak bagay nou pa rive konprann oblije tounen pou nou yon okazyon pou nou devlope plis sipèstisyon pou eksplike fenomèn inesplike ki rive nan lavi nou.

Nan yon sware kote nou te vin selebre laviktwa lavi sou lanmò, laviktwa lajistis sou lenjistis, laviktwa entèlijans sou entolerans, sèn retwograd sa yo ki nan fim "le Miracle de la foi" k ap fè pwopagann pou prejije rasyal anba kouvèti relijyon, reprezante pou nou yon gwo desepsyon.

Ginou mouri trajikman paske sosyete nou an po ko fè lenesesè pou li kwape yon malsite ki rele SEKSIS anti-fanm. Anpil lòt Ayisyen kontinye viv epi mouri nan lamizè, paske sosyete nou an po ko fè lenesesè pou li kwape yon lòt malsite ki rele RASIS anti-Afriken (anti-noumenm).

Lè a rive pou nou itilize tout talan nou, tout enèji nou pou nou defann lavi. Lavi yon fanm tankou lavi yon gason. Lavi yon Kretyen tankou lavi yon Vodouyizan. Lavi yon kilti se lavni yon pèp !

Nan liv li "The groundings with my brothers", Walter Rodney, yon pitit Lafrik Ginen ki fèt nan zile Karayib yo, ekri:

«Sa ki montre aklè kijan sosyete nou an malad sou sa ki konsène koze ras la se respè nou genyen pou tout senbòl blan nan relijyon Krisyanis la...Lè yon moun mande pèp “moun nwa†pou yo rejte bagay sa yo, se pa atake li atake sa Jezi te konn ansenye yo non, osnon bonjan valè Krisyanis la gen ladan li. Sa nou dwe mande tèt nou se: «Poukisa Krisyanis la sètoblije vin jwenn nou vlope byen vlope - toudeblan?»

Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon Nèg ape de Nèg!»
http://www.jafrikayiti.com

...................


[1Jafrikayiti (Jean Saint-Vil) se otè seri LAFIMEN : Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen, 2006 (CD# 2&3), 2003 (CD#1) ; Viv Bondye ! Aba Relijyon!, 2000 - liv ki tabli sou istorik devlopman relijyon Krisyanis lan epi relasyon pèp Ayisyen ak relijyon sa a; Si Garvey était ici - yon dokimantè videyo sou lavi kominote Nwa a nan vil Ottawa, 2001; Representing YBM Productions - yon dokimantè videyo sou antrepriz 3 jenn nwa nan Ottawa.

Atis, miltan k ap pote kole ak yon mouvman global anfavè jistis sosyal toupatou, animatè emisyon radyo nan CHUO 89.1 FM (Université d’Ottawa) ak CKCU 93.1 FM (Carleton University), detanzantan Jafrikayiti patisipe nan emisyon radyo ak televizyon CBC / Radio-Canada, CPAC, Televizyon Rogers elatriye...