Pari, 3 avril 06 [AltèPrès] --- Lafrans pral viv on lòt gwo jounen grèv ak manifestasyon madi 4 avril la. Asosyasyon elèv lise, etidyan, sendika travayè mete ak tout pati ki nan lagòch deside jwenn ansanm pou pèmèt mobilizasyon an pran chè, dapre enfòmasyon ki vin jwenn korespondan ajans AltèPrès la nan vil Pari.
Nan finisman semèn pase, Prezidan Jacques Chirac anonse 2 chanjman nan lwa sou Kontra Premyè Jòb la (contrat première embauche : CPE). Men, sa pa sifi pou bese mobilizasyon sosyal la. Dayè, vandredi swa menm, ki te 31 mas 2006, kèk minit sèlman aprè Prezidan an te fin pale ak nasyon an, plizyè santèn jèn te reyini sou sèten gwo plas piblik an Frans pou pwoteste kont atitid Jacques Chirac ki, dapre yo, pa reponn revandikasyon yo.
Ayè dimanch 2 avril la, te gen on lòt gwo kokenn chenn manifestasyon sou plas LaRepiblik, nan vil Pari. Anpil atis ak gwoup chante devan plizyè milye moun ki te reyini pou rele anmwe dèyè lwa sou imigrasyon minis enteryè a, Nicolas Sarkozy, deside fè pase nan palman an.
Lwa sa a prevwa Lafrans pral chwazi pa konngout, selon sektè ki manke bra nan peyi a, ki kalite moun ki dwe antre sou teritwa a. Plis pase 100 asosyasyon mete ansanm pou batay kont pwojè sa a. Yo ba li on ti non jwèt an fransè « Immigration jetable », ki vle di moun vini lafrans deside pouse do apre l fin sèvi ak fòs kouray yo.
Se plizyè sektè diferan ki ap rele dèyè Gouvènman an pou plizyè rezon diferan. Men, pi gwo dosye koulye a rete sa nou rele « Kontra Premyè Djòb la » ki rive paralize plizyè lise ak inivèsite an Frans. Alèkile, tout moun gen je yo fikse sou jounen madi 4 avril 2006 la.
Pandan tout wikenn nan, asosyasyon, pati politik ak sendika yo te reyini, ap prepare mouvman madi a, nan chache jwenn eslogan pou manifestasyon yo.
Lòt gwo dosye òganizatè mouvman yo vle jere, se zafè sekirite a. Chak fwa yo pran lari, se toujou anba gwo lese frape avèk lapolis. Anplis, toujou gen on seri moun ki pwofite manifestasyon yo pou vòlè bous, vòlè telefòn selilè epi kraze brize vit magazen.
Madi 4 avril la, se dènye jounen mobilizasyon ki prevwa sou tout peyi a, anvan vakans pak yo an Frans. Anpil moun ki pre Gouvènman osnon ki ap kore Kontra Premyè Djòb la espere vakans la ap kase fe mouvman sosyal la.
An atandan, nou konstate mouvman sosyal sa a sou wout pou pran on koulè politik.
Nan dènye gwo jounen mobilizasyon an, madi 28 mas pase, anpil manifestan pa t sispann di yo bouke ak ekip an plas la.
Se pou lane 2007 va gen eleksyon pou prezidan ak pou palmantè an Frans. [wa rc 3/04/2006 16 :00]