Paris, 31 mas 2006 [AlterPresse] --- Prezidan Jacques Chirac deside kenbe lwa sou Kontra Premyè Djòb la (Contrat Première Embauche : CPE). Prezidan fransè a di : Palman an vote pwojè-lwa a, Konsèy Konstitisyonèl la di lwa a pa an dezakò ak konstitisyon an, li menm bò kote pal, li ap pibliye li kòm sa dwa.
Men anvan, Chef Leta a, pou kalme presyon lari a, mande gouvènman an pote 2 chanjman nan lwa sa. Dabò, peryòd 2 zan an sipoze redwi a on lane. Sa vle di, se pandan 12 mwa, on patwon dwe swiv on jèn nan yon antrepriz pou konnen si li ap kenbe l osnon si li ap voye ale. Aprè peryòd sa, jèn anplwaye a dwe gen sa yo rele an Frans on « CDI », on kontra ki pap gen fen.
Dezyèm chanjman an se nan nivo rezon revokasyon an. Chèf Leta a mande gouvènman an pou ajoute nan lwa a « patwon yo dwe bay rezon ki fè yo mete bout nan kontra a, menm si se pandan peryòd 12 mwa a ».
2 chanjman sa yo pa kalme lespri etidyan ak sendika ki pa dakò ak CPE a. Daprè Bruno Julliard, Prezidan UNEF, pi gwo asosyasyon etidyan an Frans, yo te mande Prezidan an retire lwa a men yo pat mande l chanje l.
Poutèt sa, yo deside kenbe mobilizasyon an. E yo pa chanje modòd grèv ak manifestasyon yo te prevwa pou madi 4 avril la.
Pandan dènye jounen mobilizasyon jeneral la, apeprè 3 milyon moun te pran lari nan tout Lafrans. Manifestasyon sa yo toujou fèt ak gwo twoke kòn ant lapolis ak manifestan.
Depi ayè jedi a, aprè konsèy konstitisyonèl la fin bay Gouvènman an rezon, gwoup ki kont CPE a bay mouvman an on lòt dimansyon. Yo mache manifeste, tigwoup pa tigwoup, nan estasyon tren ak sou ray tren yo menm. Sa ki paralize sikilasyon nan anpil gwo estasyon tren an Frans. Ayè jedi a, estasyon nan vil Marseille te bloke pandan plizyè èd tan. Se te menm sitiyasyon an jodi a sou rezo ki relye zòn nò ak sid vil Paris.
Jodi vandredi a fè egzakteman 3 semèn depi Panthéon-Sorbonne bloke. Se la yo fè pifò kou pou etidyan dezyèm ak twazyèm sik inivèsite Paris 1, Paris 3, Paris 4 ak Paris 5. Se menm sitiyasyon an pou apeprè 50 nan 80 inivèsite ki genyen nan tout peyi a. [Weibert Arthus - apr 31/03/2006 15:00]